Micah 2
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Malè a sila k ap fè plan inikite yo,
k ap manevre mechanste sou kabann yo!
Lè maten rive, yo pratike li,
paske sa nan pouvwa a men yo.
2Yo lanvi chan a lòt, epi konsa yo sezi yo,
kay yo, e konsa yo pran yo.
Yo oprime yon nonm ak kay li,
Yon nonm ak tout eritaj li.
3Pou sa, pale SENYÈ a:
“Gade byen, Mwen ap fè yon plan kont pèp sa a,
yon malè k ap fè nou p ap ka retire kou nou;
ni nou p ap ka mache ak awogans,
paske sa se yon move tan.
4Nan jou sa a, yo va fè leve kont nou yon pawòl;
mokè yo va kriye ak yon lamantasyon tris.
Yo va di: ‘Nou fin detwi nèt!
Li divize eritaj a pèp mwen an.
A la retire, Li retire l nan men mwen!
Li bay moun trèt yo! Li divize bay chan nou yo!’”
5Akoz sa, nou p ap gen pèsòn ki va tann lign mezi
pou fè tiraj osò nan asanble SENYÈ a.
6“Pa pwofetize”!—yo pwofetize—
“Pa pwofetize de bagay de sila yo.
Repwòch sa yo p ap janm rive nou.”
7Èske sa dwe pale, O Lakay Jacob?
“Èske Lespri SENYÈ a pa an kolè?
Èske bagay sa yo se zèv pa Li?
Èske pawòl Mwen yo pa fè byen
pou sila k ap mache dwat la?”
8Men koulye a, pèp Mwen an leve tankou yon ènmi.
Nou chire retire manto ak abiman
de sila k ap pase pa aza yo;
moun k ap retounen, soti nan lagè.
9Fanm a pèp Mwen yo, nou chase yo deyò
pou soti kite bèl ti kay yo.
Nan men jèn pitit yo, nou rache retire
tout benediksyon Mwen, jis pou tout tan.
10Leve ale!
Se pa isit ou ap jwenn repo;
li plen ak sa ki pa pwòp, sa kab detwi,
menm avèk yon destriksyon byen grav.
11Si yon nonm ap mache nan yon
lespri manti pou l di:
“Mwen va pale avèk nou konsènan
diven ak bwason fò,”
li ta kapab menm vin pwofèt a pèp sa a.
12Anverite, Mwen va rasanble nou tout, O Jacob!
Anverite, Mwen va ranmase retay Israël yo.
Mwen va mete yo ansanm tankou mouton nan pak;
tankou yon bann mouton nan mitan patiraj yo.
Y ap plenn ak moun.
13Sila k ap ouvri kraze chemen an va ale devan yo.
Yo kraze pòtay la pou soti.
Se wa yo ki pase devan yo,
ak SENYÈ a a latèt yo.

Did you know?
Social Injustice and False Prophets
- Micah denounces powerful landowners who plotted at night to seize the houses and hereditary fields of poorer families at daybreak, leaving them dispossessed of their ancestral allotments.Sources: the Bible text itself
- The people and their leaders attempted to silence true prophetic warnings of disgrace, preferring flattering speakers who promised prosperity, wine, and strong drink.Sources: the Bible text itself
- The chapter closes with a message addressed to the house of Jacob, promising that a scattered remnant would be gathered like sheep in a pasture and led through an opened gate by their King.Sources: the Bible text itself · Jacob (Israel)
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org