Proverbs 6
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Fis mwen an, si ou devni garanti dèt pou vwazen ou,
ou te fè pwomès pou yon lòt ki pa pa w.
2Ou te tonbe nan pèlen akoz pawòl a bouch ou,
ou te kenbe menm, akoz pawòl bouch ou yo.
3Alò fè sa, fis mwen an, pou delivre tèt ou.
Akoz ou te vin antre nan men a vwazen ou an,
ale desann pou jennen vwazen ou an.
4Pa kite dòmi tonbe nan zye ou,
ni somèy rive sou pòpyè zye ou.
5Chape tèt ou kon yon antilòp nan men a chasè,
oswa zwazo a nan pèlen moun lachas la.
6Ale kote foumi, o parese.
Veye abitid li yo e vin saj!
7Li menm, san pa gen chèf, ni ofisye, ni mèt,
8konn prepare manje li nan gran sezon an
e ranmase pwovizyon li nan rekòlt la.
9Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese?
Se kilè ou va leve soti nan dòmi?
10Yon ti dòmi, yon ti somèy,
yon ti pliye men ou yo pou repoze;
11mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vagabon,
e nesesite ou tankou yon nonm k ap pote zam.
12Yon sanzave, yon moun mechan
se sila ki mache ak yon bouch pèvès,
13ki bat zye li, ki fè siy ak pye li,
ki pwente ak dwèt li;
14ki avèk pèvèsite nan kè l
fè tout tan sa ki mal,
ki gaye konfli.
15Pou sa, malè li va parèt sibitman;
nan yon enstan li va kase nèt;
e li p ap gen gerizon ditou.
16Gen sis bagay ke SENYÈ a rayi;
wi sèt menm ki abominab devan l:
17Zye ògeye, yon lang k ap bay manti,
avèk men ki vèse san inosan,
18Yon kè ki divize plan mechan yo,
pye ki kouri vit pou jwenn mal,
19Yon fo temwen ki bay manti,
ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.
20Fis mwen an, swiv lòd a papa ou
e pa abandone enstriksyon manman ou.
21Mare yo tout tan sou kè ou;
mare yo nan kou ou.
22Lè ou mache toupatou, yo va gide ou.
Lè ou dòmi, yo va veye sou ou.
Epi lè ou leve, yo va pale avèk ou.
23Paske kòmandman an se yon lanp,
e enstriksyon li se limyè.
Konsa, repwòch ki disipline a se chemen lavi a
24pou anpeche ou rive nan fanm movèz vi a,
a lang glise de fanm adiltè a.
25Pa dezire bote li nan kè ou,
ni kite li kapte ou avèk pòpyè zye li.
26Paske akoz yon pwostitiye,
yon gason redwi a yon mòso pen.
Yon fanm adiltè fè lachas lavi presye.
27Èske yon nonm kab mete dife poze antre janm li yo
pou rad li pa brile?
28Oswa èske yon nonm kab mache sou chabon limen,
san ke pye l pa brile?
29Se konsa li ye ak yon nonm ki
antre nan madanm vwazen li.
Nenpòt moun ki manyen l p ap sòti san pinisyon.
30Pèsòn pa meprize yon vòlè
k ap vòlè pou l kab satisfè grangou.
31Men si pa aza, li jwenn li, l ap oblije
repeye li sèt fwa.
Lap oblije bay tout sa li posede lakay li.
32Sila ki fè adiltè ak yon fanm manke sajès;
nonm nan ki fè sa a, detwi pwòp nanm li.
33L ap twouve blesi ak gwo wont,
e repwòch li p ap efase menm.
34Paske jalouzi fè laraj nan yon nonm;
li p ap fè gras nan jou vanjans lan.
35Li p ap dakò dedonmaje ak ranson,
ni li p ap satisfè malgre ou fè li anpil kado.

Did you know?
Warnings Against Traps, Laziness, and Discord
- The phrase striking hands refers to a gesture used to make a legal or financial pledge. The passage warns that taking on surety for another person can ensnare someone, advising immediate action without sleep to free oneself like a hunted gazelle or bird.Sources: the Bible text itself
- The text points to the ant as a model of wisdom and self-directed labor because it stores food during the summer and harvest without needing a commander, overseer, or ruler.Sources: the Bible text itself
- The passage uses a graded numerical formula, listing six things the Lord hates and seven that are detestable, systematically condemning arrogance, deceit, violence, malice, false testimony, and the stirring of discord.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org