Nations Bible

Psalms 109

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

Pou direktè koral la; Yon Sòm David

1O Bondye lwanj mwen an, pa rete an silans!

2Paske yo te ouvri bouch desepsyon ak mechanste a kont mwen.

Yo te pale kont mwen avèk yon lang k ap manti.

3Anplis, yo te antoure mwen avèk pawòl ki plen rayisman

E yo te goumen kont mwen san koz.

4An echanj pou lanmou m, yo te aji kon akizatè mwen;

men mwen toujou ap priye.

5Konsa, yo te rekonpanse mwen mal pou byen ak rayisman pou lanmou m.

6Plase yon nonm mechan sou li e kite

yon akizatè kanpe sou men dwat Li.

7Lè l fin jije, kite li sòti koupab

e kite lapriyè li devni peche.

8Kite jou li yo vin mwens.

Kite yon lòt moun pran pozisyon li.

9Kite pitit li yo rete san papa,

e kite madanm li vin vèv.

10Kite pitit li yo mache egare, e mande nan lari.

Kite yo chache yo nan kay kraze a kote yo rete.

11Kite moun li dwe, sezi tout sa li posede

e etranje yo piyaje tout sa li pwodwi.

12Kite l rive ke nanpwen moun ki pou ofri li lanmou dous,

Ni okenn moun ki pou fè gras a òfelen li yo.

13Kite desandan li yo koupe retire nèt.

Nan jenerasyon ki swiv yo, kite non yo

efase nèt.

14Kite inikite a papa zansèt li yo vin sonje devan SENYÈ a,

E pa kite peche a manman l yo vin efase.

15Kite yo devan SENYÈ a tout tan pou L

koupe retire memwa yo sou latè,

16akoz li pa t sonje montre lanmou dous,

men te pèsekite e te aflije malere a,

ak sila ki dekouraje nan kè l la,

pou l mete yo a lanmò.

17Anplis, li te renmen bay madichon.

Konsa, madichon an te retounen sou li.

Li pa t renmen beni.

Konsa, sa te rete lwen l.

18Men li te abiye li menm ak madichon tankou vètman,

e sa te fonse nan kò l tankou dlo, tankou lwil, sa rive nan zo li.

19Kite sa rive li tankou yon vètman k ap sèvi pou kouvri kò l,

paske sentiwon sa a ap toujou mare l.

20Kite SENYÈ a bay sa kon rekonpans akizatè mwen yo,

ak sila ki pale mal kont nanm mwen yo.

21Men Ou menm, O Bondye, SENYÈ a,

aji dousman avè m pou koz a non Ou.

Akoz lanmou dous Ou a bon, delivre m,

22paske mwen aflije e malere.

Kè m blese anndan m.

23Mwen ap pase tankou yon lonbraj ki vin long.

Mwen souke retire tankou krikèt volan.

24Jenou m vin fèb nan fè jèn

e chè m vin mèg, san grès.

25Mwen menm, anplis, te vin yon repwòch a yo menm.

Lè yo wè m, yo souke tèt yo.

26Fè m sekou, O SENYÈ, Bondye mwen an.

Sove mwen selon lanmou dous Ou a.

27Konsa, ya konnen ke sa te fèt pa men Ou,

ke se Ou menm, SENYÈ a, ki te fè l.

28Kite yo menm bay madichon sou mwen,

men pou Ou menm, bay benediksyon.

Lè yo leve, yo va wont, men sèvitè Ou a va fè kè kontan.

29Kite akizatè mwen yo vin abiye ak dezonè.

Kite yo kouvri yo menm ak pwòp wont

yo tankou se avèk yon manto.

30Avèk bouch mwen, mwen va bay

anpil remèsiman a SENYÈ a.

Nan mitan gwo foul la, mwen va louwe Li.

31Paske Li kanpe kote men dwat malere a

pou sove li de men a sila ki jije nanm li yo.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

A Plea Against False Accusers

  • The psalm asks for an accuser or adversary to stand at the enemy's right hand in judgment (verse 6). This legal imagery uses the term behind the Hebrew name Satan, which fundamentally denotes an adversary or accuser, contrasting with verse 31 where the Lord Himself stands at the right hand of the needy.Sources: the Bible text itself · Satan
  • The author portrays severe personal suffering while enduring malicious slanders, describing knees weakened by fasting, physical emaciation, and feeling shaken off like a locust as life fades like an evening shadow.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.