Psalms 44
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
Pou direktè koral la; Yon Sòm refleksyon pa fis a Koré yo
1O Bondye, nou te tande avèk zòrèy nou.
Zansèt nou yo te pale nou
travay ke Ou te fè nan jou pa yo,
nan jou ansyen yo.
2Ou menm, avèk pwòp men Ou,
Ou te chase mete nasyon yo deyò,
men Ou te plante yo.
Ou te foule yo anba. Ou te aflije yo,
Ou te gaye yo toupatou.
3Konsa, se pa ak pwòp nepe pa yo ke yo te posede peyi a,
ni se pa pwòp bra yo ki te sove yo,
men se men dwat Ou avèk bra Ou,
ak limyè prezans Ou an,
akoz Ou te bay yo favè.
4Se Ou menm ki Wa m, O Bondye.
Òdone viktwa pou Jacob.
5Ak pouvwa Ou menm, nou va pouse fè advèsè nou fè bak;
Nan non Ou, nou va pile fè desann
sila ki leve kont nou yo.
6Paske mwen p ap mete konfyans nan banza mwen,
ni se pa nepe m k ap sove mwen.
7Men Ou te sove nou kont advèsè nou yo,
Epi Ou te fè tout sila ki rayi nou yo wont.
8Nan Bondye, nou te louwe tout lajounen.
Nou va bay remèsiman a non Ou jis pou tout tan.
9Alò, koulye a, Ou rejte nou,
e mennen nou nan gwo wont.
Ou pa sòti ankò avèk lame nou yo.
10Ou fè nou vire fè bak devan advèsè a,
epi sila ki rayi nou yo fè piyaj pou kont yo.
11Ou te fè nou kon mouton,
tankou mouton ki te livre pou manje,
epi te gaye nou pami nasyon yo.
12Ou vann pèp Ou bon mache e Ou pa fè pwofi nan vant lan.
13Ou fè nou repwòche devan vwazen nou yo,
yon objè ki moke e giyonnen pa sila ki antoure nou yo.
14Ou fè nou tounen yon vye mò pami nasyon yo,
Yon rizib ki fè moun ri pami pèp yo.
15Tout lajounen dezonè sa a rete la devan m,
epi imilyasyon mwen kraze m nèt.
16Akoz vwa a sila ki fè m repwòch e ki meprize mwen,
akoz prezans lènmi an avèk vanjè a.
17Tout sa gen tan rive sou nou,
men nou pa te bliye Ou,
ni nou pa t aji nan manti selon akò Ou a.
18Kè nou pa t vire fè bak, ni pa nou yo
pa t varye soti nan chemen Ou.
19Malgre, Ou te kraze nou nan landwa chen mawon yo,
e te kouvri nou avèk lonbraj lanmò a.
20Si nou te bliye non a Bondye nou an,
oswa lonje men nou vè yon lòt dye etranje,
21èske Bondye pa ta dekouvri sa a?
Paske Li konnen tout sekrè a kè yo.
22Men pou lakoz a Ou menm, nou vin touye tout lajounen.
Nou konsidere tankou mouton k ap rive labatwa.
23Leve Ou menm! Poukisa Ou ap dòmi, O SENYÈ?
Leve nan dòmi! Pa rejte nou nèt.
24Poukisa Ou kache figi Ou e bliye ke n ap soufri e oprime?
25Paske nanm nou te neye jis rive nan pousyè.
Kò nou kole jis rive atè.
26Leve monte! Bannou sekou!
Rachte nou pou koz
lanmou dous Ou a.

Did you know?
A Community Lament in Time of Defeat
- Psalm 44 is introduced as a Maskil of the sons of Korah, a Levite family associated with temple music and liturgy, descending from the Levite Korah mentioned in Exodus and Numbers.Sources: the Bible text itself · Korah (Levite)
- Unlike many biblical laments that connect national disaster to idolatry, the community in Psalm 44 insists on its loyalty, declaring that they have neither forgotten God nor betrayed His covenant.Sources: the Bible text itself
- The psalm contrasts ancestral traditions of God establishing Israel in the land with a painful present reality of military defeat, scattering among the nations, and being treated like sheep destined for slaughter.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org