Nations Bible

Nehemiah 4

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, li te vin rive ke lè Sanballat te tande ke nou t ap rebati miray la, li te vin anraje nèt, byen fache e te moke Jwif yo. 2Li te pale nan prezans a frè li yo avèk Samariten rich yo. Li te di: “Se kisa Jwif san kapasite ak fòs sa yo ap fè la a? Èske y ap restore li pou kont yo? Èske yo kab ofri sakrifis? Èske yo kab fin fè l nan yon jounen? Èske yo kab restore wòch yo soti nan ranblè plen pousyè a; menm sa ki te brile yo?”

3Alò, Tobija, Amonit lan, te toupre li. Li te di: “Menm sa y ap bati, si yon rena ta vòltije ladann, li ta kraze wòch miray yo!”

4Tande, O Bondye pa nou an, kijan nou meprize! Fè repwòch pa yo retounen sou pwòp tèt yo, e livre yo pou yo ta vin piyaje nan yon peyi an kaptivite. 5Pa padone inikite yo, e pa kite peche yo efase devan Ou, paske yo te dekouraje ouvriye ki t ap bati yo.

6Konsa, nou te bati miray la, e tout miray la te jwenn ansanm jis rive nan mwatye wotè li, paske pèp la te gen tèt ansanm pou travay la.

7Alò, lè Sanballat, Tobija, Arab yo, Amonit ak Ashdodit yo te tande ke reparasyon miray Jérusalem yo te kontinye, e ke brèch yo te kòmanse fèmen yo te byen fache. 8Yo tout ansanm te fè konplo pou vin goumen kont Jérusalem, e pou fè zen ladann. 9Men nou te priye a Bondye nou an e akoz yo menm, nou te plase yon gad pou anpeche yo lajounen kon lannwit. 10Konsa, nan Juda yo t ap di:

“Fòs a sila ki pote chaj yo ap febli,

Malgre, toujou gen anpil fatra;

Epi nou menm pou kont nou,

P ap kab rebati miray la.”

11Lènmi nou yo t ap di: “Yo p ap konnen ni wè jiskaske nou vini pami yo, touye yo e mete fen nan travay la.”

12Lè Jwif ki te rete toupre yo te vin kote nou dis fwa epi te di nou: “Yo va vini kont nou soti tout kote ke nou kab vire,”

13Alò, mwen te estasyone moun nan pati piba nan espas dèyè miray la, kote ki te manke pwotèj e mwen te estasyone moun pami fanmi yo avèk nepe pa yo, lans ak banza yo. 14Lè m te wè ke yo te pè, mwen te leve pale avèk gwo moun yo, chèf yo ak tout lòt moun yo: “Pa pè yo; sonje Senyè a gran e mèvèye. Goumen pou frè nou yo, fis nou yo, fi nou yo, madanm nou yo ak lakay nou yo.”

15Lè lènmi nou yo te tande ke afè yo te rekonèt pa nou, e ke Bondye te jennen plan yo; alò, nou tout te retounen kote miray la, chak moun nan pwòp travay li. 16Depi jou sa a, mwatye nan sèvitè mwen yo te fè travay la, e lòt mwatye a te kenbe lans yo, boukliye pwotèj yo, banza yo ak pwotèj lestomak yo. Epi kapitèn yo te dèyè lakay Juda a. 17Sila ki t ap rebati miray la avèk sila ki te pote chaj yo te pran chaj yo nan yon men pou fè travay la e te kenbe yon zam nan lòt men an. 18Epi pou sila ki t ap bati yo, chak moun te mete yon nepe senti nan ren li pandan li t ap bati a, e mesye twonpèt la te rete toupre mwen. 19Mwen te pale ak gwo moun yo, chèf yo, ak tout lòt moun yo: “Travay la gran e vast e nou se separe sou miray la de yon lwen a yon lòt. 20Nenpòt kote ke nou tande twonpèt la, vin rive kote nou la a. Bondye nou an va goumen pou nou.”

21Konsa, nou te kontinye travay la avèk mwatye nan yo ki te kenbe lans yo soti nan maten jis rive lè zetwal yo te vin parèt. 22Nan lè sa a, mwen te di pèp la ankò: “Kite chak mesye yo ansanm avèk sèvitè li pase nwit lan Jérusalem pou yo kab fè yon bon gad pou nou pandan nwit lan, e sèvi kon yon ouvriye nan lajounen.” 23Konsa, ni mwen menm, ni frè m yo, sèvitè mwen yo, ni mesye nan gad ki te swiv mwen yo, okenn pa t retire rad yo, chak moun te pote zam li, menm lè yo ale chache dlo.

Did you know?

Armed Defense and the Rebuilding of Jerusalem

  • Sanballat, an official in Samaria, and Tobiah the Ammonite led regional resistance against the rebuilding of Jerusalem's defenses, allying with neighboring Arabs and Ashdodites to mock the Jewish workers and plan an armed strike.Sources: Sanballat · Tobiah · the Bible text itself
  • To counter the constant threat of attack, Nehemiah organized a dual system of labor and security, requiring builders to work with one hand while holding a weapon with the other, guided by a trumpeter to sound the alarm across the extensive wall.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Samaria · 32.276, 35.195 · verse 2
  • Ashdod · Today: Tel Ashdod · 31.757, 34.658 · verse 7
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 7, 8, 22

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.