Psalms 19
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
Pou direktè koral la; yon sòm David
1Syèl yo ap pale glwa Bondye a.
Jan yo tèlman gran deklare zèv men Li yo.
2Jou apre jou, l ap pale san rete;
Nwit apre nwit, li revele konesans.
3Nanpwen langaj, ni pa gen pawòl
kote nou pa tande vwa yo.
4Sepandan, eko yo retanti sou tout latè,
ak sa yo pale jis nan ekstremite latè a.
Nan mitan yo, Li te plase yon tant pou solèy la,
5ki tankou yon jennonm ki fenk marye
k ap sòti nan chanm li.
Li rejwi kon yon nonm fò k ap fè kous.
6Li leve soti nan yon pwent syèl,
pou fè wonn li rive jis nan lòt pwent lan.
Anyen pa chape devan chalè li.
7Lalwa SENYÈ a pafè
Li rekonfòte nanm.
Temwayaj SENYÈ a vrè,
k ap fè saj yo senp.
8Prensip a SENYÈ yo dwat,
ki fè kè rejwi.
Kòmandman SENYÈ a san tach.
Li fè zye yo limen.
9Lakrent SENYÈ a pi;
Li dire jis pou tout tan.
Jijman SENYÈ yo vrè;
Yo jis san manke.
10Yo pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen.
Yo pi dous pase myèl, pase siwo a
ki tonbe nan gato myèl la.
11Anplis, se pa yo menm ke sèvitè Ou a
resevwa avètisman pou fè atansyon.
Pou sila ki kenbe yo, gen gran rekonpans.
12Se kilès ki kab rekonèt fot li?
Padone mwen pou fot ke m pa konnen yo.
13Anplis, pwoteje sèvitè ou a kont peche ògèy yo.
Pa kite yo vin domine m.
Konsa, mwen kab rete san fot,
epi va inosan a gran peche.
14Kite pawòl bouch mwen a avèk
refleksyon kè m
vin akseptab devan zye Ou,
O SENYÈ, wòch mwen, ak sovè mwen an.

Did you know?
God in Creation and the Law
- The psalm contrasts two ways God makes Himself known: through the silent, universal testimony of creation in the heavens and through the direct instruction of His law, precepts, and commandments.Sources: the Bible text itself
- The passage uses vivid poetic imagery to describe the sun, portraying it as resting in a heavenly tent and traversing the sky like an eager bridegroom leaving his chamber or a champion running a race.Sources: the Bible text itself
- After praising creation and the divine law, the psalm turns into a personal prayer, asking for cleansing from unintentional faults and protection from willful transgressions.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org