Numbers 35
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse nan plèn Moab yo akote Jourdain an anfas Jéricho. Li te di: 2Kòmande fis a Israël yo pou yo bay a Levit yo soti nan eritaj a posesyon pa yo vil pou Levit yo rete ladan. Konsa, nou va bay a Levit yo tèren patiraj ki antoure vil yo. 3Vil yo va pou yo, pou yo viv ladann. Tèren pa yo va pou bèf pa yo, pou twoupo pa yo ak pou tout bèt pa yo.
4Tèren patiraj lavil ke nou te bay a Levit yo va rive soti nan miray lavil yo, pou lonje rive jis a mil (1,000) koude. 5Nou va, osi, mezire deyò lavil la nan kote lès, de-mil (2,000) koude, nan kote sid, de-mil (2,000) koude, nan kote lwès, de-mil (2,000) koude, ak nan kote nò, de-mil koude, avèk vil nan mitan li an. Sa va devni pou yo kòm tèren pa yo pou vil yo.
6Vil ke nou va bay a Levit yo va sis vil azil kote moun ki touye moun kapab sove ale. Anplis de sa yo, nou va bay karann-de vil. 7Tout vil ke nou va bay a Levit yo va karanntuit vil ansanm avèk tèren patiraj pa yo. 8Selon vil ke nou va bay soti nan posesyon a fis Israël yo, nou va pran plis nan men pi gran yo, e nou va pran mwens nan men pi piti yo. A tout selon eritaj li ke li resevwa va bay kèk nan vil pa li yo a Levit yo.
9Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 10“Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou fin travèse Jourdain an pou lantre nan peyi Canaran an, 11alò, nou va apwente pou nou menm vil azil nou, pou sila ki touye moun yo, san entansyon eksprè, kapab sove ale. 12Vil yo va pou nou yon refij kont vanjè yo, pou sila ki touye moun nan pa mouri jiskaske li ta vin kanpe devan kongregasyon an pou jije. 13Vil ke nou bay yo va sis vil nou yo pou azil. 14Nou va bay twa vil lòtbò Jourdain an ak twa vil nan peyi Canaran an. Yo va sèvi kòm vil azil. 15Sis vil sila yo va tankou refij pou fis Israël yo, pou etranje a ak pou sila ki demere pami yo, pou nenpòt moun ki touye yon moun san entansyon eksprè kapab sove ale pou rive la.
16“‘Men si li te frape detwi li avèk yon objè an fè, pou l ta vin mouri, li se yon asasen. Yon asasen va, anverite, vin mete a lanmò. 17Si li te frape li avèk yon wòch nan men l, pou l ta vin mouri, epi li mouri, li se yon asasen. Asasen an va vrèman, vin mete a lanmò. 18Oswa, si li te frape li avèk yon bout bwa nan men l pou li ta mouri, e li vin mouri, li se yon asasen. Asasen an va vrèman, vin mete a lanmò. 19Vanjè san an va, li menm, mete asasen an a lanmò. Li va mete li a lanmò depi li rankontre li. 20Si li t ap pouse li akoz rayisman, oswa jete yon bagay sou li lè li kouche pou fè pèlen, e kòm rezilta, li te vin mouri, 21oswa, si li te frape li avèk men l an rayisman, e li vin mouri, sila ki te frape li a va, vrèman, vin mete a lanmò. Li se yon asasen. Vanjè san an va mete asasen an a lanmò lè li rankontre li.
22“‘Men si li vin pouse li sibitman san rayisman, oswa li te jete yon bagay sou li san entansyon, 23oswa, avèk nenpòt objè mòtèl an wòch, men san wè, li vin tonbe sou li e li vin mouri, pandan li pa t lènmi li, ni li pa t ap chache pou fè li mal, 24alò, kongregasyon an va jije antre moun ki touye moun nan avèk vanjè san an, selon òdonans sa yo. 25Kongregasyon an dwe pwoteje moun ki touye moun nan de men a vanjè san an, e kongregasyon an va voye li retounen nan vil azil kote li te sove ale a. Epi konsa, li va viv ladann jiskaske lanmò wo prèt ki te onksyone avèk lwil sen an.
26“‘Men si moun ki touye moun nan sòti pi lwen ke lizyè pwòp vil azil pa li a, kote li te gen dwa sove ale a, 27epi vanjè san an vin jwenn li deyò lizyè vil azil li a; epi vanjè san an touye moun ki te touye moun nan, li p ap koupab de san an, 28akoz li te dwe rete nan vil azil pa li a jiskaske wo prèt la vin mouri. Men apre lanmò wo prèt la, moun ki te touye moun nan va retounen vè peyi posesyon pa li a.
29“‘Bagay sa yo va yon òdonans lalwa pou tout jenerasyon nou yo nan tout abitasyon nou yo.
30“‘Si, yon moun touye yon moun, asasen an va vin mete a lanmò sou temwayaj temwen yo, men pèsòn pa pou mete a lanmò sou temwayaj a yon sèl temwen.
31“‘Anplis, nou pa pou pran ranson pou lavi a yon asasen ki koupab jiska lanmò. Li va, vrèman, vin mete a lanmò. 32Nou pa pou pran ranson pou sila ki te sove ale nan vil azil la, pou l kab retounen viv nan peyi a avan lanmò a wo prèt la.
33“‘Alò, nou pa pou kontamine peyi kote nou rete a; paske san an va kontamine peyi a e nanpwen ekspiyasyon pou peyi pou san ki koule ladann, sof pa san a sila ki te fè vèse san an. 34Nou pa pou konwonpi peyi kote nou rete a, kote Mwen menm rete a. Paske Mwen, SENYÈ a, Mwen ap viv pami fis Israël yo.’”

Did you know?
Levitical Towns and Cities of Refuge
- Unlike the other tribes, the Levites were not allotted a continuous territory. Instead, the Israelites were instructed to provide them with forty-eight cities along with surrounding pasturelands, contributed by each tribe in proportion to the size of its tribal inheritance.Sources: the Bible text itself
- Six of the forty-eight Levitical towns were designated as cities of refuge, with three located east of the Jordan and three in the land of Canaan. These sanctuaries offered legal protection for Israelites and resident foreigners who caused an accidental death, sheltering them from the avenger of blood until a formal trial could take place.Sources: the Bible text itself · Canaan · Jordan
- The law strictly distinguished between intentional murder and accidental manslaughter, requiring multiple witnesses before carrying out capital punishment. Furthermore, financial ransoms were forbidden either to spare a convicted murderer or to release an accidental killer from their city of refuge before the death of the high priest.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jericho · Today: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · verse 1
- Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verses 1, 10, 14
- Moab · Today: Moab 2 · 31.840, 35.674 · verse 1
- Canaan · 32.767, 35.333 · verses 10, 14
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org