Psalms 21
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
Pou direktè koral la; Yon sòm David
1O SENYÈ, nan fòs Ou, Wa a va fè kè kontan.
Nan delivrans Ou, ki gran rejwisans li va gen!
2Ou te bay li dezi a kè li,
ni Ou pa t refize demand a lèv li yo.
3Paske Ou te vin rankontre Li avèk
benediksyon de tout bon bagay.
Ou te mete yon kouwòn sou tèt li.
4Li te mande Ou lavi e Ou te bay li.
Yon vi ki long ak jou k ap dire
jis pou tout tan.
5Glwa li gran nan sali pa Ou.
Onè ak majeste Ou te mete sou li.
6Paske Ou te fè li beni pase tout moun, jis pou tout tan;
Ou te fè li plen ak lajwa avèk kè kontan nan prezans Ou.
7Paske wa a mete konfyans li nan SENYÈ a.
Epi akoz lanmou dous a Pi Wo a,
Li p ap ebranle menm.
8Men ou va dekouvri tout lènmi ou yo.
Men dwat ou va jwenn sila ki rayi ou yo.
9Ou va fè yo tankou yon founo k ap brile nan tan kòlè ou.
SENYÈ a va vale yo nèt nan kòlè Li,
epi dife va devore yo.
10Ou va detwi posterite pa yo soti sou latè,
epi desandan yo ap disparèt pami fis a lòm yo.
11Malgre yo te anvizaje mal kont Ou,
e te fòme yon konplo,
yo p ap reyisi.
12Paske Ou va fè yo vire do yo.
Ou va pwente banza sou figi yo
ak bon kontwòl.
13Ke Ou leve wo, O SENYÈ,
ak tout fòs Ou!
Nou va chante e bay lwanj a pwisans Ou.

Did you know?
Thanksgiving for the King
- The psalm is attributed to David and dedicated to the choirmaster. It includes the Hebrew musical or liturgical term "Selah" after recounting that the request of the king's lips was granted.Sources: the Bible text itself
- The text uses royal imagery, including a crown of pure gold, splendor, and majesty, to celebrate divine blessings and protection. It emphasizes that the king will remain unshaken because of his trust in the Most High.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org