Nations Bible

Psalms 79

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

Yon Sòm Asaph

1O Bondye, nasyon yo te anvayi eritaj Ou a.

Yo te souye sen tanp Ou an.

Yo te fè Jérusalem kouche nan yon pil ranblè.

2Yo te bay kadav sèvitè Ou yo kon manje pou zwazo syèl yo.

Chè a fidèl Ou yo, yo fin bay a bèt latè yo.

3Yo te vide san yo tankou dlo toupatou Jérusalem.

Pa t genyen moun ki pou antere yo.

4Nou gen tan vin yon repwòch pou vwazen nou yo,

Yon rizib ak yon betiz pou sila ki antoure nou yo.

5Jiskilè, O SENYÈ?

Èske Ou va rete fache nèt?

Èske jalouzi Ou va brile tankou dife tout tan?

6Vide kòlè Ou sou nasyon ki pa rekonèt Ou yo,

ak sou wayòm yo ki pa rele non Ou yo.

7Paske yo te devore Jacob.

Yo te devaste abitasyon Li an.

8Pa sonje inikite a papa zansèt nou yo pou kenbe kont nou.

Kite mizerikòd Ou vini vit rankontre nou,

paske nou fin rive ba nèt.

9Fè nou sekou, O Bondye sali nou an, pou glwa a non Ou.

Delivre nou e padone peche nou yo, pou koz a non Ou.

10Poukisa nasyon yo ta di: “Kote Bondye yo ye?”

Kite li vin rekonèt pami nasyon yo devan zye nou,

ke vanjans pou san sèvitè Ou yo ap vèse.

11Kite vwa prizonye k ap plenyen yo rive devan Ou.

Selon grandè fòs Ou, prezève sila ki kondane a lamò.

12Fè remèt a vwazen nou yo, sèt fwa

antre nan vant yo, repwòch avèk sila

yo te repwoche Ou a, O SENYÈ.

13Konsa nou menm, pèp Ou a,

ak mouton a patiraj Ou a,

Va bay Ou remèsiman jis pou tout tan.

A tout jenerasyon yo, nou va pale lwanj Ou.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

A Lament over the Destruction of Jerusalem

  • Psalm 79 is titled a psalm of Asaph, placing it among a collection of psalms (Psalms 50 and 73–83) associated with the Levite musician and seer Asaph. In the biblical record, the title may also refer to the sons of Asaph, a recognized guild of temple singers and poets.Sources: Asaph (Levite) · the Bible text itself
  • The psalm laments the defilement of the holy temple, the destruction of Jerusalem into rubble, and the unburied bodies left throughout the city. Jerusalem, known as the holy city and a mountain fastness, is portrayed here as having suffered devastating invasion by surrounding nations.Sources: Jerusalem · the Bible text itself
  • The poem calls upon God for help because foreign nations have devoured Jacob and devastated his homeland. In biblical tradition, the name of the patriarch Jacob is frequently used as a poetic collective term for his descendants and their shared homeland.Sources: Jacob (Israel) · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 3

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.