Nations Bible

Numbers 21

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Lè Chèf Canaran an, wa Arad la, ki te viv nan Negev la te tande ke Israël t ap vini pa chemen a Atharim nan; alò, li te goumen kont Israël, e li te pran kèk nan yo an kaptif. 2Konsa, Israël te fè yon ve a SENYÈ a, e te di: “Si Ou va vrèman livre pèp sa a nan men m; alò, mwen va detwi vil pa yo a nèt.” 3SENYÈ a te tande vwa Israël. Li te livre yo bay Canaran, epi yo te detwi yo nèt ansanm avèk vil yo. Konsa, kote sa a te vin releHorma.

4Yo te sòti nan Mòn Hor pa wout Lamè Wouj la, pou travèse peyi Édom an. Epi pèp la te vin pèdi pasyans akoz vwayaj la. 5Pèp la te pale kont Bondye ak Moïse: “Poukisa ou te mennen nou sòti an Égypte pou mouri nan dezè a? Paske nanpwen manje, ni dlo, e nou rayi move manje sila a.”

6SENYÈ a te voye sèpan dife pami pèp la. Yo te mòde pèp la, e anpil nan pèp Israël la te mouri. 7Konsa, pèp la te vini a Moïse e te di: “Nou te peche, pwiske nou te pale kont SENYÈ a ak ou menm. Entèsede pou nou avèk SENYÈ a, pou Li kapab retire sèpan sa yo sou nou.” Epi Moïse te entèsede pou pèp la.

8Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Fè yon sèpan dife e mete li sou yon poto. Konsa, li va vin rive ke tout moun ki mòde, lè li gade li, l ap viv.” 9Moïse te fè yon sèpan an bwonz e li te mete li sou poto a. Epi li te vin rive ke si yon sèpan te mòde nenpòt moun, lè li te gade vè sèpan an bwonz lan, li te viv.

10Alò, fis Israël yo te deplase e te fè kan an nan Oboth. 11Yo te vwayaje soti Oboth pou te fè kan an nan Ijje-Abarim, nan dezè ki anfas Moab a lès la. 12Soti la, yo te pati pou te fè kan an nan vale Zéred la. 13Soti la, yo te vwayaje pou te fè kan an sou lòt kote Arnon an, ki se nan dezè ki sòti nan lizyè Amoreyen yo, paske Arnon se te fwontyè Moab, antre Moab ak Amoreyen yo.

14Konsa, sa di nan Liv Lagè SENYÈ a: “Vaheb nan Supha, avèk ravin sèch nan Arnon an, 15ak pant ki rive nan ravin sèch yo ki rive jis nan kote Ar la e ki touche nan lizyè Moab la.” 16Soti la, yo rive jis nan Beer, ki se pwi kote SENYÈ a te di Moïse, reyini pèp la pou Mwen kapab bay yo dlo a.”

17Epi Israël te chante chan sila a:

“Vin bwote o pwi! Chante a li!

18Pwi a ke prens yo nan pèp la te fouye,

Avèk baton wayal ak Baton soutyen pa yo.”

Epi soti nan dezè a, yo te kontinye a Matthana, 19soti Matthana a Nahaliel, soti nan Nahaliel a Bamoth, 20soti Bamoth nan vale ki nan peyi Moab la, nan pwent lan vè Mòn Pisga ki kanpe anwo tout dezè a.

21Alò Israël te voye mesaje yo bay Sihon, wa a Amoreyen yo. Li te di: 22“Kite mwen pase nan peyi ou a. Nou p ap menm vire nan chan, oswa nan rezen yo. Nou p ap bwè dlo nan pwi yo. Nou va ale nan chemen Wa a jiskaske nou fin depase limit fwontyè pa w la.”

23Men Sihon pa t kite Israël pase nan fwontyè pa li a. Konsa, Sihon te ranmase tout pèp li a pou te sòti kont Israël nan dezè a. Yo te rive a Jahats pou te goumen kont Israël.

24Konsa,Israël te frape li avèk tranch nepe, e te pran posesyon peyi li a soti Arnon pou jis rive Jabbok, soti distans a fis Ammon yo; paske nan fwontyè a fis Ammon yo, se te Jazer. 25Israël te pran tout vil yo e Israël te viv nan tout vil Amoreyen yo, nan Hesbon ak nan tout vil li yo. 26Paske Hesbon, se te vil a Sihon, wa a Amoreyen yo, ki te goumen kont ansyen wa Moab la, e li te retire tout peyi li a nan men li, jis rive nan Arnon.

27Se pou sa ke sila ki sèvi ak pwovèb yo di:

“Vini Hesbon! Kite li bati!

Konsa kite vil a Sihon an fin etabli.

28Paske yon dife te sòti nan Hesbon,

Yon flanm soti nan vil a Sihon;

Li te devore Ar nan Moab,

Pwent wo yo domine Arnon

29Malè a nou menm, O Moab!

Nou gen tan fin gate nèt, O pèp Kemosch la!

Li te bay fis li yo kòm sila k ap sove ale,

Epi fi li yo kòm kaptif, pou yon wa Amoreyen, Sihon.

30Nou te tire sou yo. Hesbon fin gate jis rive Dibon.

Konsa, nou te fin piyaje jis rive Nophach,

Ki rive nèt nan Médaba.”

31Pou sa a, Israël te viv nan peyi Amoreyen yo.

32Moïse te voye espyone Jaezer. Yo te kaptire vil li yo e te piyaje Amoreyen ki te la yo. 33Epi yo te vire monte nan wout Basan, e Og, wa Basan an, te sòti avèk tout pèp li a pou fè bati Édréï.

34Men SENYÈ a te di a Moïse: “Pa pè li, paske Mwen te bay li nan men nou, tout pèp li a ak tout peyi li a. Ou va fè avèk li jan ou te fè Sihon, wa Amoreyen, ki te viv Hesbon yo.”

35Konsa, yo te touye li avèk fis li yo ak tout pèp li a, jis pa t menm gen yon retay ki te rete de li. Konsa, yo te posede peyi li a.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Bronze Serpent and the March Beyond the Arnon

  • When the Israelites grew impatient during their journey around Edom and complained about the lack of food and water, venomous snakes appeared in the camp. Moses was instructed to craft a bronze serpent and mount it on a pole so that anyone bitten could look at it and live.Sources: the Bible text itself
  • This chapter cites an otherwise unknown ancient Hebrew text called the Book of the Wars of the LORD to delineate the boundary along the Arnon river, which separated the Moabites from the Amorites.Sources: the Bible text itself · Arnon
  • The passage includes an ancient poem mentioning Chemosh, the deity worshipped by the Moabites. The poem recounts how Sihon king of the Amorites had previously conquered Moabite lands from Heshbon down to the Arnon before Israel defeated him in battle.Sources: the Bible text itself · Chemosh · Sihon · Heshbon

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Negeb · 31.245, 34.841 · verse 1
  • Edom · 30.746, 35.604 · verse 4
  • Way of the Red Sea · Today: road between the Dead Sea and the Gulf of Aqaba · 29.727, 34.998 · verse 4
  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 5
  • Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verses 11, 13, 15, 20, 26, 28, 29
  • Valley of Zered · Today: Wadi al Hasa · 31.027, 35.485 · verse 12
  • Arnon · Today: Wadi Mujib · 31.466, 35.573 · verses 13, 14, 24, 26, 28
  • Waheb · Today: within 50 km of Sufeh · 31.666, 35.817 · verse 14
  • Jeshimon · 31.470, 35.223 · verse 20
  • King’s Highway · 31.955, 35.934 · verse 22
  • Ammon · 31.955, 35.934 · verse 24
  • Jabbok · Today: Zarqa River · 32.115, 35.543 · verse 24
  • Dibon · Today: Tall Dhiban · 31.502, 35.777 · verse 30
  • Medeba · Today: Madaba · 31.716, 35.795 · verse 30
  • Bashan · 32.781, 35.935 · verse 33

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.