Nations Bible

Leviticus 27

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2“Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Lè yon nonm fin fè yon ve ki difisil, li va valorize selon valè moun nou ki apatyen a SENYÈ a. 3Si valè ou a se yon gason antre ventan ak swasantan daj, valè ke nou va bay li a se senkant sik an ajan, dapre sik ki nan sanktyè a. 4Oubyen, si se yon fanm, alò valè nou va trant sik. 5Si li antre senkan jiska ventan, alò valè nou pou gason an va ven sik, e pou fanm nan dis sik. 6Men si yo antre laj yon mwa jis rive nan senkan, valè nou va senk sik an ajan pou gason an, e pou fanm nan, valè nou va twa sik an ajan. 7Si yo gen swasantan oswa plis, si se yon gason, alò valè li va kenz sik, e pou fanm lan, dis sik. 8Men si li manke rive nan valè ou, alò li va plase devan prèt ki va bay valè li a. Selon mwayen a sila ki te fè ve a, prèt la va ba li valè.

9“‘Alò, si se yon kalite bèt ke yon mesye ta kapab prezante kòm yon ofrann bay SENYÈ a, nenpòt sa ki bay a SENYÈ a, va sen. 10Li pa pou ranplase li ni chanje li, yon bon pou yon move, ni yon move pou yon bon. Oswa, si li ta chanje bèt pou bèt, se tou de ki vin sen. 11Si li se yon bèt ki pa pwòp nan kalite ke moun pa kab prezante kòm yon ofrann bay SENYÈ a, alò, li va plase bèt la devan prèt la. 12Prèt la va ba li valè kit li bon, kit li pa bon. Jan nou menm nan, prèt la ba li valè, se konsa li va ye. 13Men si li ta janmen vle peye ranson li an, alò li va ogmante yon senkyèm nan valè li.

14“‘Alò, si yon mesye konsakre kay li kòm sen pou SENYÈ a, alò prèt la va ba li valè kòm bon, oswa pa bon. Jan prèt la ba li valè, se konsa li va kanpe. 15Men si sila ki konsakre li a ta vle vin peye ranson li an, alò, li va mete yon senkyèm sou valè pri a pou l kapab vin pou li.

16“‘Ankò, si yon mesye konsakre bay SENYÈ a yon pati nan pwòp chan pa li yo, alò, valè ke nou ba li a va selon fòs kantite semans ki nesesè pou simen li an: yon barik semans lòj vo senkant sik ajan. 17Si li konsakre chan li an nan menm ane jibile a, selon valè nou ba li, li va kanpe konsa. 18Si li konsakre chan li an apre jibile a, alò, prèt la va kalkile pri a pou li selon ane ki rete yo jis rive nan ane jibile a; epi li va vin redwi nan valè ke nou bay la. 19Si sila ki konsakre li a ta janmen vle peye ranson chan an, alò li va adisyone yon senkyèm nan valè ke nou bay sou li a, pou li kapab vin pou li. 20Malgre sa, si li pa peye ranson chan an, men te vann chan an a yon lòt moun, li p ap kapab peye ranson an ankò; 21men lè li vin retounen nan jibile a, chan an va vin sen pou SENYÈ a, kòm yon chan ki mete apa. Li va pou prèt la kòm tè pa li.

22“‘Oswa, si li konsakre bay SENYÈ a, yon chan ke li te achte, ki se pa yon pati nan chan pwòp tè pa li a, 23alò, prèt la va kalkile pou li sòm valè chan an jis rive nan ane jibile a; epi li va nan jou sa a bannou valè nou kòm sen pou SENYÈ a. 24Nan ane jibile a, chan an va retounen a sila sou li menm li te achte li a, e ki se pwòp mèt tèren an. 25Anplis, chak valè ke nou bay va baze sou sik sanktyè a. Sik la va ven gera (yon ventyèm sik la).

26“‘Malgre sa, yon premye pòtre pami bèt yo, ki se kòm premye ne, se pou SENYÈ a, pèsòn pa pou konsakre li; kit se yon bèf, kit se yon mouton, se pou SENYÈ a. 27Men si li pami bèt ki pa pwòp yo, alò li va rachte li selon valè ke nou ba li e mete yon senkyèm anplis; epi si li pa rachte li, alò li va vann li selon valè ke nou ba li a.

28“‘Sepandan, nenpòt bagay ke yon nonm mete apa pou SENYÈ a nan tout sa ke li genyen, kit se moun, bèt, oswa chan nan pwòp tè li, li p ap janm vann ni peye ranson. Nenpòt bagay ki dedye pou destriksyon, pi sen pou SENYÈ a. 29Okenn moun ki vin mete apa pami lèzòm p ap janm peye ranson. Li va asireman vin mete a lanmò.

30“‘Konsa tout dim tè, semans tè, ni fwi nan bwa, se pou SENYÈ a. Li sen pou SENYÈ a. 31Alò, konsa, si yon moun vle peye ranson yon pati nan dim li, li va mete yon senkyèm sou li. 32Paske chak dizyèm pati nan twoupo, oswa nan bann mouton, nenpòt sa ki pase anba baton, dizyèm pati a va sen pou SENYÈ a. 33Li pa konsènan si li bon oswa pa bon, ni li pa pou chanje li. Alò, li menm, ni sa ki ranplase li a, va vin sen. Li pa pou peye ranson.’”

34Sa yo se kòmandman ke SENYÈ a te kòmande Moïse pou fis Israël yo nan mòn Sinai a.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Vows, Valuations, and the Sinai Laws

  • When Israelites consecrated houses, land, unclean animals, or agricultural tithes to God, they could often redeem them by paying the assessed value plus an additional one-fifth of that price.Sources: the Bible text itself
  • Dedicated persons were assigned standard monetary values based on age and sex, calculated using the sanctuary shekel, which was equal to twenty gerahs. If a person making the vow was too poor to pay the fixed amount, the priest set an adjusted price according to their means.Sources: the Bible text itself
  • The book of Leviticus concludes by stating that these laws were given to Moses on Mount Sinai, where the Israelites stayed encamped for about a year after the Exodus.Sources: the Bible text itself · Mount Sinai

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.