Psalms 139
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
1O SENYÈ, Ou te sonde mwen e te konnen mwen.
2Ou konnen lè m chita ak lè m leve.
Ou konprann panse mwen yo de lwen.
3Ou konn egzamine chemen mwen fè avèk
kouche mwen, e rekonèt bagay pi entim nan chemen mwen yo.
4Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen,
Men gade, O SENYÈ, Ou konnen tout li menm.
5Ou fin antoure mwen ni devan, ni dèyè e
Ou te poze men Ou sou mwen.
6Konesans konsa twò mèvèye pou mwen.
Li twò wo.
Mwen pa kab rive kote l.
7Kibò mwen kab ale kite lespri Ou?
Oswa kibò mwen kab sove ale pou m ta kite prezans Ou?
8Si mwen monte nan syèl la, Ou la.
Si m fè kabann mwen nan sejou mò yo, men vwala, Ou la.
9Si mwen pran zèl nan maten,
si m ta rete nan pati lanmè pi lwen an,
10menm la, se men Ou k ap mennen mwen,
e se men dwat Ou k ap kenbe m.
11Si mwen di: “Anverite, tenèb la va kouvri mwen,
e limyè ki antoure mwen an va vin fènwa,”
12menm tenèb la pa tenèb pou Ou,
e fènwa a klere menm jan ak lajounen.
Tenèb ak limyè se menm pou Ou menm.
13Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.
Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.
14Mwen va bay Ou anpil remèsiman,
paske mwen fèt yon fason mèvèye.
Zèv Ou yo depase bon konprann
e nanm mwen byen konnen sa.
15Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,
e tise kon mèvèy etonan nan fon tè a.
16Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.
Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te
òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.
17Anplis, SENYÈ, a la presye se panse Ou yo pou mwen!
A la gran, yo gran anpil!
18Si m te konte yo, yo t ap an kantite depase sab.
Lè m leve nan dòmi, mwen toujou avèk Ou.
19O ke Ou ta touye mechan yo, O Bondye.
Soti sou mwen, O moun ki vèse san.
20Paske yo pale kont Ou ak mechanste,
e lènmi Ou yo pran non Ou an ven.
21Èske m pa rayi sila ki rayi Ou yo, O SENYÈ?
Epi èske mwen pa t blese menm de sila ki leve kont Ou yo?
22Mwen rayi yo ak yon rayisman ale nèt.
Yo devni lènmi m.
23Sonde mwen, O Bondye e konnen kè mwen.
Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo.
24Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen e
mennen mwen nan chemen etènèl la.

Did you know?
God's Complete Knowledge and Presence
- The psalmist uses geographic and cosmic extremes—ascending to the heavens, descending to Sheol (the realm of the dead), flying toward the dawn in the east, or settling by the farthest sea in the west—to illustrate that no place exists beyond God's presence and guidance.Sources: the Bible text itself
- The psalm depicts the creation of human life using the imagery of being knit or woven together in secret within the mother's womb, emphasizing that God observed the unformed body before any of its days existed.Sources: the Bible text itself
- After declaring total separation from the wicked and deceitful, the author concludes by inviting God to thoroughly search his own heart, test his anxieties, and redirect any offensive way toward the everlasting path.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org