Mark 7
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Farizyen yo avèk kèk nan skrib yo te antoure Jésus lè yo te sòti Jérusalem. 2Lè yo te wè ke kèk nan disip Li yo t ap manje pen avèk men enpi, sa vle di, san lave, 3(pwiske Farizyen yo avèk tout Jwif yo pa manje sof ke yo lave men yo kòrèk, pou obsève tradisyon a ansyen yo. 4Lè yo sòti nan mache, yo pa manje sof ke yo gen tan benyen. Anplis yo gen anpil lòt bagay ke yo konn resevwa kon prensip, tankou lavaj a tas, avèk krich, ak po kwiv yo.)
5Pou sa, Farizyen yo ak skrib yo te mande L: “Poukisa disip ou yo pa mache selon tradisyon ansyen yo, men manje pen avèk men ki pa lave?”
6Li te reponn yo: “Byen jis Ésaïe te fè pwofesi sou nou kon ipokrit, lè li te ekri: ‘Pèp sa bay Mwen lonè avèk lèv yo, men kè yo lwen Mwen. 7Men anven yo adore Mwen lè y ap enstwi kòm doktrin, prensip a lòm.’
8“Nou neglije kòmandman a Bondye yo, pou kenbe tradisyon a lòm yo—kon lavaj krich yo ak anpil lòt bagay” 9Li t ap di yo anplis: “ Ak konesans nou mete kòmandman Bondye a akote, pou kenbe tradisyon pa nou yo. 10Paske Moïse te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou’; epi ‘sila ki pale mal a papa li oswa manman li, fòk li mete a lanmò.’
11“Men nou di: ‘Si yon nonm di a papa l, ni a manman l, nenpòt sa ke m genyen se Kòba’” (sa vle di, “bay a Bondye”), 12“Nou pa pèmèt moun nan fè anyen ankò ni pou papa l, ni pou manman l. 13Konsa nou fè pawòl Bondye a vin nil ak tradisyon ke nou transmèt a youn lòt. Nou fè anpil bagay konsa.”
14Li te rele foul la kote Li ankò. Li te di yo: “Koute Mwen, nou tout, e konprann: 15Nanpwen anyen deyò yon nonm k ap fè l sal, men se bagay ki sòti pa anndan yon nonm ki fè l sal. 16Si yon moun gen zòrèy, kite li tande.”
17Lè Li te kite foul la, Li te antre nan kay la. Disip Li yo te kesyone L sou parabòl sila a.
18Epi Li te di yo: “Èske nou si tèlman manke konprann tou? Èske nou pa konprann ke sa ki sòti deyò yon nonm pou antre ladann pa kapab souye l, 19paske sa pa antre nan kè l, men nan vant li epi li vin elimine?” (Konsa Li te deklare ke tout kalite manje pwòp.)
20Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l. 21Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè, 22zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli. 23Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”
24Jésus te leve e te pati pou rejyon Tyr la. Lè Li te antre nan yon kay, Li pa t vle pèsòn konnen sa, men Li pa t kab evite atire atansyon.
25Men lè yon fanm ak yon tifi ki te gen yon move lespri te tande de Jésus, li te vin kote L nan menm moman an, e te tonbe nan pye Li. 26Alò, fanm sila a te yon moun etranje nan ras Siwofonisyèn. E li te kontinye mande L pou chase move lespri a sou pitit li a.
27Jésus te di li: “Kite zanfan yo satisfè avan, paske li pa bon pou pran pen timoun yo pou jete l bay chen.”
28Men fanm nan te reponn Li: “Wi Mèt, men menm ti chen anba tab yo manje ti mòso ke timoun yo lese tonbe yo.”
29Konsa Li te di li: “Akoz repons sa a, al fè wout ou; move lespri a gen tan kite fi ou a.”
30E lè fanm nan te retounen lakay li, li te twouve tifi a byen kouche sou kabann nan, e move lespri a te gen tan kite li.
31Ankò Li te kite rejyon Tyr la, e te pase pa Sidon jiska lanmè Galilée a, nan rejyon Decapolis.
32Yo te mennen bay Li yon moun ki te soud, ki te pale avèk anpil difikilte, e yo te sipliye L pou mete men Li sou li.
33Jésus te mennen l apa gran foul la, e te mete dwat Li anndan zòrèy moun nan. Li te krache, e te touche lang li avèk krache a. 34Pandan Li gade vè syèl la, Li te soupire byen fò, e te di li: “Ifafata!” Sa vle di “Ouvri!” 35Konsa zòrèy li te louvri. Lang lou a te disparèt, e li te vin pale kon nòmal.
36Li te bay yo lòd pou yo pa pale avèk pèsòn; men plis Li te bay lòd, plis yo te kontinye gaye nouvèl la toupatou. 37Yo te vin etone nèt. Yo t ap di: “Li fè tout bagay byen. Li fè menm soud yo tande, e bèbè yo pale”.
Did you know?
Purity, tradition, and the road beyond Galilee
- Pharisees and scribes who had come from Jerusalem questioned Jesus because some of his disciples were eating with unwashed hands. Mark explains that, in holding to the tradition of the elders, the Pharisees and all the Jews did not eat until they washed ceremonially, and that they also washed after the market and washed cups, pitchers, kettles, and couches for dining. A chronology dates this discourse on commandments and tradition to AD 29.Sources: the Bible text itself · Commandments and Tradition Discourse
- Jesus answered by quoting Isaiah, the son of Amoz, about people who honor God with their lips while their hearts are far from him, and who teach human precepts as doctrine. He set against the tradition of the elders a command he attributes to Moses—to honor father and mother—and the practice of Corban, which the text explains as a gift devoted to God and by which, he said, a person was no longer permitted to do anything for his parents.Sources: the Bible text itself · Isaiah
- In the region of Tyre, a Greek woman of Syrophoenician origin begged Jesus to drive an unclean spirit out of her daughter. He later went through Sidon to the Sea of Galilee and into the Decapolis: Sidon, on the Mediterranean north of Tyre, was the older Phoenician city and Tyre’s mother city, while the Decapolis—a name meaning ten cities—lay east and southeast of the lake and was chiefly inhabited by Greeks. There a man who was deaf and hardly able to speak was brought to him, and Jesus said, “Ephphatha,” which the narrative explains as “Be opened.”Sources: the Bible text itself · Sidon · Tyre · Decapolis
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 1
- Galilee · 32.760, 35.527 · verse 24
- Sidon · Today: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · verses 24, 31
- Tyre · 33.271, 35.196 · verses 24, 31
- Phoenicia · 33.271, 35.196 · verse 26
- Decapolis · 32.717, 35.800 · verse 31
- Sea of Galilee · 32.819, 35.590 · verse 31
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org