Philippians 4
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Konsa, frè byeneme mwen yo, ke mwen trè anvi wè, nou menm ki lajwa m ak kouwòn mwen yo, se konsa pou nou kanpe fèm nan Senyè a, byeneme mwen yo.
2Mwen ankouraje Évodie e mwen ankouraje Syntyche pou viv an amoni nan Senyè a. 3Vrèman, fidèl kòlèg mwen yo, mwen mande nou osi pou ede fanm sa yo ki te pataje lit mwen an pou koz a levanjil la, ansanm avèk Clément osi ak tout lòt ouvriye parèy a mwen yo ki gen non yo nan liv lavi a.
4Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
8Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.
10Men mwen te rejwi mwen nan Senyè a anpil, ke koulye a, finalman nou retwouve santiman nou pou mwen. Anverite, nou te konsène pou mwen menm avan, men nou te manke okazyon. 11Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la. 14Sepandan, nou te fè byen pou pataje avè m nan soufrans mwen an. 15Nou menm konnen osi, Filipyen yo, ke nan premye predikasyon levanjil la, lè m fin kite Macédoine, ke pa t gen legliz ki te pataje avèk mwen nan kesyon bay ak resevwa a, men nou menm sèlman. 16Paske menm nan Théssalonique, nou te voye plis ke yon fwa yon don pou satisfè bezwen mwen yo. 17Se pa ke m chache don an pou kont li, men mwen chache pwofi ki ogmante pou kont pa nou. 18Men konsa mwen te resevwa tout bagay nèt e mwen genyen an abondans. Mwen byen founi depi m te resevwa nan men Épaphrodite sa ke nou te voye a, yon pafen ki santi bon, yon sakrifis akseptab, ki byen fè Bondye plezi. 19Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a. 20Koulye a, a Bondye nou an ak Papa a, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amèn.
21Salye chak fidèl nan Kris Jésus a. Frè ki avè m yo salye nou. 22Tout fidèl yo salye nou, sitou sila ki lakay César yo.
23Ke lagras Senyè a Jésus Kri kapab avèk nou tout. Amen
Did you know?
Joy, Agreement, and Generous Partnership
- Paul urges Euodia and Syntyche, two women of the church at Philippi who had labored with him in the gospel, to agree with each other in the Lord. Easton's Bible Dictionary (1897) gives Euodia’s name, spelled Euodias there, as “a good journey,” and Syntyche’s as “fortunate” or “affable,” and takes the appeal to suggest that the two had been at variance.Sources: the Bible text itself · Euodias · Syntyche
- Paul reminds the Philippians that, when he left Macedonia, no other church partnered with him in giving and receiving, and that even in Thessalonica they supplied his needs again and again; he has now received their gifts from Epaphroditus. Macedonia was a Roman province north of Greece, and Thessalonica, on the Thermaic bay, was the capital of one of its four districts, ruled by a praetor.Sources: the Bible text itself · Macedonia · Thessalonica
- Paul names Clement, a Christian of Philippi and his fellow worker, among those whose names are in the Book of Life. Easton's Bible Dictionary (1897) records an opinion of ancient writers that this Clement was the Clement of Rome known in later church history; the letter itself does not make that identification.Sources: the Bible text itself · Clement
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org