Nations Bible

Psalms 83

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

Yon Chan. Yon Sòm Asaph

1O Bondye, pa rete an silans.

Pa fè silans, O Bondye.

Pa rete trankil.

2Paske gade byen, lènmi Ou yo ap fè zen.

Sila ki rayi Ou yo leve tèt yo byen wo.

3Yo fè plan malen kont pèp Ou a.

Yo fè konplo ansanm kont sila ki se trezò Ou.

4Yo te di: “Vini, annou disparèt yo nèt kon nasyon,

pou non Israël la pa sonje ankò menm.”

5Paske yo te fè konplo ansanm ak yon sèl panse.

Kont Ou menm, yo fè yon akò.

6Tant a Édom avèk Izmayelit yo, Moab ak Agarenyen yo,

7Guebal, Ammon, Amalek, Filisten yo avèk pèp Tyr yo;

8Anplis, Asiryen yo te vin jwenn ansanm avèk yo,

yo te prete lamen a pitit a Lot yo. Tan

9Aji avèk yo tankou Madian,

tankou avèk Sisera ak Jabin nan ravin Kison an!

10Ki te fin detwi nan En-Dor,

ki te vin tankou fimye sou latè.

11Fè tout chèf yo tankou Oreb avèk Zeeb

e tout prens yo tankou Zébach avèk Tsalmunna,

12Ki te di: “Annou vin posede patiraj Bondye yo pou kont nou.”

13O Bondye mwen, fè yo tankou pousyè toubiyon!

Tankou pay devan van!

14Tankou dife ki brile forè a, ak flanm ki

limen nan tout mòn nan pou yo brile nèt.

15Konsa, kouri dèyè yo avèk tanpèt Ou

e teworize yo ak gwo siklòn Ou.

16Plen figi yo ak gwo wont,

pou yo kab chache non pa Ou, O SENYÈ.

17Kite yo vin wont e dekouraje jis pou tout tan.

Wi, kite yo imilye e peri,

18pou yo kapab konnen ke se Ou menm sèl

ki pote non “Bondye”, Pi Wo sou tout tè a.

Did you know?

Prayer Against a Hostile Alliance

  • Psalm 83 is the final psalm in the collection of twelve (Psalms 50 and 73–83) attributed to Asaph, a Levite musician and choir leader during the time of David.Sources: Asaph (Levite) · the Bible text itself
  • The psalm describes a confederacy of hostile nations plotting against Israel, naming regional neighbors such as Edom, Moab, Ammon, and Amalek alongside Phoenician coastal cities like Gebal and Tyre, as well as Assyria.Sources: the Bible text itself · Gebal · Tyre · Edom
  • To appeal for divine help, the author recalls prominent victories from the era of the Judges, including the defeat of the Canaanite commander Sisera and King Jabin at the River Kishon, and Gideon's triumph over the Midianite leaders Oreb, Zeeb, Zebah, and Zalmunna.Sources: the Bible text itself · Sisera (army captain) · Jabin (king of Hazor) · Oreb

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Edom · 30.746, 35.604 · verse 6
  • Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verse 6
  • Amalek · 30.648, 34.422 · verse 7
  • Ammon · 31.955, 35.934 · verse 7
  • Philistia · 31.664, 34.546 · verse 7
  • Tyre · 33.271, 35.196 · verse 7
  • Asshur · Today: Assur · 35.457, 43.263 · verse 8
  • Midian · 28.495, 35.012 · verse 9

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.