Luke 12
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Antre tan an, apre anpil milye moun te rasanble ansanm jiskaske youn t ap mache sou lòt, Li te kòmanse pale a disip Li yo dabò: “Veye ledven Farizyen yo ki se ipokrizi.
2“Men pa gen anyen ki kouvri ki p ap vin parèt, e ki kache ki p ap konnen. 3Konsa, Nenpòt sa ke nou di nan tenèb va tande nan limyè, e sa nou te pale ak vwa ba, menm nan chanm pa anndan yo va pwoklame sou twati kay yo.
4“Mwen di nou, zanmi Mwen yo, pa pè sa yo ki kapab touye kò a, men apre sa pa gen plis ke yo kab fè. 5“Men Mwen avèti nou kilès pou nou krent; krent Sila a ki lè L fin touye, gen otorite pou jete nan lanfè; wi, Mwen di nou, krent Li!
6“Èske senk zwazo pa vann pou de santim? Malgre sa, nanpwen youn nan yo ki bliye devan Bondye. 7Anverite, menm cheve nan tèt nou yo kontwole. Pa krent, nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.
8“ Mwen di nou, tout sila yo ki konfese M devan lèzòm, Fis a Lòm nan va konfese l tou devan zanj a Bondye yo; 9men sila ki refize rekonèt Mwen devan lòm, va rejte devan zanj Bondye yo.
10“Epi Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, li va padone; men sila ki fè blasfèm kont Lespri Sen an, p ap padone.
11“Lè yo mennen nou devan sinagòg yo, ak gwo chèf avèk otorite yo, pa twouble nou de kisa nou va pale kòm defans nou, ni kisa nou gen pou di; 12paske Lespri Sen an va montre nou nan menm lè sa a, kisa nou dwe di.”
13Yon moun nan foul la te di Li: “Mèt, pale frè m nan pou divize eritaj la avè m.”
14Men Li te di li: “Mesye, kilès ki te mete M jij oswa medyatè antre nou?”
15Answit Li te di yo: “Fè atansyon, e veye kont tout kalite lanvi; paske menm lè yon moun gen anpil richès, lavi li se pa sa li posede.”
16Konsa, Li te bay yo yon parabòl: “Tè a pou yon sèten nonm rich te trè bon, e te pwodwi anpil.”
17“Epi li te kòmanse reflechi avèk pwòp tèt li: ‘Kisa pou m ta fè; akoz ke m pa gen depo pou mete rekòlt mwen yo?’
18“Answit li te di: Men kisa m ap fè; m ap retire tout depo ke m genyen yo, e m ap bati pi gwo pou mete tout rekòlt mwen yo. 19Epi mwen va di a nanm mwen: ‘Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou.’”
20“Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’
21“Konsa se mesye a ki ranmase trezò li pou li menm, men ki pa rich anvè Bondye.”
22Li te di sa a disip Li yo: “Pou rezon sa a, Mwen di nou, pa twouble pou lavi, pou sa nou va manje, ni pou kò nou, konsi, pou kijan nou ap abiye nou. 23Paske lavi plis ke manje, e kò a plis ke vètman.
24“Konsidere kòbo yo, paske yo pa simen, ni yo pa rekòlte; epi yo pa gen depo ni pwotèj, men Bondye bay yo manje. Konbyen plis valè nou genyen pase zwazo yo.
25“Epi kilès nan nou ki kab fè kè twouble a ogmante menm yon èdtan nan longè lavi li? 26Si pou sa nou pa kapab fè menm yon ti bagay, poukisa nou fè kè twouble pou lòt bagay?
27“Konsidere flè lis yo, jan yo grandi; yo pa travay ni fè twal, men Mwen di nou ke menm Salomon nan tout glwa li pa t abiye li menm tankou youn nan sa yo. 28Men si Bondye abiye zèb nan chan yo ki jodi a vivan, e demen ap jete nan founèz la, konbyen anplis li va abiye nou, o moun ti lafwa piti!
29“Konsa, pa mande kisa nou va manje, ni kisa nou va bwè, e pa kontinye enkyete nou. 30Paske tout bagay sa yo, tout nasyon nan mond lan chache yo avèk lanvi pa yo; men Papa nou konnen ke nou bezwen bagay sa yo. 31Men chache wayòm Li, e bagay sa yo va vini a nou tou.
32“Pa krent, ti bann mouton an, paske Papa nou te chwazi avèk jwa pou bannou wayòm nan.
33“Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi. 34Paske kote trezò nou ye, se la kè nou va ye tou.
35“Rete abiye tout tan, byen parèt, avèk lanp nou toujou limen.
36“Fè tankou mesye k ap tann mèt yo lè l retounen apre fèt maryaj la, pou yo kapab ouvri pòt la imedyatman lè l fin frape. 37Beni se esklav sila yo ke mèt la va twouve k ap byen veye lè l vini. Anverite Mwen di nou ke li va mare senti li pou sèvi yo. Li va fè yo repoze sou tab la, e li va vini pou bay yo sèvis. 38Menm si l vini nan dezyèm oubyen twazyèm lè nwit lan, e li twouve yo konsa, se beni esklav sa a va ye.
39“Men, byen konnen sa, ke si mèt kay la te konnen a kilè vòlè a t ap vini, li pa t ap kite l kase kay la. 40Nou tou, rete vijilan; paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon lè ke nou pa ta sipoze.
41“Pierre te di: ‘Senyè, èske W ap bay parabòl sa pou nou, oubyen pou tout lòt yo tou?’”
42Senyè a te reponn: “Alò, kilès ki se jeran fidèl e abil ke mèt li va mete an chaj tout lòt sèvitè yo, pou bay yo manje yo nan lè li dwe fèt? 43Beni se esklav sila a ke mèt la twouve ap fè sa lè l vini an. 44Anverite Mwen di nou ke li va mete li an chaj de tout byen li yo.
45“Men si esklav la di nan kè l: Mèt mwen ap mize pou rive, epi li kòmanse bat esklav yo, ni fanm, ni gason, epi manje, bwè, e vin sou; 46mèt esklav sa a va vini nan yon jou ke li pa prevwa, nan yon lè ke li pa konnen, e li va koupe li an mòso, e mete li yon kote avèk enkwayan yo.
47“Alò esklav sa a ki te konnen volonte a mèt li a; men pa t prepare ni aji an akò avèk volonte l, va resevwa anpil kout fwèt. 48Men sila ki pa t konnen, men te fè zak ki te merite kou, p ap resevwa plis ke kèk.
“Pou tout sila yo ki te resevwa anpil konprann, anpil ap egzije de yo; e a sila ki te konfye anpil, a li menm y ap mande menm plis.
49“Mwen vini pou voye dife sou latè; e kijan Mwen ta kontan si li te deja limen!
50“Men Mwen gen yon batèm pou M pase, e kijan sa twouble M jiskaske li fin acheve!
51“Èske nou sipoze ke Mwen te vini pou bay lapè sou latè? Mwen di nou non, men olye sa, divizyon. 52Paske depi koulye a, senk moun nan yon kay va divize, twa kont de, e de kont twa. 53Yo va divize, papa kont fis, e fis kont papa; manman kont fi, e fi kont manman; bèlmè kont bèlfi, e bèlfi kont bèlmè.”
54Li t ap di anplis a foul la: “Lè nou wè yon nwaj k ap leve nan lwès, imedyatman nou di :‘L ap fè lapli’, e se konsa sa rive. 55Epi lè nou wè yon van sid k ap soufle, nou di: ‘L ap fè chalè’, e se konsa sa rive. 56Ipokrit nou ye! Nou konnen kijan pou nou analize aparans a tè a, avèk syèl la, men poukisa nou pa analize tan prezan sila a?
57“ “Poukisa nou menm pou kont nou pa jije sa ki bon? 58Paske pandan nou ap rive devan majistra avèk advèsè nou, menm nan wout la, fè yon efò pou antann avè l; pou li pa mennen nou devan jij la, e jij la livre nou a ofisye jistis la, k ap jete nou nan prizon. 59Mwen di nou, nou p ap sòti la jiskaske nou fin peye dènye santim nan.”

Did you know?
Hypocrisy, trust, and watchfulness
- Jesus tells his disciples that not even Solomon in all his glory was adorned like one of the lilies. Solomon, whose Hebrew name Shelomoh means “peaceful,” was David’s son by Bathsheba and is described as the first king of Israel born in the purple; his history is recorded in 1 Kings 1-11 and 2 Chronicles 1-9.Sources: the Bible text itself · Solomon
- The man who asks whether the parable is for the disciples or for everyone else is Simon Peter. He was originally called Simon, or Simeon, a very common Jewish name meaning “hearing”; he was the son of Jona and was trained as a fisher in his hometown, Bethsaida, on the western coast of the Sea of Galilee.Sources: the Bible text itself · Simon Peter
- The chapter opens with many thousands trampling one another as Jesus warns his disciples about the hypocrisy of the Pharisees and then tells parables. One list of events dates the woes and parables with the Pharisees to AD 29 and assigns them a length of one day.Sources: the Bible text itself · Woes and Parables with Pharisees
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org