Nations Bible

Matthew 27

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, lè maten vin rive, tout chèf prèt yo avèk lansyen a pèp la te pran diskite kont Jésus pou mete Li a lanmò. 2Yo te mare Li, mennen L ale pou te livre Li a Pilate, gouvènè peyi a.

3Konsa, lè Judas ki te trayi Li a te wè ke Li te kondane, Li te sanse regrèt. Li te retounen bay trant pyès ajan yo bay chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo. 4Li te di yo: “Mwen te peche. Mwen te trayi san inosan an.”

Men yo te reponn li: “Kisa sa ye pou nou? Okipe sa ou menm!”

5Pou sa a, li te jete pyès ajan yo nan sanktyè tanp lan. Li te sòti, e te ale pann tèt li.

6Chèf prèt yo te pran pyès ajan yo, e te di: “Sa pa pèmèt pou nou mete yo nan kès tanp lan, akoz ke se pri san.” 7Konsa, yo te mete tèt yo ansanm. Avèk kòb la, yo te achte yon chan yo te rele Chan Kanari a pou yon simityè pou etranje yo. 8Pou rezon sa a, yo rele chan sa a Chan San an, jiska jodi a.

9Epi sa ki te pale pa pwofèt Jérémie a te akonpli, sa ki te di:

“Yo te pran trant pyès ajan,

pri sou Sila a ke yo te etabli yon pri;

ke kèk nan fis Israël yo te etabli,

10epi yo te bay yo pou Chan Kanari a

jan Senyè a te dirije m nan.”

11Alò, Jésus te kanpe devan gouvènè a, e gouvènè a te kesyone L konsa: “Èske ou se Wa a Jwif yo”?

Jésus te reponn li: “Se konsa ou di a.”

12Lè Li te akize pa chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo, Li pa t reponn.

13Konsa, Pilate te di L: “Èske ou pa tande konbyen bagay yo temwaye kont Ou?”

14Li pa t reponn li menm a yon sèl akizasyon. Gouvènè a te byen etone pou sa.

15Alò, nan fèt la, gouvènè a te abitye lage pou pèp la yon sèl prizonye selon volonte pa yo. 16Nan moman sa a, yo te gen yon move prizonye byen rekonèt, yo te rele Barabbas.

17Konsa, lè yo te reyini ansanm, Pilate te mande yo: “Kilès nou vle m lage pou nou? Barabbas, oubyen Jésus ke yo rele Kris la?” 18Paske li te byen konprann ke se jalouzi ki te fè yo livre Li.

19Pandan Li te chita sou chèz jijman an, madanm li te voye di li: “Pa gen anyen pou fè avèk Nonm jis sila a; paske jodi a, mwen te soufri anpil nan yon rèv akoz de Li menm.”

20Men chèf prèt yo avèk lansyen yo te konvenk yo pou mande pou Barabbas, e pou mete Jésus a lanmò.

21Men gouvènè a te reponn e te di yo: “Kilès nan de sa yo nou ta vle m lage bannou?”

E yo te di: “Barabbas!”

22Pilate te di: “E kisa pou mwen ta fè avèk Jésus ke yo rele Kris la?”

E yo te di: “Krisifye Li!”

23Li te di: “Poukisa, ki mal Li fè?”

Men yo te kontinye rele pi fò: “Krisifye Li!”

24Konsa, lè Pilate te wè ke li pa t ap rezoud anyen, men okontrè, pèp la te kòmanse ap fè tenten, li te pran dlo pou te lave men li devan pèp la, e te di: “Mwen inosan a san Nonm sila a; fè l nou menm”.

25Tout pèp la te reponn e te di: “Kite san Li sou nou e sou Pitit nou yo!”

26Konsa, li te lage Barabbas pou yo; men li te fè yo bat Jésus avèk fwèt, epi li te livre Li pou L te krisifye.

27Epi sòlda a gouvènè yo te pran Jésus ale nan pretwa a (lakou gad la), e te rasanble tout kowòt la (yon bann sòlda Women) pou antoure Li. 28Yo te retire rad sou Li, e te abiye Li avèk yon vètman wouj. 29Epi lè yo fin trese yon kouwòn avèk bwa pikan, yo te mete li sou tèt Li, ak yon wozo nan men dwat Li. Yo te bese ajenou devan L pou te moke L. Yo te di L: “Salitasyon, Wa a Jwif yo!” 30Yo te krache sou Li, yo te pran wozo a e te kòmanse bat Li nan tèt.

31Lè yo te fin moke L, yo te retire vètman wouj la sou Li, e te remete rad Li sou Li pou mennen L al krisifye. 32Pandan yo t ap sòti, yo te rankontre yon nonm peyi Siryen ke yo te rele Simon, e yo te fòse li pote Kwa Li a.

33Lè yo te rive nan yon plas yo rele Golgotha, ki vle di Plas Zo Bwa Tèt La, 34yo te bay Li diven pou bwè mele avèk fyèl. Men lè L te goute l, Li pa t dakò bwè l. 35Answit lè yo te fin krisifye L, yo te pataje vètman Li pami yo selon tiraj osò. 36Epi konsa, yo te chita e te kòmanse veye L la. 37Yo te plase anwo tèt Li akizasyon ki te kont Li an ki te di: “SA SE JÉSUS WA JWIF LA”.

38Nan menm lè sa a, de vòlè te krisifye avè L, youn pa adwat Li, e youn pa agoch Li. 39Sila yo ki t ap pase la yo t ap voye kout lang sou Li, e t ap souke tèt yo. 40Yo t ap di: “Ou menm k ap detwi tanp lan pou rebati li nan twa jou a, sove pwòp tèt ou! Si ou se Fis Bondye a, sòti sou kwa a.”

41Epi menm jan an, chèf prèt yo avèk skrib ak lansyen yo t ap moke L e t ap di: 42“Li te sove lòt yo; Li pa kapab sove pwòp tèt Li. Si Li se Wa Israël la, koulye a, kite L sòti sou kwa a, e n ap kwè nan Li. 43Li mete konfyans nan Bondye. Kite Li sove Li koulye a, si Li vle L; paske Li te di: ‘Mwen se Fis Bondye a’”.

44Anplis, volè ki te krisifye avè L yo t ap voye menm ensilt yo sou Li.

45Alò, depi sizyèm lè (midi), fènwa te tonbe sou tout tè a jis rive nan nevyèm lè (twazè).

46Nan anviwon nevyèm lè, Jésus te kriye avèk yon vwa byen fò: “Eli, Eli, lima sabachthani?” Ki vle di: “Bondye m, Bondye m, Poukisa Ou abandone Mwen?”

47Epi kèk nan yo ki te kanpe la, lè yo te tande sa, yo te kòmanse di: “Nonm sa a ap rele Elie”. 48E lapoula, youn nan yo te kouri pran yon eponj. Li te ranpli li avèk vinèg si, e plase li sou yon wozo pou te bay Li pou bwè. 49Men lòt yo te di: “Annou wè si Elie ap vin sove L”.

50Konsa, Jésus te kriye ankò avèk yon vwa fò, e te kite nanm Li sòti.

51Epi gade, vwal tanp lan te chire de bout soti anwo, rive jouk anba, epi latè te tranble, e wòch yo te vin fann. 52Konsa, tonm yo te louvri e kò anpil sen ki t ap dòmi te vin leve. 53Yo te sòti nan tonm yo lè Li te fin resisite e te antre nan vil sen an kote yo te parèt a anpil moun.

54Epi santenye a ak sila ki te avèk li yo ki t ap veye Jésus yo, lè yo te wè tranbleman de tè a, ak bagay ki t ap fèt yo te vin fè pè anpil. Yo te di: “Anverite, sa se te Fis a Bondye a!”

55Anpil fanm te la. Yo t ap gade a yon distans. Se te sila ki te swiv Jésus yo soti Galilée pandan yo t ap sèvi L. 56Pami yo, te gen Marie a Magdala, Marie, manman a Jacques ak Joseph, e manman a fis Zébédée yo.

57Lè li te fin fènwa, te vini yon nonm rich ki te soti Arimathée, ke yo te rele Joseph. Li menm osi, li te deja yon disip a Jésus. 58Mesye sila a te mande Pilate pou kò Jésus.

Konsa Pilate te kòmande ke li te livre bay li.

59Epi Joseph te pran kò a e te vlope li nan yon twal lèn pwòp. 60Li te mete li nan pwòp tonm nèf pa li, ki te fouye nan wòch. Li te woule yon gwo wòch kont antre a, e li te kite lye a.

61Epi Marie ki te sòti Magdala te la avèk lòt Marie a, ki te chita anfas tonm lan.

62Konsa, nan jou swivan an, ki te jou apre preparasyon an, chèf prèt yo avèk Farizyen yo te reyini avèk Pilate. 63Yo te di l: “Mèt, nou sonje ke lè Li te vivan an ke twonpè sila a te di: ‘Apre twa jou, Mwen va leve ankò.’ 64Pou sa, kòmande pou yo mete tonm nan an sekirite jiska twa jou. Otreman, disip Li yo kab vin vòlè Li e di pèp la ke Li gen tan leve nan lanmò; epi dènye desepsyon sila a ap pi mal pase premye a.”

65Pilate te di yo: “Nou genyen gad la; ale mete li ansekirite jan nou konnen an.”

66Epi yo te ale mete tonm nan ansekirite. Plis ke gad la, yo te mete yon so sou wòch la.

Did you know?

Trial, Cross, and Burial

  • Pontius Pilate was the sixth Roman procurator of Judea, from A.D. 26 to 36. His headquarters were at Caesarea, but he often went up to Jerusalem, and his rule covered the ministries of John the Baptist and of Jesus. At the feast he followed a Roman custom of releasing a prisoner: he offered the crowd a choice between Jesus and Barabbas, a notorious robber whose name means “son of Abba” or “son of a father,” and they demanded Barabbas.Sources: Pontius Pilate · Barabbas · the Bible text itself
  • When Judas saw that Jesus was condemned, he was filled with remorse, threw the thirty pieces of silver into the temple, and went away and hanged himself. The chief priests refused to put the blood money into the treasury and instead bought the potter’s field as a burial place for foreigners. In Aramaic the Jews called it Akeldama, “field of blood”; it lies on a narrow level terrace on the south side of the Valley of Hinnom, and its modern name is Hak ed-damm.Sources: Judas Iscariot · Akeldama · the Bible text itself
  • Jesus was crucified at Golgotha, a Greek spelling of the Aramaic Gulgaltha, the same name as Calvary and related to the Hebrew word for “skull.” The evangelists explain it as “the place of a skull,” a little knoll rounded like a bare skull, a well-known spot outside the gate and near the city.Sources: Golgotha · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Cyrene · 32.821, 21.851 · verse 32
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 53
  • Galilee · 32.760, 35.527 · verse 55

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.