Nations Bible

Luke 10

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, apre sa, Senyè a te nonmen swasann-dis lòt. Li te voye yo de pa de devan Li nan chak vil ak andwa kote Li menm te gen pou vini.

2Li t ap di yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo piti. Konsa, sipliye Senyè rekòlt la pou L voye ouvriye nan chan rekòlt Li a.

3“Ale fè wout nou! Veye byen, Mwen voye nou tankou jenn mouton nan mitan lou. 4Pa pote bous, ni sak, ni soulye. Pa menm salye pèsonn nan wout la.

5“‘Nan nenpòt kay ke nou antre, premyèman mande pou Lapè rete sou kay sa a’. 6Si yon nonm lapè a la, lapè nou va rete sou li; men si li pa la, li va retounen sou nou. 7Rete nan kay sa a. Manje e bwè sa ke yo mete devan nou; paske ouvriye a dign de salè li. Pa kontinye pase de kay an kay.

8“Nan Nenpòt vil ke nou antre, e yo resevwa nou, manje sa yo mete devan nou. 9Geri sila yo ki malad nan li. Di yo: Wayòm syèl la gen tan vin toupre nou”.

10“Men nan Nenpòt vil ke nou antre, si yo pa resevwa nou, tou ale nan lari yo e di: 11Menm pousyè vil nou an ki kole nan pye nou, nou siye li kont nou menm. Men konnen sa byen; ke wayòm syèl la gen tan vin toupre nou.”

12“Mwen di nou, li va pi tolerab nan jou sa pou Sodome ke pou vil sa a.

13“Malè a nou menm, Chorazin! Malè a nou menm, Bethsaïde! Paske si mirak ki te fèt nan nou yo te konn fèt nan Tyr avèk Sidon, yo t ap vin repanti lontan sa, e vin chita nan sann abiye ak twal sak.

14“Men li va pi tolerab pou Tyr ak Sidon nan jijman an, pase pou nou menm.

15“Epi nou menm, Capernaüm, nou p ap egzalte nan syèl la, men nou ap jete anba nan sejou mò yo.

16“Sila ki koute nou an, koute Mwen; e sila ki rejte nou an, rejte Mwen. E sila ki rejte Mwen an, rejte Sila a ki voye Mwen an.”

17Swasann-dis yo te retounen avèk jwa. Yo te di: “Senyè, menm dyab yo soumèt a nou menm nan non Ou”.

18Li te di yo: “Mwen t ap gade Satan k ap tonbe soti nan syèl la tankou yon kout loraj. 19Veye byen, Mwen bannou otorite pou mache sou sèpan avèk eskòpyon anba pye nou, sou tout pouvwa a lènmi an, e anyen p ap fè nou mal.

20“Malgre sa, pa rejwi nan sa, ke lespri yo soumèt a nou menm, men rejwi paske non nou ekri nan syèl la.”

21Nan menm moman an, Li te rejwi anpil nan Lespri Sen an. Li te di: “Mwen louwe Ou, o Papa, Senyè a syèl la avèk tè a, Ke Ou kache bagay sa yo devan saj yo ak entèlijan yo pou revele yo a zanfan yo. Wi, Papa, paske konsa sa te fè plezi nan zye Ou.”

22Tout bagay te livre a Mwen menm pa Papa M, e pèsòn pa konnen ki moun Fis la ye, sof ke Papa a, e ki moun Papa a ye, sof ke Fis la, ak Nenpòt moun ke Fis la revele L.

23Li te vire vè disip yo Li te di an prive: “Beni se zye ki wè bagay ke nou gen tan wè a. 24Paske Mwen di nou, ke anpil nan pwofèt avèk wa yo te vle wè bagay ke nou wè yo, men yo pa t wè yo, ni tande bagay ke nou tande yo, e yo pa t tande yo.”

25Epi vwala, yon sèten avoka te kanpe pou pase l nan leprèv. Li te di L: “Mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”

26Li te pale li: “Kisa ki ekri nan Lalwa a? Kijan ou li li?”

27Li te reponn:

“Ou va renmen Senyè a, Bondye ou a

avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout fòs ou,

e avèk tout panse ou, epi vwazen ou tankou tèt ou.”

28Li te di li: “Ou reponn byen kòrèk. Fè sa, e ou va viv.”

29Men li te vle jistifye tèt li. Li te di a Jésus, “E kilès ki vwazen mwen?”

30Jésus te reponn e te di: “Yon sèten mesye t ap desann sòti Jérusalem pou rive Jéricho. Li te tonbe pami vòlè yo. Yo te pran rad li. Yo te bat li, e yo te kite l mwatye mouri.

31“Konsa, pa aza, yon sèten prèt t ap desann nan wout sa a. Lè l te wè li, li te vin pase sou lòtbò wout la.

32“Menm jan an, yon Levit tou, lè l te rive kote a, li te wè l, e te vin pase sou lòtbò.

33“Men yon sèten Samariten, ki t ap fè yon vwayaj, te rive sou li. Lè l te wè l, li te gen konpasyon. 34Li te vini kote li, te mete lwil avèk diven sou blesi li yo, e te panse yo. Li te vin mete li sou pwòp bèt pa li, e te mennen li nan yon pansyon pou l pran swen li. 35Nan landemen, li te rale kòb de denye. Li te bay yo a mèt otèl la e te di l: ‘Pran swen li, epi nenpòt sa ke ou depanse, lè m tounen, mwen va remèt ou li.’

36“Kilès nan twa sa yo ou kwè ki te fè prèv ke se te yon bon vwazen a mesye ki te tonbe nan men vòlè yo?”

37Li te reponn: “Sila ki te gen konpasyon pou li a.” Konsa Jésus te di l: “Ale fè menm bagay la”.

38Pandan yo t ap vwayaje, Li te antre nan yon sèten vil. Konsa, yon fanm yo rele Marthe te resevwa Li lakay li.

39Li te gen yon sè yo te rele Marie, ki anplis t ap koute pawòl Senyè a, byen chita nan pye Li. 40Men Marthe te gen tèt chaje akoz tout sèvis lakay yo. Li te pwoche Jésus, e te di: “Senyè, èske sa pa fè Ou anyen ke sè m nan kite m ap fè tout sèvis la pou kont mwen? Alò, di l vin ede m.”

41Men Senyè a te reponn li, e te di: “Marthe, Marthe, ou enkyete e twouble pa anpil bagay, 42men se yon sèl bagay ki nesesè. Marie te chwazi sila ki bon an, e sa p ap retire soti nan men li.”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The mission, the towns, and Martha and Mary

  • Easton's Bible Dictionary (1897) identifies Chorazin, named in this chapter's woes along with Bethsaida and Capernaum, with Kerazeh, about two and a half miles up the Wady Kerazeh from Capernaum. It says that after Jesus was expelled from Nazareth, Capernaum became his own city. The chapter compares those towns with Tyre and Sidon; the dictionary calls Sidon the first home of the Phoenicians on the coast of Palestine and the mother city of Tyre, about twenty-five miles north of Tyre.Sources: the Bible text itself · Chorazin · Capernaum · Sidon
  • Easton's Bible Dictionary (1897) gives the name Martha as meaning bitterness, and says that she, her sister Mary, and their brother Lazarus lived at Bethany, with Martha probably the eldest. Because this passage calls the house hers, the dictionary notes that some have supposed she was a widow and that her brother and sister lodged with her. It describes her as anxious and bustling in caring for her guest, unlike Mary, who sat at Jesus' feet and listened.Sources: the Bible text itself · Martha · Mary (sister of Lazarus)
  • The Lord appoints seventy-two others and sends them two by two ahead of him, and an event chronology dates that sending to AD 29. When they return, rejoicing that even the demons submit in his name, he says he saw Satan fall like lightning from heaven. Easton's Bible Dictionary (1897) explains the name Satan as adversary or accuser, and notes that the New Testament uses it interchangeably with the devil more than thirty times.Sources: the Bible text itself · 70 Sent Out · Satan

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Sidon · Today: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · verses 13, 14
  • Tyre · 33.271, 35.196 · verses 13, 14
  • Jericho · Today: Tell el Alayiq · 31.852, 35.436 · verse 30
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 30, 38

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.