Nehemiah 13
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Nan jou sa a, yo te li soti nan liv Moïse la, nan tande a pèp la, epi li te twouve ekri ladann ke ni Amonit ni Moabit pa ta janm dwe antre nan asanble Bondye a, 2paske yo pa t rankontre fis Israël yo avèk pen avèk dlo, men te anplwaye Balaam kont yo pou bay yo madichon. Men Bondye nou an te vire madichon an fè l vin benediksyon. 3Pou sa, lè yo te tande lalwa a, yo te mete tout etranje yo deyò Israël.
4Alò, avan sa a, Éliaschib, prèt la, ki te chwazi dirijan nan chanm lakay Bondye yo, ki te fè alyans ak Tobija, 5te prepare yon gran chanm pou li, nan kote a ki oparavan te konn sèvi pou depo ofrann sereyal yo, lansan an, zouti ak dim sereyal yo, diven avèk lwil ki te pou Levit yo, chantè yo, ak gadyen pòtay yo, avèk kontribisyon balanse an lè, ki te pou prèt yo. 6Men pandan tout tan sa a, mwen pa t la Jérusalem, paske nan trann-dezyèm ane Artaxerxès la, wa a Babylone nan, mwen te deja ale kote wa a. Men apre kèk tan, mwen te mande pèmisyon a wa a pou m sòti, 7epi mwen te rive Jérusalem e te vin aprann mal ke Éliaschib te fè pou Tobija a, lè l te prepare yon chanm pou li nan lakou lakay Bondye a. 8Sa te fè m pa kontan anpil. Konsa, mwen te jete tout bagay Tobija yo deyò chanm nan. 9Epi mwen te pase lòd, e yo te netwaye chanm yo. Mwen te remete la zouti lakay Bondye yo avèk ofrann sereyal la ak lansan an.
10Anplis, mwen te dekouvri ke pòsyon Levit yo pa t konn bay a yo menm ki te fè Levit yo avèk chantè yo ki te pèfòme nan fè sèvis yo, ale; yo chak nan pwòp chan pa l. 11Konsa, mwen te repwoche responsab yo. Mwen te di: “Poukisa lakay Bondye a abandone?” Mwen te reyini yo ansanm e te fè yo reprann pòs yo. 12Konsa ankò, tout Juda te pote dim sereyal la, diven an avèk lwil la, antre nan kay depo yo. 13Kon responsab pou kay depo yo, mwen te chwazi Schélémia, prèt la, Tsadok, skrib la, avèk Pedaja a Levit yo: epi akote sila yo, Hanan, fis a Zaccur la, fis a Matthania a; paske yo te konsidere kon moun serye e se te tach pa yo pou separe bay a frè yo.
14Sonje mwen pou sa, O Bondye mwen, e pa efase zèv fidèl ke m te fè pou lakay Bondye mwen an ak sèvis mwen te fè pou li a.
15Nan jou sa yo, mwen te wè nan Juda kèk moun ki t ap bat rezen nan Saba a, ki t ap fè antre sak sereyal yo, chaje yo sou bourik yo, ansanm avèk diven an, rezen yo, fig yo ak tout kalite chaj yo pou yo te pote yo antre Jérusalem nan jou Saba a. Pou sa, mwen te fè temwen kont yo nan jou ke yo t ap vann manje a. 16Anplis, mesye Tyre yo te rete la e te enpòte pwason avèk tout kalite machandiz, ki te vann a fis Juda yo nan Saba a, menm nan Jérusalem. 17Pou sa a mwen te bay repwòch a moun prensipal Juda yo epi te di yo: “Ki kalite mal nou ap fè la a, lè nou vin degrade jou Saba a? 18Èske papa nou yo pa t fè menm bagay la, jiskaske Bondye nou an te fè rive nou avèk tout vil sa a tout twoub sa yo? Sepandan, nou ap ogmante kòlè sou Israël lè nou vin desann jou Saba a konsa.”
19Li te vin rive ke lè l te fenk ap fènwa nan pòtay Jérusalem yo avan Saba a, mwen te pase lòd pou pòt yo ta fèmen e pou yo pa ta ouvri yo jiskaske Saba a te fini. Mwen te estasyone kèk nan sèvitè mwen yo nan pòtay yo pou okenn chaj pa t antre nan Saba a. 20Youn oswa de fwa, machann a tout kalite machandiz te oblije pase nwit lan deyò Jérusalem. 21Konsa mwen te avèti yo, epi te di yo: “Poukisa nou pase nwit lan devan miray la? Si nou fè sa ankò, m ap sèvi ak fòs kont nou.” Depi lè sa a jis ale nèt, yo pa t vini nan Saba a. 22Mwen te pase lòd a Levit yo ke yo ta dwe pirifye tèt yo e vini tankou gadyen pòtay yo pou sanktifye jou Saba a. Pou sa, anplis, sonje mwen, O Bondye mwen e fè mwen mizerikòd, selon grandè lanmou dous Ou.
23Anplis, nan jou sa yo, mwen te wè ke Jwif yo te konn marye ak fanm Ashdod yo, Ammon, avèk Moab yo. 24Epi selon pitit yo, mwatye nan yo te pale langaj Ashdod la, e nanpwen menm nan yo ki te gen kapasite pou pale langaj Juda a, men pito langaj a pèp pa li a. 25Pou sa, mwen te kanpe kont yo, mwen te bay yo madichon yo, te frape kèk nan yo, te rale cheve yo e te fè yo sèmante pa Bondye: “Ou p ap bay fi ou yo a fis pa yo, ni pran nan fi pa yo pou fis nou, ni pou nou menm. 26Èske Salomon, wa Israël la, pa t peche nan bagay sa yo? Malgre, pami anpil nasyon yo, pa t gen wa tankou li, li te renmen pa Bondye li a, e Bondye te fè li wa sou tout Israël. Sepandan, fanm etranje yo te fè menm li menm nan fè peche. 27Alò, èske nou tande de nou menm ke nou te komèt gran mal sila a, e te aji avèk enfidelite kont Bondye nou an nan fè maryaj avèk fanm etranje yo?”
28Menm youn nan fis a Jojada yo, fis a Éliaschib la, wo prèt la, te bofis a Sanballat, Owonit lan, e pou sa, mwen te chase li lwen mwen. 29Sonje yo, O Bondye mwen, akoz yo te degrade otorite a prèt la, avèk akò otorite prèt yo avèk Levit yo.
30Konsa, mwen te pirifye soti nan tout bagay etranje yo e te chwazi devwa pou prèt yo ak Levit yo, yo chak nan pwòp tach pa yo; 31epi pou ofrann founi bwa nan lè chwazi yo, ak pou premye fwi yo, sonje mwen, O Bondye mwen, pou sa ki bon.
Did you know?
Nehemiah’s Final Reforms
- During Nehemiah's absence in Babylon visiting King Artaxerxes, Eliashib the priest allocated a large temple storeroom to Tobiah the Ammonite. Upon his return, an outraged Nehemiah threw all of Tobiah's household goods out of the chamber and restored the space for storing grain offerings, frankincense, and sacred temple articles.Sources: Tobiah · the Bible text itself
- To stop merchants from Tyre and local traders from selling food and goods on the Sabbath, Nehemiah ordered the gates of Jerusalem to be shut as evening shadows fell before the Sabbath and kept closed until it ended, posting guards to enforce the rest day.Sources: the Bible text itself
- Nehemiah confronted Judean men who had married women from Ashdod, Ammon, and Moab after noticing that half of their children could no longer speak the language of Judah, which he saw as a threat to their religious and community identity.Sources: the Bible text itself · Ashdod · Ammon · Moab
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Babylon · 32.543, 44.422 · verse 6
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 6, 7, 15, 16, 19, 20
- Tyre · 33.271, 35.196 · verse 16
- Ammon · 31.955, 35.934 · verse 23
- Ashdod · Today: Tel Ashdod · 31.757, 34.658 · verses 23, 24
- Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verse 23
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org