Proverbs 8
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Èske sajès pa rele?
Èske bon konprann pa leve vwa li?
2Anlè wotè akote chemen yo, akote kafou wout yo;
la li pran pozisyon li.
3Akote pòtay yo, nan ouvèti vil la,
nan antre pòtay yo, li kriye fò:
4Vè nou menm, O mesye yo, mwen rele!
Konsa, vwa m se pou fis a lòm yo.
5O moun ensanse yo, vin aprann pridans!
Moun fou yo, vin konprann sajès!
6Koute mwen, paske mwen va pale gwo bagay.
Lè lèv mwen louvri, y ap devwale bagay ki kòrèk.
7Paske bouch mwen va eksprime verite;
epi mechanste vin abominab a lèv mwen.
8Tout pawòl a bouch mwen yo dwat;
nanpwen anyen kwochi oswa pèvès ladann yo.
9Yo byen dwat pou sila ki konprann nan,
e kòrèk pou sila ki jwenn konesans lan.
10Pran konsèy mwen olye ajan,
e konesans olye pi chwa nan lò pi.
11Paske, sajès pi bon ke bijou;
epi tout pi bèl bagay yo p ap kab konpare avè l.
12Mwen se sajès. Mwen rete avèk bon konprann.
Konsa, mwen fè jwenn konesans ak bon sans.
13Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal,
ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pèvès.
14Konsèy ak bon sajès se pou mwen.
Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m.
15Akoz mwen, wa yo vin renye;
e gouvènè yo fè dekrè lajistis.
16Akoz mwen, prens ak nòb yo pran pouvwa;
tout moun ki fè jijman ki bon yo.
17Mwen renmen sila ki renmen m yo.
Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.
18Richès ak lonè avè m;
richès k ap dire ak ladwati.
19Fwi mwen pi bon ke lò, menm lò pi.
Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an.
20Mwen mache nan ladwati,
nan mitan wout lajistis yo,
21Pou m bay a sila ki renmen m, richès;
pou m kab ranpli kès yo.
22SENYÈ a te posede m nan kòmansman travay pa Li;
menm avan zèv ansyen Li yo.
23Depi nan etènite, mwen te etabli,
depi nan kòmansman, depi nan tan pi ansyen mond lan.
24Lè potko gen pwofondè, mwen te fèt,
lè pa t gen sous ki t ap bonbade dlo yo.
25Avan mòn yo te poze, avan kolin yo,
mwen te fèt;
26pandan li potko fè tè a ak chan yo,
ni premye grenn pousyè mond lan.
27Lè Li te etabli syèl yo, mwen te la,
lè Li te trase yon sèk won fas a pwofondè a,
28lè Li te fè syèl yo anwo vin fèm,
lè sous nan fon yo te vin etabli,
29lè Li te mete lizyè sou lanmè a pou dlo pa t vyole lòd Li,
lè Li te make tras fondasyon tè a;
30Nan tan sa a, mwen te akote Li,
yon mèt ouvriye; epi, mwen te fè L plezi tout lajounen
e te rejwi devan L tout tan,
31Mwen t ap Rejwi nan mond Li a,
e fè kè kontan nan fis a lòm yo.
32“Alò, pou sa, fis yo, koute mwen;
paske beni se sila ki kenbe chemen mwen yo.
33Koute lenstriksyon pou ou vin saj e pa neglije l.
34Beni se moun ki koute mwen an,
k ap veye chak jou nan pòtay mwen yo,
k ap veye kote poto pòt kay mwen an.
35Paske sila ki twouve mwen an, jwenn lavi
e resevwa lonè devan SENYÈ a.
36Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal;
tout sila ki rayi mwen yo, renmen lanmò.”
Did you know?
The Call and Antiquity of Wisdom
- In this chapter, wisdom is personified as a woman who does not speak in secret, but boldly calls out in public spaces, including crossroads, overlooking heights, and the entrances of city gates.Sources: the Bible text itself
- Wisdom describes herself as brought forth before the creation of the earth, mountains, and seas, present beside God as a skilled craftsman while the foundations of the world were established.Sources: the Bible text itself
- The text states that wisdom is more precious than gold, silver, or rubies, and acts as the guiding virtue by which kings reign and rulers enact just laws.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org