Revelation 11
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Answit, yo te ban mwen yon gòl pou mezire tankou yon baton, e youn te di: “Leve pou mezire tanp Bondye a, lotèl la ak sila ki adore ladann yo. 2Kite gran lakou ki deyò tanp lan. Pa mezire l, paske li te bay a nasyon yo. Konsa, yo va foule vil sen an anba pye yo pandan karann-de mwa.
3“Mwen va bay otorite a de temwen mwen yo, e yo va pwofetize pandan mil-de-san-swasant jou abiye avèk twal sak.” 4Sa yo se de pye doliv ak de chandelye ki kanpe devan Senyè latè a. 5Si yon moun vle fè yo mal, dife va sòti nan bouch yo pou devore lènmi yo. Donk si yon moun vle fè yo mal, li dwe vin touye nan fason sa a. 6Sa yo gen pouvwa pou fèmen syèl la pou lapli pa tonbe pandan jou pwofesi yo a. Yo gen pouvwa sou dlo pou fè yo tounen san, e pou frape latè avèk tout kalite fleyo, nenpòt lè yo ta vle. 7Lè yo fini temwayaj yo, bèt ki sòti nan labim nan va fè lagè avèk yo e venk yo pou touye yo. 8Konsa, kadav yo va rete nan lari gran vil ki nan lespri a yo rele Sodome e Égypte la, kote osi Senyè yo a te krisifye a.
9Sila ki soti nan pèp yo, tribi yo, lang ak nasyon yo va gade kadav pa yo pandan twa jou edmi, e li p ap pèmèt pou kadav yo mete nan tonbo. 10Epi sila ki rete sou latè yo va rejwi sou yo, e fete. Yo va voye kado bay youn lòt, paske de pwofèt sa yo te toumante sila ki rete sou latè yo.
11Men apre twa jou edmi yo, souf lavi soti nan Bondye te vini sou yo, yo te kanpe sou pye yo, e gwo laperèz te vin tonbe sou tout sila ki t ap gade yo. 12Epi yo te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di yo: “Vin monte isit la.” Konsa yo te monte nan syèl la nan nwaj la, e menm lènmi yo te gade yo.
13Epi nan lè sa a, te gen yon gwo tranbleman detè, e yon dizyèm pati nan vil la te tonbe. Sèt-mil moun te mouri nan tranbleman detè a, e rès moun yo te vin ranpli avèk laperèz e te bay glwa a Bondye syèl la.
14Dezyèm malè a gen tan pase. Gade byen, twazyèm malè a ap vini byen vit.
15Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”
16Venn-kat ansyen yo, ki chita sou twòn pa yo devan Bondye, te tonbe sou figi yo pou adore Bondye. 17E yo t ap di: “Nou ba Ou remèsiman, O Senyè, Bondye, Toupwisan an, ki la e ki te la, paske Ou te pran pwisans ou a, e ou te kòmanse renye.
18“Nasyon yo te vin anraje e kòlè Ou te vin parèt. Lè a te vin rive pou mò yo vin jije e pou rekonpanse sèvitè Ou yo, pwofèt yo, sen yo, ak sila ki gen lakrent pou non Ou yo, piti kou gran, e pou detwi sila ki detwi latè yo.”
19Epi tanp Bondye ki nan syèl la te vin louvri e lach akò Li a te parèt nan tanp Li a. Konsa, te gen kout eklè, bri, gwo kout tonnè, yon tranbleman detè, ak gwo tanpèt lagrèl.

Did you know?
The Two Witnesses and the Great City
- Revelation 11 says that the bodies of the two witnesses will lie in the street of the great city, figuratively called Sodom and Egypt, where their Lord was also crucified. A dictionary entry explains Sodom as Burning, or the walled, a city destroyed by fire from heaven because of its inhabitants' wickedness, a destruction that Scripture frequently recalls. Egypt, the land of the Nile and the pyramids, is likewise described as holding great significance in Scripture.Sources: the Bible text itself
- The two witnesses are empowered to prophesy for 1,260 days, clothed in sackcloth. They are the two olive trees and the two lampstands that stand before the Lord of the earth, and they have power to shut the sky so that no rain falls, to turn the waters into blood, and to strike the earth with every kind of plague.Sources: the Bible text itself
- When the two witnesses finish their testimony, the beast that comes up from the Abyss overpowers and kills them. For three and a half days, peoples, tribes, tongues, and nations view their bodies and will not permit them to be laid in a tomb, while the earth's inhabitants gloat over them, celebrate, and send one another gifts, because the two prophets had tormented them. After that, the breath of life from God enters them; they stand on their feet and go up to heaven in a cloud as their enemies watch.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org