Psalms 46
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson
1Bondye se pwotèj nou ak fòs nou,
yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.
2Pou sa, nou p ap pè anyen, malgre latè
ta chanje e malgre mòn yo
ta chape antre nan fon lanmè.
3Malgre dlo li yo ta fè laraj e kimen,
malgre mòn yo souke nan anfle ak ògèy yo. Tan
4Genyen yon rivyè ak flèv li yo
ki fè kè vil Bondye a kontan;
lye sen a kote Pi Wo a demere a.
5Bondye nan mitan li. Li p ap deplase menm.
Bondye va ede li vin parèt nan maten.
6Nasyon yo te fè gwo boulvèsman.
Wayòm yo te souke.
Li te leve vwa l e latè te fonn.
7SENYÈ dèzame yo avèk nou.
Bondye Jacob la se sitadèl nou.
8Vini, gade byen zèv a SENYÈ yo
ki gwo dega Li fè nan tout latè.
9Li fè lagè yo sispann jis rive nan ekstremite latè.
Li kase banza a, e koupe lans lan an de bout.
Li brile cha yo avèk dife.
10“Kanpe la e konnen ke se Mwen menm ki Bondye.
Mwen va leve wo pami nasyon yo.
Mwen va leve wo sou tè a.”
11SENYÈ dèzame yo avèk nou.
Bondye Jacob la se sitadèl nou. Tan
Did you know?
God Our Refuge and Fortress
- The superscription identifies this song as belonging to the sons of Korah and directs it to the choirmaster according to Alamoth.Sources: the Bible text itself
- The poem contrasts chaotic upheavals—such as mountains collapsing into roaring seas and kingdoms crumbling—with the peace of a river whose streams bring joy to the city of God.Sources: the Bible text itself
- A central theme of the psalm is the cessation of conflict, depicting God ending warfare across the earth by shattering bows, breaking spears, and burning shields.Sources: the Bible text itself · Jacob (Israel)
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org