Psalms 39
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
Pou direktè koral la. Pou Jeduthyèn. Yon Sòm David
1Mwen te di, mwen va veye chemen mwen,
pou m pa fè peche ak lang mwen.
Mwen va veye bouch mwen,
konsi li gen yon brid ladann
toutotan mechan yo rete nan prezans mwen.
2Mwen te tankou bèbè e mwen te rete an silans.
Mwen te evite menm sa ki ta kab bon.
Konsa, tristès mwen te vin pi mal.
3Kè m te cho anndan m.
Pandan mwen t ap reflechi dife a t ap brile.
Konsa, mwen te pale ak lang mwen:
4SENYÈ, fè m konnen longè a jou mwen yo.
Fè m konnen ke m fèb anpil.
5Gade byen, Ou te fè jou mwen yo kontwole
tankou lajè a men m ki louvri.
Lavi mwen konsi li pa anyen devan zye Ou.
Anverite, lavi chak moun, se yon sèl grenn souf.
6Anverite, tout moun mache toupatou tankou yon lonbraj.
Anverite, yo fè gwo zen pou ryen.
Li ranmase byen yo, men l pa konnen kilès k ap rasanble yo.
7Konsa, SENYÈ, kisa m ap tann nan?
Espwa m se nan Ou.
8Delivre mwen de tout transgresyon mwen yo.
Pa fè m repwòch a moun san sajès yo.
9Mwen tounen tibebe.
Mwen pa ouvri bouch mwen,
akoz se Ou ki te fè sa.
10Rete touman Ou sou mwen.
Kou men Ou venk mwen.
M ap peri.
11Avèk repwòch, Ou fè chatiman
a yon nonm pou inikite li.
Ou manje tankou mit nan rad sa ki konsidere
pi chè pou li menm nan.
Anverite, tout moun se sèlman yon souf.
12Tande lapriyè mwen, O SENYÈ e
prete zòrèy Ou a kri mwen.
Pa rete an silans lè dlo ap koule nan zye m.
Paske mwen se yon etranje devan Ou,
yon vwayajè tankou tout papa zansèt mwen yo.
13Vire rega figi Ou lwen m, pou m kab ri ankò,
avan ke m mouri pou m pa la ankò.”

Did you know?
The Frailty and Fleeting Nature of Human Life
- The superscription dedicates this composition to the choirmaster and to Jeduthun, attributing the prayer to David.Sources: the Bible text itself · David
- The psalm illustrates the brevity of human existence by describing human life as merely a handbreadth—an ancient unit of measurement based on the width of the palm—and as a passing breath or shadow.Sources: the Bible text itself
- The speaker identifies as a foreigner and a temporary guest dwelling with God, reflecting an attitude of complete dependence on divine mercy and hospitality.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org