Proverbs 16
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Plan kè a sòti nan lòm;
men repons a lang lan sòti nan SENYÈ a.
2Tout chemen a yon nonm pwòp nan zye pa li;
men SENYÈ a peze sa k nan kè l.
3Konsakre tout zèv ou yo a SENYÈ a,
e plan ou yo va etabli.
4SENYÈ a te fè tout bagay pou pwòp sèvis li;
menm mechan yo pou jou jijman an.
5Tout sila ki gen kè ògèy, abominab a SENYÈ a;
anverite, li p ap chape anba pinisyon.
6Pa lanmou dous avèk verite, inikite lave;
e pa lakrent SENYÈ a moun chape anba mal.
7Lè chemen a yon nonm fè SENYÈ a kontan,
l ap fè menm lènmi li yo vin anpè avè l.
8Pi bon se piti ak ladwati
pase gwo kòb k ap antre avèk enjistis.
9Panse a lòm fè plan pou wout li;
men SENYÈ a dirije pa li yo.
10Se desizyon diven ki nan lèv a wa a;
bouch li pa dwe fè erè nan jijman.
11Yon balans ki jis apatyen a Bondye;
li veye sou tout pwa nan sak yo.
12Se abominab pou wa yo komèt zak mechan,
paske yon twòn etabli sou ladwati.
13Lèv ki dwat se plezi a wa yo;
e sila ki pale dwat, vin renmen.
14Kòlè a yon wa se tankou mesaje lanmò;
men yon nonm saj va kalme li.
15Nan vizaj a yon wa briye lavi;
e favè li se tankou yon nwaj avèk lapli prentan.
16A la bon li pi bon pou resevwa sajès pase lò!
Pito nou jwenn bon konprann pase ajan.
17Gran chemen a moun dwat la se pou kite mal;
sila ki veye chemen li an prezève lavi li.
18Ògèy ale devan destriksyon
e yon lespri ògèy devan moun kap tonbe.
19Li pi bon pou rete enb nan lespri avèk sila ki ba yo,
pase divize piyaj ak moun ògeye yo.
20Sila ki bay atansyon a pawòl la va jwenn sa ki bon;
beni se sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.
21Moun saj nan kè va rekonèt kon moun bon konprann;
e dousè nan pale va ogmante kapasite konvenk moun.
22Bon konprann se yon fontèn dlo lavi pou sila ki genyen l;
men pou disipline moun ensanse yo se foli.
23Kè moun saj la enstwi bouch li;
li ogmante pouvwa l pou konvenk moun ak lèv li.
24Pawòl agreyab se yon nich gato siwo myèl;
dous pou nanm nan, ak gerizon pou zo.
25Gen wout ki parèt bon a yon nonm;
men fen li se lanmò.
26Apeti a yon ouvriye fè byen pou li;
paske se grangou ki ankouraje l.
27Yon sanzave fòmante mechanste;
pawòl li yo brile tankou dife wouj.
28Yon nonm pèvès gaye konfli,
e yon nonm k ap bay kout lang ap separe bon zanmi yo.
29Yon nonm vyolan ap tante vwazen li
pou l mennen li nan move chemen.
30Sila kap bay zye dou, fè l pou l kab mennen bagay pèvès;
sila ki fèmen sere lèv li, fè mal la rive.
31Yon tèt blanch se yon kouwòn laglwa;
li jwenn nan chemen ladwati a.
32Sila ki lan nan kòlè a pi bon pase pwisan yo;
e sila ki gouvène lespri li a pi bon pase sila k ap kaptire yon gran vil.
33Tiraj osò fèt nan fon wòb;
men tout desizyon ki sòti, sòti nan SENYÈ a.

Did you know?
Divine Guidance and Daily Wisdom
- Proverbs 16 highlights the contrast between human intentions and divine direction, noting that while people plan their paths and cast lots, the final decision belongs to the Lord.Sources: the Bible text itself
- The chapter links fair commerce with righteousness, stating that honest balances, scales, and the standard weights kept in a merchant's bag are of direct concern to the Lord.Sources: the Bible text itself
- Wise speech and self-control receive special praise in this collection, comparing pleasant words to a sweet honeycomb and declaring that mastering one's temper is greater than capturing a fortified city.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org