Psalms 34
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
Yon Sòm David lè l te parèt tankou moun fou devan Abimélec ki te pouse l ale, epi konsa, li te pati.
1Mwen va beni SENYÈ a nan tout tan.
Lwanj Li va toujou nan bouch mwen.
2Nanm mwen va fè glwa li nan SENYÈ a.
Enb yo va tande l, e yo va rejwi.
3O leve SENYÈ a byen wo avè m.
Annou leve non L wo ansanm.
4Mwen te chache SENYÈ a e Li te reponn mwen,
epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo.
5Yo te gade vè Li, e te vin ranpli ak limyè.
Figi yo p ap janm wont.
6Malere sila a te rele, e SENYÈ a te tande li,
epi te sove li sòti nan tout twoub li yo.
7Zanj SENYÈ a fè kan antoure sila ki krent Li yo,
epi li sove yo nan gwo twoub.
8O goute e wè ke Bondye bon.
A la beni nonm ki kache nan Li a beni!
9Krent SENYÈ a, O nou menm ki sen Li yo.
Pou sila ki krent Li yo, anyen pa manke.
10Jenn ti lyon yo konn manke manje e soufri grangou,
men sila ki chache SENYÈ yo,
p ap manke okenn bon bagay.
11Vini, pitit, koute mwen.
Mwen va enstwi ou nan lakrent SENYÈ a.
12Se ki moun ki dezire lavi, e renmen
jou li yo pou li kapab wè sa ki bon?
13Kenbe lang ou apa de sa ki mal,
e lèv ou pou pa bay manti.
14Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon.
Chache lapè e fè efò pou twouve li.
15Zye a SENYÈ a sou sila ki dwat yo.
Zòrèy Li koute kri yo.
16Figi SENYÈ a kont malfektè yo,
pou efase memwa yo sou tè a.
17Moun dwat kriye.
SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.
18SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,
epi sove sila ki kraze nan lespri yo.
19Anpil, se afliksyon a moun dwat la,
men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.
20Li konsève tout zo li yo.
Pa menm youn nan yo va kase.
21Se mechanste ki va touye mechan an.
Sila ki rayi moun ladwati yo va kondane.
22SENYÈ a rachte nanm a sèvitè Li yo.
P ap gen nan sila ki kache nan Li yo
k ap kondane.
Did you know?
A Song of Deliverance and Wisdom
- The psalm's heading connects it to an episode where David feigned insanity before a ruler named Abimelech in order to escape danger, framing the entire composition as a hymn of thanksgiving for rescue.Sources: the Bible text itself
- The poem shifts from personal thanksgiving to wisdom instruction, where the speaker invites hearers like a teacher addressing children to learn how speech, peaceable conduct, and reverence for God lead to a good life.Sources: the Bible text itself
- Rather than promising immunity from hardship, the psalm acknowledges that the righteous experience many afflictions, emphasizing that God stays close to the brokenhearted and contrite.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org