Matthew 14
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Nan lè sa a, Hérode, tetrak la, te tande nouvèl a Jésus. 2Konsa, Li te di a sèvitè pa li yo: “Se Jean Baptiste sa a ye. Li gen tan leve soti vivan nan lanmò. Se pou sa li kapab fè tout mirak sa yo.” 3Paske lè Hérode te fè yo arete Jean, li te mare li e mete li nan prizon akoz Hérodias, madanm a frè li, Philippe. 4Paske Jean t ap di li ke li pa pèmèt pou l ta genyen l kon madanm. 5Epi malgre ke Hérode te vle touye li, li te pè pèp la paske yo te konsidere li kon yon pwofèt. 6Men lè fèt nesans Hérode te rive, Pitit a Hérodias la te vin danse devan yo, e Hérode te trè kontan. 7Konsa, li menm te sèmante pou bay li nenpòt sa ke li te mande li. 8Akoz ke fi a te ankouraje pa manman l, li te di: “Ban m isit la menm sou yon plato, tèt a Jean Baptiste.”
9Malgre sa te fè l tris, wa a te kòmande sa fèt akoz sèman an, e akoz tout vizitè ki te la avèk yo. 10Li te voye fè yo koupe tèt a Jean nan prizon an. 11Yo te pote tèt li sou yon plato e te bay fi a. Konsa, fi a te pote l bay manman l. 12Disip li yo te vin pran kò a e te antere l. Apre, yo te ale bay rapò a Jésus. 13Lè Jésus tande sa, Li te retire kò L nan yon kannòt pou kont Li nan yon landwa izole. Lè foul la te tande sa, yo te sòti lavil la apye pou swiv Li.
14Lè L te debake atè, Li te wè yon gran foul. Li te gen konpasyon pou yo, e Li te geri malad yo.
15Lè li te vin fènwa, disip yo te vin di Li: “Plas sa a dezète, e lè a gen tan depase. Konsa, voye foul la ale pou yo kapab rive nan bouk yo pou achte kèk manje.”
16Men Jésus te di yo: “Yo pa bezwen ale. Nou menm, bay yo manje!”
17Yo te di Li: “Nou gen sèlman senk pen ak de grenn pwason.”
18Li te di: “Pote yo ban Mwen!” 19Li te kòmande tout foul la chita atè. Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade anwo nan syèl la, e te beni manje a. Li te kase pen yo, Li te bay disip yo, epi disip yo te bay foul la. 20Tout te manje e tout te byen satisfè. Yo te ranmase sa ki te rete nan mòso kase yo, e yo te rete douz panyen byen plen. 21Te gen anviwon senk-mil gason ki te manje san konte fanm avèk timoun.
22Imedyatman, Li te fè disip yo antre nan kannòt la pou ale lòtbò a, pandan Li menm te voye foul la ale. 23Apre li te voye foul la ale, Li te monte mòn nan Li sèl Li, pou L ta kapab priye. Lè lannwit vin rive, Li te la pou kont Li. 24Men kannòt la te deja byen lwen tè a, byen bat pa vag lanmè yo, paske van an te byen move. 25Nan katriyèm vèy nwit lan, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a. 26Lè disip Li yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te krent, e yo te di: “Sa se yon fantom” epi yo te kriye fò avèk laperèz. 27Men imedyatman, Jésus te pale avèk yo e te di: “Pran kouraj! Se Mwen menm! Pa pè.”
28Konsa, Pierre te reponn Li: “Senyè, si se Ou menm, kòmande m vin kote Ou sou dlo a.”
29Li te reponn: “Vini!” Pierre te sòti nan kannòt la, e te mache sou dlo a vè Jésus. 30Men lè l te wè van an, li te vin pè, e te kòmanse desann nan dlo a. Li te rele: “Senyè, sove m!”
31Lapoula, Jésus te lonje men li e te kenbe l. Li te di l konsa: “Ou menm avèk mank lafwa, poukisa ou te doute?” 32Lè yo te fin antre nan kannòt la, van an te vin sispann. 33Sila ki te nan kannòt yo te adore Li. Yo te di: “Anverite, Ou se Fis Bondye a!”
34Lè yo te fin travèse, yo te rive atè nan Génésareth. 35Lè moun nan plas sa yo te rekonèt Li, yo te voye nouvèl nan tout ozanviwon an, e yo te pote bay Li tout sila ki te malad yo. 36Yo t ap sipliye L pou yo ta kapab sèlman touche rebò a vètman Li, e tout sila ki te touche L yo te geri nèt.
Did you know?
John's death and the Sea of Galilee
- Herod the tetrarch is Herod Antipas, Herod's son by Malthace. Herodias, daughter of Aristobulus and Bernice, left her husband Herod Philip I, Antipas's brother, and married Antipas; Easton's Bible Dictionary (1897) also names Philip as Salome's father. John said the marriage was unlawful, and Antipas imprisoned him and later had him beheaded, probably in the castle of Machaerus, according to that account.Sources: the Bible text itself · Herod Antipas · Herodias · Philip
- A chronology dates John's beheading, the feeding of the five thousand, and Jesus walking on the sea all to AD 29. After John's disciples buried his body and told Jesus, he withdrew by boat to a solitary place, but crowds followed him on foot from the towns.Sources: John Beheaded · Feeding of Five Thousand · Jesus Walks on Water · the Bible text itself
- After they crossed the sea, they landed at Gennesaret, a town of Naphtali on the western shore of the lake to which it gave its name. The town was called Chinnereth, and later Genezar and Gennesaret; no trace of it remains, and a chronology dates the healings there to AD 29. Its plain, noted for fertility and beauty, has been called the Paradise of Galilee and is now called el-Ghuweir.Sources: Gennesaret · Healing in Gennesaret · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org