Nations Bible

Leviticus 22

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2Di Aaron avèk fis li yo pou separe yo de bagay sen ki pou fis Israël yo, ke yo dedye kon sen de Mwen yo, epi pou yo pa derespekte non sen Mwen an. Mwen se SENYÈ a.

3“Di yo ke: ‘Si nenpòt moun pami tout jenerasyon nou yo vin pwoche de bagay sen yo, ke fis Israël yo te dedye bay SENYÈ a pandan li pa pwòp, moun sa a va koupe retire devan M. Mwen se SENYÈ a.

4“‘P ap gen yon nonm pami desandan Aaron yo ki gen lalèp oswa yon ekoulman ki kapab manje nan bagay sen yo jiskaske li vin pwòp. Konsa, si youn vin touche nenpòt bagay ki fèt pa pwòp pa yon moun mouri, oswa si yon nonm vin fè yon ekoulman, 5oswa, si yon mesye vin touche nenpòt nan bèt ki trennen atè, oswa nenpòt moun ki fè l vin pa pwòp, nenpòt sa ki fè l pa pwòp; 6ke yon moun ki touche nenpòt kalite bagay konsa va pa pwòp jis rive nan aswè, e li p ap kab patisipe nan manje nan bagay sen yo sof ke li benyen kò l nan dlo. 7Men lè solèy la kouche, li va pwòp. Konsa, apre, li ka manje nan bagay sen yo, paske se manje li. 8Li pa pou manje yon bèt ki mouri oswa ki chire pa lòt bèt, pou fè l vin pa pwòp.

9“‘Konsa, yo va kenbe lòd Mwen, pou yo pa pote peche akoz li, e mouri konsa si yo souye li. Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.

10“‘Okenn etranje pa pou manje kado sen an. Yon vwayajè k ap rete ak prèt la, oswa yon ouvriye pa pou manje nan kado sen an. 11Men si yon prèt achte yon esklav kòm pwòp byen pa li, avèk pwòp lajan pa li, sila a kapab manje nan li, e sila ki te ne nan kay li yo kapab manje manje li. 12Si fi a yon prèt vin marye avèk yon moun ki pa prèt, li pa pou manje nan kado ofrann yo. 13Men si fi a yon prèt vin vèv, oswa divòse, e pa gen pitit, si li vin retounen lakay papa li, tankou lè l te jèn, li va manje nan manje papa li; men moun deyò p ap kab manje li.

14“‘Men si yon nonm manje yon kado sen san konnen, alò, li va mete sou fòs li yon senkyèm anplis valè li, e li va bay kado sen an bay prèt la. 15Yo pa pou degrade kado sen ki pou fis Israël yo, ke yo ofri bay SENYÈ a, 16epi konsa, fè yo pote pinisyon pou koupabilite akoz manje nan kado sen pa yo; paske Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.’”

17Alò SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: 18“Pale avèk Aaron, ak fis li yo, epi tout fis Israël yo. Di yo: ‘Nenpòt moun nan kay Israël la oswa pami etranje yo nan Israël ki prezante ofrann li, sof ke se youn nan ofrann sèman yo oswa ofrann bòn volonte yo, ke yo prezante bay SENYÈ a kòm yon ofrann brile— 19pou nou ta aksepte li—li oblije ke se yon mal san defo ki sòti nan bèf, mouton, oswa kabrit. 20Nenpòt bèt ki gen defo, nou pa pou ofri li, paske li p ap akseptab pou nou. 21Lè yon moun ofri yon sakrifis lapè bay SENYÈ a pou ranpli yon ve espesifik, oswa yon ofrann bòn volonte ki sòti nan bann mouton oswa nan twoupo, fòk li bon nèt pou l kapab aksepte. Li pa pou gen defo menm nan li. 22Sila ki avèg yo, ki gen zo kase, oswa donmaje yo, sila ki gen maleng ekoulman, ekzema, oswa kal yo, nou pa pou ofri yo bay SENYÈ a, ni fè yon ofrann pa dife sou lotèl bay SENYÈ a. 23Pou yon bèf, oswa yon jenn ti mouton ki gen youn nan manm li ki pi gwo oswa pi piti ke lòt yo, nou kapab prezante li kòm yon ofrann bòn volonte, men kòm yon ofrann ve, li p ap aksepte. 24Osi, nenpòt nan yo avèk boul grenn li brize oswa kraze, chire oswa koupe, nou pa pou ofri li bay SENYÈ a, ni fè sakrifis avèk li nan peyi nou an. 25Ni nou p ap aksepte anyen ki konsa nan men a yon etranje kòm yon ofrann manje pou Bondye nou an, paske yo konwonpi. Yo gen defo. Yo pa pou aksepte pou nou.’”

26Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse e te di: 27“Lè yon bèf oswa yon mouton, oswa yon kabrit vin fèt, li va rete pandan sèt jou avèk manman li. Men depi nan uityèm jou a, li va vin aksepte kòm yon sakrifis pou yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. 28Menm si se yon bèf, oswa yon mouton, nou pa pou touye li ansanm avèk pitit li nan yon sèl jou.

29“Lè nou ofri yon sakrifis pou remèsiman bay SENYÈ a, nou va fè sakrifis la yon jan pou l aksepte. 30Li va manje nan menm jou a, nou pa pou kite anyen de li pou rive jis nan maten. Mwen se SENYÈ a.

31“Konsa nou va kenbe kòmandman Mwen yo, e fè yo. Mwen se SENYÈ a. 32Nou pa pou degrade non sen Mwen an, men Mwen va sen pami fis Israël yo. Mwen se SENYÈ ki fè nou sen an, 33ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la, pou vin Bondye nou. Mwen se SENYÈ a.”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Holiness in Offerings and the Priesthood

  • The sacred offerings contributed by Israelites were designated as food for the priests and their households. However, strict rules governed who could eat them: an unclean descendant of Aaron was barred until evening after washing, outsiders and hired hands were excluded, while a purchased or home-born servant could partake.Sources: the Bible text itself
  • Animals brought as sacrifices for burnt offerings or peace offerings had to be without blemish, such as blindness, injuries, sores, or physical deformities. In addition, newborn livestock had to remain with their mother for seven days before becoming eligible for sacrifice on the eighth day.Sources: the Bible text itself
  • If a non-priest unintentionally ate of the sacred food, the law required full restitution plus an additional fifth of its value paid to the priest. This ensured sacred contributions consecrated to God were not treated carelessly by the community.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 33

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.