Nations Bible

Psalms 50

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

Yon Sòm Asaph

1Sila Ki Pwisan Nèt la, Bondye, SENYÈ a, fin pale.

Li rele lemonn lan soti nan leve solèy la

jis rive nan kote li kouche a.

2Soti nan Sion, bèlte pafè a,

Bondye fè limyè Li parèt.

3Bondye nou vin parèt.

Li pa rete an silans.

Dife devore devan L, e tanpèt yo antoure L.

4Li rele tout syèl yo anwo,

avèk latè pou jije pèp Li a:

5“Rasanble fidèl Mwen yo kote M,

Sila ki te fè yon akò sakrifis yo avè M.

6Epi syèl yo deklare ladwati Li,

paske Bondye, Li menm, se Jij. Tan

7“Koute O pèp Mwen an e Mwen va pale.

O Israël, Mwen va fè temwayaj kont ou.

Mwen se Bondye, Bondye pa ou a.

8Mwen pa repwoche ou pou sakrifis ou yo.

Ofrann brile nou yo devan m tout tan.

9Mwen pa bezwen okenn jenn towo sòti lakay ou,

Ni mal kabrit ki sòti nan pak ou yo.

10Paske tout bèt nan forè yo se pou mwen,

ak tout bèt domestik sou mil kolin yo.

11Mwen konnen tout zwazo nan mòn yo.

Tout sa ki fè mouvman nan chan yo se pou Mwen.

12Si mwen te grangou, mwen pa t ap di ou sa,

paske tout mond lan se pou Mwen, avèk tout sa ki ladann.

13Èske m ta manje chè towo yo,

oswa bwè san a mal kabrit yo?

14Ofri a Bondye yon sakrifis remèsiman

e peye ve ou yo a Pi Wo a.

15Rele Mwen nan jou twoub la.

Mwen va delivre ou e ou va onore M.”

16Men a mechan yo Bondye di:

“Ki dwa ou genyen pou pale sou règleman Mwen yo,

pou pran akò Mwen an nan bouch ou?

17Paske ou rayi disiplin, e jete pawòl Mwen yo dèyè w.

18Lè ou wè yon vòlè, ou vin dakò avè l,

epi ou asosye ou avèk moun adiltè yo.

19Ou lage bouch ou nèt nan mechanste.

Lang ou fè ankadreman pou manti.

20Ou chita pale kont frè ou.

Ou fè kout lang fò kont pwòp pitit manman ou.

21Bagay sa yo, ou te fè yo,

e Mwen pa t di yon mo.

Ou te konprann ke M te menm jan ak ou.

Mwen va repwoche ou

e pale ka a an lòd devan zye ou.

22Alò, konsidere sa, nou menm ki bliye Bondye,

oswa, Mwen va chire nou an mòso,

e p ap gen pèsòn ki pou sove nou.

23Sila ki ofri yon sakrifis remèsiman onore M,

epi a sila ki fè chemen li dwat la,

Mwen va montre li sali Bondye a.”

Did you know?

True Worship and Divine Judgment

  • Psalm 50 addresses the purpose of animal sacrifice in ancient Israel. The text emphasizes that God does not rely on offerings of bulls or goats for sustenance, since all creation belongs to Him, but instead calls for genuine thanksgiving, fulfillment of vows, and ethical obedience.Sources: the Bible text itself
  • The psalm depicts God speaking from Zion, the hill in Jerusalem where David established his citadel. Zion is described as perfect in beauty, serving as the place from which God summons the heavens and the earth.Sources: Zion · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 2

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.