Psalms 69
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
Pou direktè koral la. Sou melodi “Lis Yo”. Yon Sòm David.
1Sove mwen, O Bondye,
paske dlo yo fin monte jis nan kou m!
2Mwen desann fon nan labou.
Nanpwen plas pou pye m kenbe.
Mwen fin rive nan dlo fon yo,
e yon gwo inondasyon ap debòde sou mwen.
3Mwen fatige nèt ak kriye mwen an.
Gòj mwen sèk nèt.
Zye m varye pandan mwen
ap tann Bondye mwen an.
4Sila ki rayi mwen san koz yo plis pase cheve sou tèt mwen.
Sila ki ta detwi mwen yo pwisan e san rezon, yo fè lènmi avè m.
Sa ke m pa t janm vòlè, mwen oblije remèt li.
5O Bondye, Ou konnen foli mwen.
Koupabilite mwen pa kache devan Ou.
6Pa kite sila k ap tann Ou yo vin wont akoz mwen,
O Senyè BONDYE dèzame yo.
Pa kite yo vin dezonore akoz mwen menm, O Bondye Israël la.
7Paske pou koz Ou, mwen te pote repwòch.
Dezonè fin kouvri figi mwen.
8Mwen vin izole de frè m yo,
tankou yon etranje de fis a manman m yo.
9Epi akoz zèl mwen gen pou lakay Ou, yo manje m nèt.
Repwòch a sila ki te repwoche Ou yo te vin tonbe sou mwen.
10Lè mwen te kriye nan nanm mwen, e te fè jèn,
sa te vin yon repwòch pou mwen.
11Lè m te fè twal sak sèvi kon rad mwen,
mwen te vin yon vye pawòl,
yon rizib pou yo menm.
12Sila ki chita nan pòtay yo pale afè mwen,
e moun sòt yo fè chan sou mwen.
13Men pou mwen, priyè mwen se a Ou menm, O SENYÈ,
nan yon lè ki bon,
nan grandè lanmou dous Ou a.
Reponn mwen avèk sali verite Ou a.
14Delivre mwen sòti nan labou a.
Pa kite mwen fonse nèt ladann.
Kite m delivre de sa yo ki rayi mwen yo, ak nan fon dlo yo.
15Pa kite inondasyon dlo yo vin anvayi mwen,
ni fon an vale m,
ni fòs la fèmen bouch li sou mwen.
16Reponn mwen, O SENYÈ, paske lanmou dous Ou a bon;
Selon grandè a mizerikòd Ou, vire kote mwen.
17Pa kache figi Ou de sèvitè Ou a,
paske mwen nan gwo pwoblèm.
Reponn mwen vit.
18Rale nanm mwen pre. Rachte l!
Rachte mwen akoz lènmi mwen yo!
19Ou konnen repwòch mwen, wont mwen, avèk dezonè mwen an.
Tout advèsè mwen yo devan Ou.
20Repwòch fin kraze kè m.
Mwen vin ba nèt.
Mwen te chache pitye, men pa t genyen;
kondoleyans, men nanpwen.
21Anplis, yo te ban mwen fyèl kon manje ak vinèg pou swaf mwen.
22Ke tab devan yo devni yon pèlen.
Lè yo nan tan lapè, kite li tounen yon pyèj.
23Ke zye yo vin twouble pou yo pa kab wè.
Ke do yo koube nèt.
24Vide kòlè Ou sou yo.
Ke fachèz kòlè Ou ki brile ka vini sou yo.
25Pou kan yo kapab dezole.
Pou pa gen moun ki rete ankò nan tant yo.
26Paske yo te pèsekite sila ke Ou menm te blese a.
Yo pale sou doulè a sila ke Ou menm te blese yo.
27Ogmante inikite sou inikite yo.
Ni pa kite yo antre nan ladwati Ou.
28Ke yo kapab efase soti nan liv lavi a.
Pou yo pa vin anrejistre nan achiv ak moun ladwati yo.
29Men mwen aflije e mwen nan doulè.
Ke delivrans Ou, O Bondye kapab plase mwen an sekirite an wo.
30Mwen va louwe non Bondye avèk chan yo,
epi leve Li wo avèk remèsiman.
31Se sa k ap fè kè SENYÈ kontan plis pase yon bèf,
ni pase yon jenn towo avèk kòn ak zago.
32Enb yo te wè sa e yo kontan.
Nou menm ki chache Bondye, kite kè nou reprann fòs.
33Paske SENYÈ a tande malere yo,
e Li pa meprize moun pa L ki prizonye yo.
34Kite syèl la avèk tè a louwe Li,
lanmè yo avèk tout sa ki fè mouvman ladann yo.
35Paske Bondye va delivre Sion e bati vil Juda yo,
pou yo kab rete la e posede li.
36Desandan a sèvitè Li yo va eritye li.
Sila ki renmen non Li yo va rete ladann.

Did you know?
A Cry from Deep Waters
- Psalm 69 employs vivid metaphors of drowning in deep waters and sinking into bottomless mud to depict overwhelming distress and the pressure of unprovoked enemies.Sources: the Bible text itself
- The speaker describes profound social alienation, noting that his fasting and wearing of sackcloth made him an object of public ridicule among those sitting at the city gate and the subject of drinking songs.Sources: the Bible text itself
- The psalm concludes with hope for restoration, anticipating that God will save Zion—the southeastern hill of Jerusalem—and rebuild the cities of Judah for His servants to inhabit.Sources: Zion · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 35
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org