Nehemiah 6
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, lè l te rapòte a Sanballat, Tobija, Guéschem, Arab la, avèk lòt lènmi nou yo, ke mwen te rebati miray la e ke pa t gen brèch ankò ladann; malgre nan moman sa a, nou potko monte pòt nan pòtay yo, 2Sanballat avèk Guéschem te voye kote mwen epi te di: “Vini, annou reyini ansanm nan Chephirim nan plèn Ono.” Men se mal ke yo te gen entansyon pou fè m.
3Konsa, mwen te voye mesaje yo kote yo. Mwen te di: “Mwen ap fè yon gwo travay, e mwen p ap kab desann. Poukisa travay la ta dwe rete pandan mwen kite li pou vin kote nou?”
4Yo te voye kote mwen kat fwa konsa e mwen te reponn yo menm jan an. 5Konsa, Sanballat te voye sèvitè li kote mwen yon senkyèm fwa avèk yon lèt ouvri nan men l. 6Ladann, li te ekri: “Gen yon rapò k ap fèt pami nasyon yo, e Gaschmu ap di ke ou menm avèk Jwif yo gen plan pou fè rebelyon. Ke se pou sa ke w ap rebati miray la. Epi se ou menm ki va wa yo, selon rapò yo. 7Anplis ke ou te chwazi pwofèt Jérusalem yo pou fè pwoklamasyon pou ou menm, pou ‘Yon wa nan Juda!’ Konsa, yon rapò va voye kote wa a sou rapò sila yo. Pou sa a, vin kounye a, pou nou fè konsèy ansanm.”
8Konsa, mwen te voye kote li. Mwen te di: “Kalite bagay sa yo ke w ap pale yo, pa t janm fèt, men w ap envante yo nan pwòp panse ou.” 9Paske, yo tout t ap eseye fè nou pè e t ap reflechi: “Yo va vin dekouraje avèk travay la, e li p ap fèt.” Men koulye a, O Bondye ranfòse men m.
10Lè m te antre lakay Schemaeja, fis a Delaja a, fis a Mehétabeel la, ki pa t kab kite lakay li, li te di: “Annou reyini ansanm lakay Bondye a, anndan tanp lan, annou fèmen pòt tanp yo, paske yo ap vin touye ou. Wi, y ap vini pandan lannwit lan pou touye ou.”
11Men mwen te di: “Èske yon nonm tankou mwen ta dwe sove ale kache? Epi èske yon moun tankou mwen ta antre nan tanp lan pou sove lavi li? Mwen p ap antre.” 12Konsa, mwen te vin apèsi ke anverite, Bondye pa t voye li, men li te eksprime pwofesi a kont mwen akoz Tobija avèk Sanballat te anplwaye li. 13Li te anplwaye li pou rezon sa a; pou m ta kapab vin pè pou aji konsa e peche, pou yo menm ta kab gen yon move rapò kon repwòch kont mwen. 14Sonje, O Bondye mwen, Tobija avèk Sanballat selon zèv pa yo, e anplis, pwofetès la, Noadia, ak lòt pwofèt ki te eseye fè m pè yo.
15Konsa, miray la te fini nan venn-senkyèm jou mwa Elul la, sou senkant-de jou. 16Lè tout lènmi nou yo te tande e tout nasyon ki antoure nou yo, te wè, yo te pèdi kouraj, paske yo te rekonèt ke travay sa a te fèt avèk èd Bondye pa nou an. 17Anplis, nan jou sa yo, anpil lèt te sòti nan gwo moun a Juda yo bay Tobija e lèt Tobija yo te rive kote yo. 18Paske anpil nan yo te mare pa sèman ak li menm, paske li te bofis a Schecania, fis a Arach la e fis pa li a, Jochanan te marye ak fi a Meschullam nan, fis a Bérékia a. 19Anplis, yo t ap pale afè bon zèv li nan prezans mwen e te bay li rapò a pawòl mwen yo.

Did you know?
Conspiracies and the Wall Completed
- Sanballat and Geshem repeatedly invited Nehemiah to meet in the plain of Ono, an area in the territory of Benjamin about thirty miles northwest of Jerusalem. Nehemiah recognized this invitation as an attempt to lure him away from the city to harm him and halt the rebuilding effort.Sources: the Bible text itself · Ono · Sanballat · Geshem
- Opponents also bribed internal figures, such as Shemaiah and the prophetess Noadiah, to frighten Nehemiah into fleeing inside the temple sanctuary. Had Nehemiah hidden in the temple to save his life, he would have committed a breach of sacred protocol and undermined his standing among the people.Sources: the Bible text itself · Shemaiah · Noadiah · Tobiah
- Despite external intimidation and the divided loyalties of local nobles who were tied to Tobiah by marriage, the rebuilding of Jerusalem's wall was completed in fifty-two days on the twenty-fifth of Elul.Sources: the Bible text itself · Tobiah
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Hakkephirim · Today: within 10 km of Kafr Ana · 32.027, 34.868 · verse 2
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 7
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org