Mark 3
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Li te antre ankò nan sinagòg la, epi yon nonm te la avèk yon men sèch. 2Yo t ap veye L pou wè si Li t ap geri li nan Saba a pou yo ta kapab akize Li.
3Li te di nonm avèk men sèch la: “Leve vin devan!”
4Li te di yo: “ Èske li pèmi nan Saba a pou fè byen, oubyen pou fè mal, pou sove yon vi, oubyen pou touye”? Men yo te rete an silans.
5Lè L fin gade toupatou, byen fache, byen blese akoz kè di yo, Li te di a nonm nan: “Lonje men ou”. Li te lonje l, e men li te geri.
6Imedyatman, Farizyen yo te ale deyò pou fè konplo kont Li avèk Ewodyen yo pou wè kijan yo ta kapab detwi Li.
7Jésus te retire kò l bò kote lanmè a ansanm avèk disip Li yo. Yon gran foul ki sòti Galilée t ap swiv li, ansanm avèk moun peyi Judée yo, 8avèk Jérusalem, Idumée ak lòtbò Jourdain an ak landwa Tyr avèk Sidon. Yon gwo foul moun ki te tande tout sa Li t ap fè, te vin kote Li. 9Li te di disip Li yo ke yon kannòt ta dwe prepare pou Li, akoz gran foul la, pou yo pa peze L twòp. 10Paske Li te geri anpil moun, e kon rezilta, tout sa ki te aflije yo t ap peze L pou yo ta kapab touche L.
11E nenpòt lè ke move lespri yo te wè L, yo t ap tonbe devan Li, kriye fò e di: “Ou se Fis Bondye a!”
12Konsa, Li te reponn yo avèk severite pou yo pa di ki moun li te ye.
13Li te monte sou mòn nan, pou L te rele sila ke Li menm te vle yo, e yo te vin kote Li. 14Li te dezinye douz yo, pou yo ta kapab avè L, e pou Li ta kapab voye yo deyò pou preche, 15e pou yo ta kab gen otorite pou chase move lespri yo: 16Simon, ki rele Pierre, 17Jacques, fis Zébédée a, avèk Jean, frè a Jacques, (a li menm Li te bay non Boanergès ki vle di Fis a tonnè yo); 18André, ak Philippe, ak Barthélemy, ak Matthieu, ak Thomas, ak Jacques, fis Alphée a, ak Thaddée, e Simon, Zelòt la; 19ansanm avèk Judas Iscariot, sila ki te trayi Jésus a.
20Apre, Li te retounen lakay Li, e foul la te rasanble ankò jiskaske yo pa t kab menm manje yon repa.
21Lè pwòp fanmi pa Li te tande sa, yo te ale deyò pou pran chaj Li, paske yo t ap di: “Li gen tan pèdi bon tèt Li”.
22Konsa, skrib ki te sòti Jérusalem yo t ap di: “Se Béelzébul menm ki pran L. Li chase move lespri yo pa mèt move lespri yo”.
23Li te rele yo a Li menm, e te kòmanse pale ak yo an parabòl: “Kijan Satan kapab chase Satan mete l deyò? 24Si yon wayòm divize kont tèt li, wayòm sa a p ap kapab kanpe. 25Si yon kay divize kont tèt li, kay sa a p ap kab kanpe. 26Si Satan fin leve kont tèt li, epi li divize, li p ap kab kanpe, men li fini!
27“Men pèsòn p ap kapab antre lakay a yon nonm fò, e piyaje byen li, sof ke premyèman li mare mesye fò a; e apre sa, l ap piyaje kay li.
28“Anverite, Mwen di nou tout peche fis a lòm yo ap padone, e menm nenpòt blasfèm yo fè; 29men nenpòt moun ki blasfeme kont Lespri Sen an p ap janm gen padon, men yo va rete koupab de yon peche etènèl.”
30Paske yo t ap di ke “Li gen yon move lespri”.
31Alò, manman Li, avèk frè Li yo te rive kanpe deyò a, yo te voye kote Li e te rele Li.
32Yon foul te chita toupatou antoure L, e yo te di Li: “Gade, manman Ou avèk frè Ou yo ap chèche Ou deyò a”.
33Li te reponn yo e te di: “Kilès ki manman M ak frè M?”
34Li te gade toupatou sou sila ki te chita antoure Li yo e Li te di: “ Gade, men manman M avèk frè M yo! 35Paske sila ki fè volonte a Papa M yo, se yo menm ki frè M, sè M, ak manman M”.

Did you know?
Crowds, the Twelve, and the charge of Satan
- Several of the men Jesus appointed as the twelve had been fishermen in Galilee. Simon, whom he named Peter, and his brother Andrew were from Bethsaida; James and John, sons of Zebedee, fished in partnership with Peter. Jesus called those brothers Boanerges, “Sons of Thunder”; Easton's Bible Dictionary (1897) says they were probably given that name because of their boldness and energy.Sources: Simon Peter · Andrew · James (Son of Zebedee) · the Bible text itself
- People pressed in from Galilee, Judea, Jerusalem, Idumea, beyond the Jordan, and the region of Tyre and Sidon, having heard what Jesus was doing. Tyre and Sidon were ancient Phoenician cities on the Mediterranean; Sidon lay about twenty-five miles north of Tyre. Under the Romans, Judea was the southernmost of Palestine’s three divisions, set apart from Galilee.Sources: the Bible text itself · Tyre · Sidon · Judea
- Scribes who had come down from Jerusalem said that Jesus was possessed by Beelzebul and that he drove out demons by the prince of the demons. He replied by asking how Satan can drive out Satan. Satan means “adversary” or “accuser”; in the New Testament the name is used interchangeably with the devil, and Easton's Bible Dictionary (1897) also calls him Beelzebub.Sources: the Bible text itself · Satan
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Galilee · 32.760, 35.527 · verse 7
- Judea · Today: Judea 1 · 31.777, 35.234 · verse 7
- Idumea · 31.525, 35.102 · verse 8
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 8, 22
- Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verse 8
- Sidon · Today: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · verse 8
- Tyre · 33.271, 35.196 · verse 8
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org