Nations Bible

Mark 11

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Pandan yo t ap pwoche Jérusalem, nan Bethphagé avèk Béthanie, toupre mòn Oliv la, Li te bay komisyon a de nan disip Li yo. 2Li te di yo: “Ale nan bouk ki anfas nou an. Pandan n ap antre, nou ap twouve yon ti bourik mare, ki poko menm monte. Demare li e mennen l isit la. 3Si yon moun di nou: ‘Poukisa n ap fè sa?’, di l: ‘Senyè a gen bezwen li’. Konsa, l ap voye l vini isit la.”

4Yo te ale, e te twouve yon ti bourik mare toupre pòt la, deyò nan lari a, e yo te demare li.

5Konsa, kèk nan sila ki te la yo t ap di yo: “Kisa nou ap fè la a? N ap demare ti bourik la?”

6Yo te pale yo jan Jésus te di a, e yo te bay yo dwa pran l.

7Yo te pote ti bourik la bay Jésus. Yo te mete vètman yo sou li, e Li te chita sou li.

8Konsa, anpil moun te tann vètman yo sou wout la, e lòt t ap poze branch fèy yo te koupe nan chan sou wout la. 9Sila ki te ale devan yo ak sila ki t ap swiv yo, t ap kriye fò: “Ozana! Beni se Sila a ki vini nan non SENYÈ a! 10Beni se wayòm zansèt nou David, k ap vini an! Ozana nan pi wo a!”

11Jésus te antre Jérusalem e te antre nan tanp lan. Lè Li te fin gade sou tout bagay, Li te kite la pou Béthanie avèk douz yo akoz ke lè a te deja fè ta.

12Nan demen, lè yo te kite Béthanie, Li te vin grangou. 13Li te wè nan distans, yon pye fig etranje avèk tout fèy yo. Li te ale pou wè si petèt li t ap twouve kèk bagay sou li. Lè l rive, li pa t twouve anyen sof ke fèy yo, paske li pa t nan sezon fwi. 14E Li te pale a li: “Ke pèsòn pa janm manje fwi ki sòti nan ou ankò!”

E disip Li yo te tande l.

15Konsa yo te rive Jérusalem. Li te antre nan tanp lan e te kòmanse voye deyò sila ki t ap achte ak vann nan tanp lan. Li te chavire tab a sila ki t ap chanje lajan yo ak chèz a sila ki t ap vann toutrèl yo. 16Li pa t ap kite pèsòn pase nan tanp lan ki pote yon chaj. 17Li te kòmanse pale ak yo. Li te di yo: “Èske li pa ekri: ‘Lakay Mwen an ap rele yon Kay Lapriyè pou tout nasyon yo’? Men nou fin fè l vin yon kav kote vòlè kache.”

18Chèf prèt yo avèk skrib yo te tande, e yo te kòmanse ap chèche jan pou detwi Li. Paske yo te pè Li akoz tout foul la te etone pa prensip ke Li te bay yo.

19Lè aswè te rive, Li te kite vil la.

20Pandan yo t ap pase lantre nan granmmaten, yo vin wè ke pye fig etranje a te seche jis rive nan rasin.

21Konsa, Pierre te sonje, e te di Li: “Rabbi, gade pye fig frans ke Ou te modi a gen tan vin sèch”.

22Jésus te reponn e te di yo: “Mete lafwa nan Bondye. 23Anverite, Mwen di nou, nenpòt moun ki di a mòn sa a: ‘Retire ou la e ale jete ou nan lanmè, san doute nan kè l, men kwè ke sa li di a va rive, sa va rive. 24Pou sa, Mwen di nou, pou tout bagay ke nou priye e mande, kwè ke nou gen tan resevwa l deja, e li va fèt.

25“Nenpòt lè ke n ap kanpe pou fè lapriyè, si nou gen yon bagay kont yon moun, padone l, pou Papa nou osi, ki nan syèl la kapab padone nou pou ofans pa nou yo. 26Men si nou pa padone, Papa nou nan syèl la p ap padone ofans pa nou yo nonplis.”

27Konsa, yo te rive ankò Jérusalem. E pandan Li t ap mache nan tanp lan, chèf prèt yo avèk skrib yo ak ansyen yo te vin kote L.

28Yo te di L: “Pa ki otorite W ap fè bagay sa yo; oubyen kilès ki te bay Ou otorite sa a pou fè bagay sa yo?”

29Jésus te di yo: “M ap poze nou yon kesyon, e nou va reponn Mwen; epi konsa, Mwen menm, M ap di nou pa ki otorite Mwen fè bagay sa yo. 30Èske batèm a Jean an te sòti nan syèl la, oubyen nan lòm? Reponn Mwen.”

31Yo te rezone pami yo menm pou di: “Si nou di ‘nan syèl la’, l ap di poukisa nou pa t kwè li? 32Men si nou di de lòm?” Konsa, yo te pè foul la, paske tout moun te konsidere ke Jean te vrèman yon pwofèt.

33Yo te reponn Jésus e te di: “Nou pa konnen”.

Konsa, Jésus te di yo: “Nonplis, Mwen p ap di nou pa ki otorite Mwen fè bagay sa yo”.

Did you know?

Entering Jerusalem

  • This chapter opens as Jesus and his disciples approach Jerusalem and come to Bethphage and Bethany at the Mount of Olives. Bethany was a village on the south-eastern slope, about two miles east of Jerusalem on the road to Jericho, and its name came from the number of palm trees that grew there; Bethphage, very close by, was the limit of a Sabbath day’s journey from the city, 2,000 cubits. The Mount of Olives is named for the olive trees clothing its slopes: a ridge east of Jerusalem, separated from it by the Kidron valley.Sources: the Bible text itself · Bethany · Bethphage · Mount of Olives
  • The name Bethphage means “house of the unripe fig.” The next day, after they had left Bethany, Jesus was hungry and went to a fig tree in leaf, but found nothing on it except leaves, since it was not the season for figs; he said that no one would ever eat of its fruit again. The next morning they saw the tree withered from the roots, and Peter pointed it out.Sources: the Bible text itself · Bethphage
  • Jesus sat on a colt while many in the crowd spread cloaks on the road and others spread branches cut from the fields. Those ahead and those who followed shouted, “Blessed is the coming kingdom of our father David!” David, whose name means “beloved,” was the eighth and youngest son of Jesse, a citizen of Bethlehem. The Mount of Olives is first mentioned in connection with David’s flight from Jerusalem during Absalom’s rebellion.Sources: the Bible text itself · David · Mount of Olives

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 11, 15, 27
  • Mount of Olives · 31.778, 35.246 · verse 1

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.