Nations Bible

Luke 18

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, Li t ap di yo yon parabòl pou montre ke nan tout tan yo te dwe priye, e pa dekouraje. 2Li t ap di: “Te gen nan yon sèten vil, yon jij ki pa t pè Bondye, ni pa t respekte moun.

3“Alò, Te gen yon vèv nan menm vil sa a, e li te toujou ap vin kote li pou di l: ‘Ban m pwoteksyon kont advèsè mwen an.’

4“Nan kòmansman, li pa t dakò, men apre li te vin di tèt li: ‘Malgre ke m pa pè Bondye, ni respekte moun, 5men akoz ke vèv sa a anmède m, mwen va bay li pwoteksyon legal. Otreman li ap kontinye vin kote mwen tout tan, e l ap fatige m nèt.’”

6Epi Senyè a te di: “Koute byen sa ke jij enjis la te vle di. 7Alò, èske Bondye p ap fè jistis pou sila Li chwazi yo, ki kriye a Li lajounen kon lannwit, epi èske Li va fè anpil reta sou yo?

8“Mwen di nou ke Li va fè jistis pou yo byen vit. Sepandan lè Fis a Lòm nan vini, èske Li va twouve lafwa sou latè?”

9Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba. 10“De mesye te monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.

11“Farizyen an te kanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwen peye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, e pa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men li t ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.

14“Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paske nenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”

15Alò, yo t ap pote menm tibebe bay li pou Li ta kapab touche yo, men lè disip yo te wè sa, yo te kòmanse reprimande yo.

16Men Jésus te rele yo, e te di: “Kite timoun yo vin kote Mwen, e pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila yo ki tankou yo menm.

17“Anverite, Mwen di nou: ‘Nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun, li p ap antre ladan l menm.’”

18Konsa, yon sèten direktè te kesyone L e te di: “Bon mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”

19Jésus te mande l: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen pèsòn ki bon sof ke Bondye sèl. 20Ou konnen kòmandman yo. ‘Pa fè adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, onore papa ou avèk manman ou.’”

21Li te di: “Tout bagay sa yo mwen fè yo depi nan jenès mwen”.

22Lè Jésus te tande sa, Li te di li: “Yon sèl bagay ou manke toujou. Vann tout sa ke ou posede e separe yo bay malere. Konsa ou va gen richès nan syèl la, epi vin swiv Mwen.”

23Men lè li te tande bagay sa yo, li te vin byen tris, paske li te gen anpil richès.

24Lè l wè tristès li, Jésus te gade l, e te di: “Tèlman li difisil pou sila ki rich yo antre nan wayòm Bondye a! 25Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon egwi, pase pou yon nonm rich ta antre nan wayòm Bondye a.”

26Sila yo ki te tande sa te di: “Alò, kilès ki kapab sove?”

27Men Li te di: “Bagay ki pa posib avèk lòm posib avèk Bondye.”

28Konsa, Pierre te di: “Gade byen, nou kite pwòp kay nou pou swiv Ou.”

29Li te di yo: “Anverite Mwen di nou ke pa gen pèsòn ki te kite kay, oswa madanm, oswa paran, oswa zanfan yo, pou koz a wayòm syèl la, 30ki p ap resevwa bokou plis nan tan sila a, e nan laj k ap vini an, lavi etènèl.”

31Answit Li te pran douz yo sou kote, e te di yo: “Veye byen, n ap monte Jérusalem, e tout bagay ki te ekri pa pwofèt yo konsènan Fis a Lòm nan va vin acheve. 32Paske Li va livre a etranje yo, e li va moke, maltrete, e y ap krache sou Li. 33Lè yo fin bat Li avèk fwèt, yo va touye Li. Epi nan twazyèm jou a, l ap leve ankò.”

34Men disip yo pa t konprann anyen nan bagay sa yo. Pawòl sa te kache a yo menm, e yo pa t konprann bagay ki t ap pale yo.

35Pandan Jésus t ap pwoche Jéricho, yon sèten mesye avèg te chita akote wout la pou mande charite.

36Alò, li te tande foul la ki t ap pase, e te kòmanse mande kisa sa te ye. 37Yo te reponn Li ke Jésus de Nazareth t ap pase.

38Konsa, li te kòmanse rele fò, e te di: “Jésus, Fis a David la, Fè m gras!”

39Sila yo ki t ap dirije chemen an t ap pale sevèman avè l pou fè silans; men li te kriye pi fò, “Jésus, Fis a David la, Fè m gras!”

40Jésus te kanpe, e te bay lòd pou yo voye l kote Li. Lè l te vin toupre, Li te kesyone l: 41“Kisa ou vle M fè pou ou?”

Epi Li te di: “Senyè, mwen vle vin wè ankò.”

42Jésus te di li: “Resevwa vizyon ou; lafwa ou fè ou geri.”

43Imedyatman, li te vin wè ankò. Konsa, li te kòmanse swiv Li e li t ap bay glwa a Bondye. Lè tout moun te wè sa, yo te bay lwanj a Bondye.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Prayer, Humility, and Mercy on the Way

  • As Jesus draws near Jericho, a blind man sits begging beside the road. Easton's Bible Dictionary (1897) calls Jericho a “place of fragrance”: a fenced city amid a vast grove of palm trees on the plain of the Jordan, about five miles west of the river, and the most important city of that valley.Sources: the Bible text itself · Jericho
  • The crowd tells the blind man that Jesus of Nazareth is passing by, and he cries out, “Son of David, have mercy on me.” David, whose name is explained as “beloved,” was the eighth and youngest son of Jesse and a citizen of Bethlehem; Nazareth, which is not mentioned in the Old Testament, was the home of Joseph and Mary.Sources: the Bible text itself · David · Nazareth
  • Jesus takes the Twelve aside and tells them they are going up to Jerusalem, where everything the prophets wrote about the Son of Man will be fulfilled. The name is in a dual form meaning “possession of peace” or “foundation of peace,” probably referring to the mountains Zion and Moriah on which the city was built, though some connect it with the upper and lower city; Jerusalem is also called the holy city and described as a mountain city.Sources: the Bible text itself · Jerusalem

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 31
  • Jericho · Today: Tell el Alayiq · 31.852, 35.436 · verse 35
  • Nazareth · 32.702, 35.298 · verse 37

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.