Mark 16
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Lè Saba a te fini, Marie Magdala, avèk Marie, manman a Jacques, ak Salomé, te pote epis pou yo ta kab fè onksyon kò Li. 2Epi trè bonè, nan premye jou semèn nan, yo te vini nan tonm nan lè solèy la t ap fenk leve. 3E yo t ap di youn ak lòt: “Kilès k ap woule wòch la sòti nan antre tonm nan pou nou?”
4Nan gade anlè, yo te wè ke wòch la te deja gen tan woule sòti, malgre ke li te byen gwo. 5Epi lè yo te antre nan tonm nan, yo te wè yon jennonm ki te chita sou bò dwat, abiye ak yon vètman blan, epi yo te sezi.
6Li te di yo: “Pa sezi, nou ap chache Jésus, Nazareyen ki te krisifye a. Li leve. Li pa isit la. Gade, la se plas kote yo te mete L la. 7Men ale, pale disip Li yo, ansanm avèk Pierre; L ap prale devan nou Galilée. La nou va wè Li jan ke Li te di nou an.”
8Yo te fè vit sove ale kite tonm nan, akoz tranbleman ak sezisman te gen tan pran yo. Yo pa t di anyen a pèsòn, paske yo te krent.
9Alò, apre Li te leve bonè nan premye jou semèn nan, Li te parèt premyèman a Marie Magdala, moun sou sila ke Li te retire sèt move lespri yo. 10Marie te ale bay rapò a sila ki te konn avèk Li yo pandan yo te nan doulè e t ap kriye. 11Lè yo te tande ke Li te vivan, e li te wè L, yo te refize kwè sa.
12Epi apre sa, Li te parèt nan yon lòt fòm a yo de pandan yo t ap mache fè wout yo andeyò. 13Epi yo te kite la, e te ale bay rapò a lòt yo, men yo pa t kwè yo nonplis.
14Apre, Li te vin parèt a onz yo menm, pandan yo te sou tab. Li te bay yo repwòch pou enkredilite ak kè di yo, paske yo pa t kwè sila ki te wè l yo apre li te leve a.
15Li te di yo: “Ale nan tout lemonn e preche bòn nouvèl la a tout kreyasyon an. 16Sila ki kwè e vin batize yo, va sove; men sila ki pa kwè yo, va kondane. 17Sign sa yo ap swiv sila ki kwè yo. Nan non pa M, yo va chase move lespri yo; yo va pale an lang tounèf; 18yo va kenbe koulèv, e si yo bwè nenpòt pwazon mòtèl, li p ap fè yo anyen; yo va mete men sou malad yo, e y ap refè.”
19Alò, lè SENYÈ a te fin pale avèk yo, Li te monte resevwa nan syèl la, e te chita sou men dwat Bondye. 20Konsa, yo te ale deyò e te preche toupatou, pandan Senyè a te avèk yo, e te konfìme pawòl yo pa sign ki te swiv yo. Amen.

Did you know?
The Empty Tomb and the Risen Jesus
- When the Sabbath was over, Mary Magdalene, Mary the mother of James, and Salome bought spices so they could anoint Jesus’ body, and they went to the tomb just after sunrise. Salome was the wife of Zebedee and the mother of James and John; she had witnessed the crucifixion and was present with the other women at the tomb.Sources: the Bible text itself · Salome
- The name Mary Magdalene comes from Magdala, her birthplace, and was used to distinguish her from the other Marys of the Gospels. Easton's Bible Dictionary (1897) notes that a mistaken notion has identified her with the woman called a sinner in Luke 7. This chapter says that Jesus had driven seven demons out of her and that, after he had risen, he appeared first to her.Sources: Mary Magdalene · the Bible text itself
- A young man in the tomb calls Jesus “the Nazarene” and tells the women that he is going ahead of the disciples into Galilee, where they will see him. Nazareth, the home of Joseph and Mary, is not mentioned in the Old Testament; its name is generally supposed to be the Greek form of the Hebrew netser, “shoot” or “sprout,” though some connect it with the hill behind the town and the Hebrew notserah, “one guarding or watching.” Galilee means “circuit,” and because it long remained occupied by its original inhabitants it came to be called “Galilee of the Gentiles.”Sources: the Bible text itself · Nazareth · Galilee
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Nazareth · 32.702, 35.298 · verse 6
- Galilee · 32.760, 35.527 · verse 7
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 12
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org