Nations Bible

Luke 5

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, li te vin pase ke foul la t ap peze sou li pou koute pawòl Bondye a, lè L t ap kanpe akote lak ke yo rele Génésareth la. 2Li te wè de kannòt ki te twouve akote lak la, men moun lapèch yo te deja desann yo, e t ap lave filè yo. 3Li te antre nan youn nan kannòt yo ki te pou Simon, e Li te mande li pou mete yo a yon ti distans de tè a. Li te chita, e te kòmanse enstwi foul la depi nan kannòt la.

4Lè Li te fin pale, Li te di Simon: “Mete nou deyò nan dlo fon e lage filè yo pou kenbe pwason.”

5Simon te reponn pou di L: “Mèt, nou travay di tout nwit lan, e nou pa t kenbe anyen; men selon sa Ou mande a, m ap lage filè yo.”

6Lè yo te fin fè sa, yo te pran yon gwo kantite pwason. Filè yo te tanmen chire. 7Konsa, yo te fè sign pou moun parèy yo nan lòt kannòt yo vin ede yo. Yo te vini, e te plen tou de kannòt yo jiskaske yo te kòmanse plonje.

8Men lè Simon Pierre te wè sa, li te tonbe nan pye Jésus. Li te di L: “Ale lwen mwen, paske se yon pechè mwen ye, O Senyè!” 9Paske sezisman te pran l avèk tout zanmi li yo akoz kantite pwason yo te kenbe. 10Anplis, Jacques avèk Jean, fis Zébédée yo ki te asosye yo avèk Simon te sezi tou.

Jésus te reponn Simon: “Pa pè, depi koulye a, se moun n ap kenbe.” 11Lè yo te fin fè kannòt yo rive atè, yo te kite tout bagay pou yo te swiv Li.

12Pandan Li te nan youn nan vil yo, gade byen, te gen yon nonm ki te kouvri avèk lalèp. Lè l te wè Jésus, li te tonbe sou figi li, e li te enplore Li: “Senyè, si Ou vle, Ou kapab fè m pwòp.”

13Li te lonje men L, e te touche li. Li te di: “Mwen vle. Vin pwòp.” Imedyatman, lalèp la te kite li. 14Li te kòmande li pou pa di pèsòn sa: “Men ale montre ou menm a prèt yo, e fè yon ofrann pou netwayaj ou, jan Moïse te kòmande a, kon yon temwayaj a yo menm.”

15Men nouvèl sou Li t ap gaye menm pi lwen. Gwo foul moun t ap rasanble pou tande Li, e pou geri de maladi yo. 16Men Jésus Li menm, te konn souvan chape ale nan dezè a poupriye.

17Li te rive yon jou pandan Li t ap enstwi, ke kèk Farizyen avèk mèt Lalwa te chita la. Yo te sòti nan chak vilaj Galilée, Juda ak Jérusalem. Konsa, pwisans a Senyè a te prezan pou l te geri moun.

18Kèk moun t ap pote sou yon kabann, yon nonm ki te paralize. Konsa, yo t ap eseye fè l antre pou mete l devan L. 19Men san twouve mwayen pou fè l antre akoz foul la, yo te monte sou tèt kay la, e te fè l desann nan yon twou nan kouvèti mitan foul la, devan Jésus.

20Lè L te wè lafwa yo, Li te di: “Mesye, peche ou yo padone”.

21Skrib yo avèk Farizyen yo te kòmanse rezone. Yo t ap di: “Ki moun sa k ap blasfeme konsa? Kilès ki kapab padone peche sof ke Bondye sèl?”

22Men Jésus, ki te okouran de jan yo t ap reflechi a, te reponn e te di yo: “Poukisa nou ap reflechi nan kè nou konsa? 23Kisa ki pi fasil pou di: ‘Peche ou yo padone’, oubyen pou di: ‘Leve mache’? 24Men pou nou kab konnen ke Fis a Lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche yo,” li te di a paralitik la: “Mwen di ou leve, pran kabann ou e ale lakay ou.”

25Lapoula nonm nan te leve devan yo, ranmase nat li, e li te ale lakay li ranpli avèk lwanj Bondye.

26Yo tout te sezi, etone menm, e t ap bay Bondye glwa. Yo te ranpli avèk lakrent, e t ap di: “Nou wè bagay ki tèlman remakab jodi a”.

27Apre sa, Li te sòti deyò e li te wè yon ajan kontribisyon ki te rele Levi ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di li: “Swiv Mwen”. 28Konsa,li te kite tout bagay dèyè, e te leve swiv Li.

29Lévi te fè yon resepsyon pou Li lakay li. Yo te gen yon gwo foul kolektè kontribisyon avèk lòt moun ki t ap manje sou tab la avèk yo. 30Farizyen yo avèk Skrib yo te kòmanse plenyen bay disip Li yo. Yo t ap di: “Poukisa nou manje e bwè avèk kolektè kontribisyon ak pechè yo?”

31Jésus te reponn e te di yo: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo.” 32Mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo a larepantans.

33Yo te di Li: “Disip a Jean yo souvan fè jèn e fè lapriyè; disip a Farizyen yo fè menm jan an. Men pa Ou yo, manje e bwè.”

34Jésus te di yo: “Nou pa kapab fè zanmi fèt maryaj yo fè jèn pandan jennonm maryaj la toujou avèk yo. Èske se pa vre? 35Men jou yo ap vini lè jennonm nan ap kite yo. Alò, yo va fè jèn nan jou sa yo.”

36Li t ap di yo yon parabòl: “Pèsonn pa chire yon mòso twal, fè l sòti nan yon vètman nèf, pou mete l sou yon vètman ki vye. Otreman l ap non sèlman fin chire nèf la, men nèf la p ap parèt menm jan ak vye a. 37Epi pèsonn pa mete diven nèf nan veso vye kwi, otreman diven nèf la va pete kwi a, gaye tonbe, e vye kwi yo va vin gate. 38Men diven nèf la oblije vide nan po fèt avèk kwi nèf. 39Epi pèsonn, lè l fin bwè sa ki ansyen, pa janm vle nèf la, paske li di: ‘Vye a pi bon’”.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Calls, Healings, and New Wine

  • Jesus taught the people from Simon’s boat on the Lake of Gennesaret while the crowd pressed in along the shore. The name comes from a town of Naphtali on the western shore, earlier called Chinnereth; the plain beside the lake, noted for its fertility and beauty, was called “the Paradise of Galilee.”Sources: Gennesaret · the Bible text itself
  • Simon, also called Peter, grew up in Bethsaida, on the western coast of the Sea of Galilee, and was trained as a fisherman. James and John, his partners in the other boat, were sons of Zebedee, a Galilean fisherman; Easton's Bible Dictionary (1897) infers that Zebedee had some position in Capernaum, because he had two boats and hired servants.Sources: Simon Peter · James (Son of Zebedee) · Zebedee · the Bible text itself
  • The man Jesus called from the tax booth is named Levi in this chapter; in other accounts he is Matthew, son of Alphaeus, a tax collector at Capernaum. Easton's Bible Dictionary (1897) suggests that he may have taken the name Matthew in grateful memory of his call, and describes the great banquet he gave that same day as a farewell feast.Sources: Matthew · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Gennesaret · Today: El Ghuweir · 32.861, 35.507 · verse 1
  • Galilee · 32.760, 35.527 · verse 17
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 17
  • Judea · Today: Judea 1 · 31.777, 35.234 · verse 17

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.