Proverbs 18
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Sila ki izole pwòp tèt li, chache pwòp enterè l;
bon jijman an pa anyen devan l.
2Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann;
men sèlman nan devwale pwòp panse li.
3Lè yon nonm mechan vin parèt, mepriz la vini ansanm avè l;
e avèk dezonè, wont vin parèt.
4Pawòl yo ki sòti nan bouch a yon nonm se yon dlo byen fon;
dlo sajès se yon dlo fre k ap koule tout tan.
5Panche vè yon moun mechan an pa bon,
ni pou fè jijman ki rache jistis nan men moun dwat yo.
6Lèv a yon moun ensanse mennen konfli;
bouch li ap mande kou.
7Bouch a moun san konprann nan se dega li;
e lèv li se pèlen pou nanm li.
8Pawòl a sila ki chichote pawòl nan zòrèy moun nan
se tankou bonbon ki gen gou dous;
se jis nan fon kò a yo desann.
9Anplis, sila ki parese nan travay li a
se frè a sila ki detwi a.
10Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò;
moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.
11Pou yon nonm rich, byen li se yon vil ki fò;
kon yon miray byen wo nan panse li.
12Avan destriksyon, kè yon nonm plen ògèy;
men imilite ale devan onè.
13Sila ki bay repons avan li koute a;
plen foli ak wont.
14Lespri a yon nonm kapab sipòte maladi;
men nan ka lespri brize a, se kilès ki kab sipòte li?
15Panse a sila ki gen bon konprann nan, ranmase konesans;
anplis, zòrèy a saj la chache konesans.
16Don a yon nonm fè kont espas pou li,
e mennen li devan moun enpòtan.
17Premye moun pou plede ka li a, sanble gen rezon;
jiskaske yon lòt moun vin egzamine l.
18Tiraj osò fè konfli sispann;
l ap pran desizyon antre moun pwisan yo.
19Yon frè ki blese se pi rèd pou konvenk pase yon vil fòtifye;
konfli ak li se tankou ba fè nan yon sitadèl.
20Se fwi a bouch moun ki satisfè vant li;
l ap satisfè ak sa ke lèv li pwodwi.
21Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan;
e sila ki renmen l yo, va manje fwi li.
22Sila ki jwenn yon madanm, jwenn yon bon bagay,
e twouve favè SENYÈ a.
23Malere a pale: “Souple, fè m gras”;
men moun rich la reponn byen di.
24Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt;
men gen yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.

Did you know?
Wisdom in Speech, Justice, and Security
- In ancient judicial settings, Proverbs 18 emphasizes the necessity of careful examination in settling disputes, noting that the first person to present a case seems right until cross-examined by another. It also notes casting lots as a recognized method to resolve quarrels between powerful opponents.Sources: the Bible text itself
- The chapter contrasts true security with false self-reliance using ancient architectural and defensive imagery. While the name of the Lord is portrayed as a strong tower providing genuine safety to the righteous, a wealthy person's fortune is likened to a high wall that provides security only in their imagination.Sources: the Bible text itself
- A major theme in the chapter is the serious impact of human speech, declaring that life and death are in the power of the tongue. It warns against harmful speaking habits, such as answering a matter before listening or sharing gossip that penetrates deep into a person's inner being.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org