Nahum 2
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Sila ki konn kaze brize a gen tan monte kont ou. Kenbe fò a! Veye chemen an! Ranfòse ren ou! Ranmase tout kouraj ou!
2Paske SENYÈ a va restore tout glwa a Jacob, menm jan ak glwa Israël la, paske piyajè yo fin piyaje yo, e te rache branch rezen li yo.
3Boukliye a mesye pwisan li yo vin wouj. Gèrye yo vin abiye an kramwazi. Cha yo klere an asye nan jou derape a. Lans an bwa pichpen yo vin parèt. 4Cha yo kouri fou nan lari. Yo sikile san kontwòl sou wout yo. Aparans yo tankou tòch, yo kouri patou tankou kout loray. 5Li rele gèrye pi chwazi li yo. Yo manke tonbe nan fòme yo. Yo prese rive nan miray la. Gwo barikad syèj defans la fin prepare. 6Pòtay rivyè yo ouvri e palè a fin kraze nèt. 7Bagay la fin fèt; Ninive vin toutouni, li fin pote ale nèt. Sèvant li yo ap plenyen ak vwa toutrèl; y ap bat lestonmak yo. 8Men Ninive te tankou ti lak dlo depi lontan; malgre sa, y ap sove ale. “Rete, Rete”! Yo kriye fò, Men pèsòn pa gade dèyè. 9Pran piyaj ajan! Pran piyaj lò! Paske gen trezò san limit—gen valè nan tout bagay presye yo. 10Li vin vid nèt! Wi, li vin dezole e gate. Kè yo ap fann e jenou yo si tèlman ap sekwe, youn bat lòt. Doulè ak laperèz domine tout kò a, e figi yo vin blèm! 11Kote fòs lyon yo ye? Kote plas la tout jenn lyon yo te manje? Kote andwa a manman lyon an ak ti lyon an te konn mache? Plas la kote okenn pa t konn fè yo pè? 12Lyon an te konn chire viktim yo an mòso ase pou manje ti lyon li yo. Li te touye pou manman lyon li yo. Li te plen kav li ak chè ki dechire e tanyè li ak viktim. 13“Gade byen Mwen kont ou”, pale SENYÈ dèzame yo. “Mwen va brile cha lagè li yo nan lafimen. Nepe a va devore jenn lyon ou yo. Mwen va retire nan peyi a, tout chè nou te konn manje. Konsa, vwa mesaje nou yo p ap tande ankò.”

Did you know?
The Fall of Nineveh
- Nineveh was the great and flourishing capital of the Assyrian empire, and the book of Nahum is almost exclusively occupied with prophecies foretelling its ruin and complete desolation.Sources: Nineveh · the Bible text itself
- The prophet depicts the siege with vivid tactical imagery, describing attacking warriors dressed in scarlet with flashing chariots, and the breach of the river gates that causes the palace to collapse.Sources: the Bible text itself
- Nahum taunts the imperial city by comparing it to a den of lions that once preyed upon surrounding nations, announcing that its lairs of plunder will be completely emptied and destroyed.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org