Numbers 17
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2“Pale avèk fis Israël yo, e pran yon branch bwa pou chak kay fanmi zansèt yo: douz branch bwa ki sòti nan tout chèf yo selon kay fanmi zansèt yo. Nou va ekri non a chak sou branch pa yo. 3Ekri non a Aaron sou branch Levi a. Konsa, va gen yon sèl branch pou tèt a chak kay fanmi zansèt yo. 4Epi nou va depoze yo nan tant asanble a devan lach temwayaj la, kote Mwen rankontre nou an.
5“Li va vin rive ke branch moun ke Mwen chwazi a, va boujonnen. Konsa, Mwen va fè sispann tout bougonnen fis Israël k ap fèt kont nou menm.”
6Konsa, Moïse te pale avèk fis Israël yo, e tout chèf yo te bay li yon branch pou chak nan yo; pou chak chèf, selon kay fanmi zansèt yo, douz branch avèk branch Aaron an pami branch yo. 7Konsa, Moïse te depoze branch yo devan SENYÈ a nan tant asanble a.
8Alò, nan jou apre a, Moïse te antre nan tant lan; epi vwala, branch Aaron an pou fanmi zansèt Levi a te boujonnen. E li pa t sèlman boujonnen, men li te pwodwi flè, e osi li te pote zanmann mi. 9Konsa, Moïse te pote deyò tout branch ki te nan prezans a SENYÈ a vè tout fis Israël yo. Yo te gade, e chak mesye te pran pwòp branch pa l.
10Men SENYÈ a te di a Moïse: “Remete branch Aaron a devan lach temwayaj la, pou kenbe kòm yon sign kont rebèl yo, pou ou kapab mete fen a plent kont Mwen yo, pou yo pa mouri.”
11Konsa, Moïse te fè; jis jan ke SENYÈ a te kòmande li a, konsa li te fè.
12Alò, fis Israël yo te pale avèk Moïse e te di l: “Gade byen, n ap mouri, nou tout ap mouri! 13Tout moun ki pwoche, ki vin pwoche toupre tabènak SENYÈ a, fòk li mouri. Èske nou tout va peri nèt?”
Did you know?
The Budding of Aaron's Staff
- To resolve the ongoing dispute regarding priestly authority, Moses collected twelve wooden staffs representing the leaders of each tribe, inscribed with their names, with Aaron representing the tribe of Levi, and placed them in the Tent of the Testimony.Sources: the Bible text itself · Aaron · Levi (patriarch)
- Within a single night, Aaron's staff underwent an extraordinary transformation, sprouting buds, blossoming with flowers, and yielding ripe almonds to confirm God's choice.Sources: the Bible text itself
- After the tribal leaders examined their staffs, Moses was instructed to place Aaron's blossoming staff back before the Testimony as a permanent sign to put an end to the people's grumbling.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org