Nehemiah 8
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Konsa, tout pèp la te rasanble kon yon sèl moun nan plas ki te devan Pòtay Dlo a. E yo te pale ak Esdras, skrib la, pou mennen liv lalwa Moïse la ke SENYÈ a te bay a Israël la. 2Epi Esdras, prèt la, te pote lalwa a devan asanble a mesye yo avèk fanm yo, tout moun te kab koute avèk bon konprann, nan premye jou nan setyèm mwa a. 3Li te li nan liv la devan plas ki te devan Pòtay Dlo a soti granmaten jis rive midi, nan prezans a mesye ak fanm ki te atantif a liv lalwa a. 4Esdras, skrib la, te kanpe devan yon etaj an bwa ki te fèt eksprè pou afè sila a. Akote li te kanpe Matthithia, Schéma, Anaja, Urie, Hilkija, avèk Maaséja adwat li e agoch li, Pedaja, Mischaël, Malkija, Haschum, Haschbaddana, Zacharie ak Meschullam. 5Esdras te ouvri liv la devan zye tout pèp la, paske li te kanpe pi wo ke tout pèp la. Lè li te ouvri li, tout pèp la te kanpe. 6Epi Esdras te beni SENYÈ a, gran Bondye a.
Tout pèp la te reponn: “Amen, Amen,” pandan yo te leve men yo. Yo te bese ba pou te adore SENYÈ a avèk figi yo jis atè. 7Anplis, Josué, Bani, Schérébia, Jamin, Akkub, Schabbethaï, Hodija, Maaséja, Kelitha, Azaria, Jozabad, Hanan, Pelaja, avèk Levit yo te eksplike lalwa a pèp la pandan pèp la te rete an plas. 8Yo te li nan liv la, soti nan lalwa Bondye a, e te tradwi pou fè yo konprann, pou yo ta kab byen sezi sa ki te li a.
9Néhémie, ki te gouvènè a ak Esdras, prèt la ak skrib, avèk Levit ki te enstwi pèp la, te di a tout pèp la: “Jou sa a sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Pa fè dèy, ni pa kriye.” Paske, tout pèp la t ap kriye lè yo te tande pawòl lalwa yo. 10Konsa, li te di yo: “Ale manje grès, bwè sa ki dous e voye bay pòsyon a sila ki pa t prepare yo; paske jou sa a sen a SENYÈ nou an. Pa fè lapèn ak soufrans, paske lajwa SENYÈ a se fòs nou.”
11Konsa, Levit yo te kalme tout pèp la, epi te di: “Rete kalm, paske jou a sen. Pa fè doulè.”
12Tout pèp la te Soti pou manje, bwè e voye bay pòsyon pou selebre yon gwo fèt, akoz yo te konprann pawòl ke yo te fenk tande.
13Nan dezyèm jou fèt la, tout chèf zansèt a tout pèp la, prèt yo ak Levit yo te rasanble kote Esdras, skrib la, pou yo ta kab ranmase konesans nan pawòl lalwa yo. 14Yo te twouve ekri nan lalwa a jan SENYÈ a te kòmande pa Moïse ke fis Israël yo ta dwe viv nan tonèl pandan fèt setyèm mwa a. 15Konsa, yo te fè pwoklamasyon an, e te pwoklame li nan tout vil pa yo ak Jérusalem. Yo te di: “Ale deyò vè ti mòn yo e pote branch oliv yo, avèk branch oliv mawon yo, branch bwa bazilik yo, branch palmis yo, avèk branch nan lòt kalite bwa ak fèy, pou fè tonèl yo, jan sa ekri a.”
16Pou sa, pèp la te sòti e te pote yo pou fè tonèl yo pou yo menm, chak nan twati pla anwo kay pa yo, oswa nan lakou yo, nan lakou lakay Bondye a, nan plas kote Pòtay Dlo a, e nan plas kote Pòtay Ephraïm nan. 17Tout asanble a sila ki te retounen soti an kaptivite yo te fè tonèl yo, e te rete ladan yo. Fis Israël yo, anverite, pa t konn fè sa depi nan jou a Josué yo, fis a Nun nan, jis rive nan jou sa a. Epi te gen gwo rejwisans. 18Li te li soti nan liv lalwa a chak jou, soti nan premye jou a, jis rive nan dènye jou a. Yo te selebre fèt la pandan sèt jou, e nan uityèm jou a, te gen yon asanble solanèl selon òdonans lan.

Did you know?
The Reading of the Law and the Feast of Booths
- Ezra the scribe, a priest descended from Aaron who had led exiles back from Babylon, read the Book of the Law of Moses from daybreak until noon to the assembly in Jerusalem. Standing on a high wooden platform in the square before the Water Gate, he read while Levites explained the text so the entire crowd could understand.Sources: the Bible text itself · Ezra · Water Gate · Jerusalem
- When the people wept upon hearing the Law read, Nehemiah the governor, Ezra, and the Levites instructed them not to grieve on a holy day. The people were told to celebrate with rich food and sweet drinks, share portions with those who had nothing prepared, and take comfort in the joy of the Lord.Sources: the Bible text itself
- After discovering the command in the Law to live in booths during the seventh month, the returned exiles gathered palm, olive, and myrtle branches to build shelters across Jerusalem's rooftops, courts, and squares by the Water Gate and the Gate of Ephraim. The text notes that the Israelites had not celebrated this feast in such a manner since the time of Joshua son of Nun.Sources: the Bible text itself · Water Gate · Gate of Ephraim
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Water Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 3, 16
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 15
- Ephraim Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 16
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org