Numbers 19
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Senyè a te pale ak Moïse avèk Aaron e te di: 2“Sa se règleman lalwa ke SENYÈ a te kòmande a. Li te di: ‘Pale a fis Israël yo pou yo pote ba ou yon gazèl wouj, san defo, sou sila yon jouk pa t janm vin poze. 3Nou va bay li a Éléazar, prèt la, li va pote li deyò kan an, e touye li nan prezans li. 4Apre, Éléazar, prèt la, va pran kèk nan san li avèk dwèt li, e flite kèk nan san li an pa devan tant asanble a sèt fwa. 5Alò, gazèl la va brile devan zye li; po li, chè li avèk san li, avèk poupou li, va brile. 6Prèt la va pran bwa sèd avèk izòp ak twal wouj, e li va jete li nan mitan gazèl k ap brile a. 7Epi prèt la va lave vètman li yo, benyen kò li nan dlo, e apre, li va antre nan kan an. 8Sila ki brile li a, va osi lave kò li nan dlo, apre li va vini nan kan an, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
9“‘Alò, yon nonm ki pwòp, va ranmase sann gazèl la pou depoze yo deyò kan an nan yon kote ki pwòp. Epi fis Israël yo va konsève li pou sèvi nan dlo pirifikasyon. Li se yon ofrann pou peche. 10Sila ki ranmase sann gazèl la va lave rad li, e li va rete pa pwòp pou jis rive nan aswè. Li va yon règleman ki pou tout tan pou fis Israël yo ak pou etranje ki rete pami yo a.
11“‘Sila ki touche kadav a nenpòt moun, va pa pwòp pandan sèt jou. 12Li dwe pirifye tèt li avèk dlo nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a. Apre, li va pwòp. Men si li pa pirifye tèt li nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a, li p ap vin pwòp. 13Nenpòt moun ki touche yon mò, kò a yon moun mouri, e li pa pirifye tèt li, li degrade tabènak a SENYÈ a; epi moun sa va koupe retire de Israël a. Akoz dlo pirifikasyon an pa t flite sou li, li va vin pa pwòp. Pa pwòp li a rete sou li.
14“‘Sa se lalwa lè yon nonm mouri nan yon tant: tout moun ki antre nan tant lan ak tout moun ki deja nan tant lan, vin pa pwòp pandan sèt jou. 15Tout veso ki louvri, ki pa gen kouvèti mare sou li, pa pwòp.
16“‘Osi, nenpòt moun ki nan chan louvri, e ki touche yon moun ki te touye pa nepe, oswa ki te mouri nenpòt jan, swa yon zo Kretyen oswa yon tonm, li va vin pa pwòp pandan sèt jou.
17“‘Alò, pou sila ki pa pwòp yo, yo va pran kèk nan sann pirifikasyon peche ki te brile a, e dlo k ap koule va mele avèk yo nan yon veso. 18Yon moun pwòp va pran izòp e fonse li nan dlo a, flite li sou tant lan ak sou tout zafè li yo, ak sou tout moun ki te ladann yo, tout sila ki te touche zo a, oswa sa ki te touye a, oswa sa ki te mouri yon lòt jan an, oswa yon tonm. 19Alò, moun pwòp la va flite sou sila ki pa pwòp la nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a. Nan setyèm jou a, li dwe pirifye tèt li. Li va lave rad li, benyen nan dlo e li va pwòp nan aswè. 20Men sila ki pa pwòp la, ki pa pirifye tèt li a, li va koupe retire nan mitan asanble a, akoz li te degrade sanktyè SENYÈ a. Dlo pirifikasyon an pa t flite sou li, e li pa pwòp.
21“‘Se konsa sa va yon règleman pou tout tan pou yo. Sila ki flite dlo pirifikasyon an, va osi lave rad li, e sila ki touche dlo pirifikasyon an va rete pa pwòp jis rive nan aswè. 22Anplis, nenpòt bagay ke moun pa pwòp la touche, va vin pa pwòp. Moun ki touche li a, va vin pa pwòp jis rive nan aswè.’”

Did you know?
The Red Heifer and Purification from Death
- Unlike typical sacrifices offered at the tabernacle altar, the unblemished red heifer that had never worn a yoke was taken outside the camp. There it was slaughtered in the presence of the priest Eleazar and burned whole along with cedar wood, hyssop, and scarlet wool.Sources: the Bible text itself · Eleazar
- The ashes of the heifer were stored outside the camp to prepare the water of purification. Paradoxically, while this mixture purified individuals who were defiled by death, everyone who handled the burning heifer, gathered its ashes, or sprinkled the water became temporarily unclean until evening.Sources: the Bible text itself
- Contact with a corpse, a human bone, a grave, or merely being inside a tent where someone died caused seven days of ceremonial uncleanness. To be restored, the person had to be sprinkled with the purification water on the third and seventh days and wash their clothes and body.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org