Nations Bible

Leviticus 18

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2“Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. 3Pinga nou fè sa ki te fèt nan peyi Égypte kote nou te rete a, ni pinga nou fè sa ki fèt nan peyi Canaan kote Mwen ap mennen nou an. Pinga nou mache nan règleman pa yo. 4Se pou nou aji selon jijman pa M e kenbe règleman pa M, pou mache nan yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. 5Konsa nou va kenbe règleman Mwen yo, ak jijman Mwen yo, pa sila yon nonm kapab viv si li fè yo. Mwen se SENYÈ a.

6“‘Pinga okenn nan nou pwoche okenn fanmi de san nou pou dekouvri nidite li: Mwen se SENYÈ a.

7“‘Nou pa pou dekouvri nidite papa nou, ni nidite a manman nou. Li se manman nou; nou pa pou dekouvri nidite li.

8“‘Nou pa pou dekouvri nidite madanm papa nou. Li se nidite a papa nou.

9“‘Nidite a sè nou, oswa fi papa nou, oswa fi manman nou, kit li fèt nan kay la, kit li fèt deyò; nidite pa yo, nou pa pou dekouvri yo.

10“‘Nidite fi a fis nou, oswa fi a fi nou; nidite yo, nou pa pou dekouvri yo; paske nidite pa yo se pa nou.

11“‘Nidite a pitit fi madanm a papa nou, fèt pou papa nou, li se sè nou, nou pa pou dekouvri nidite li.

12“‘Nou pa pou dekouvri nidite sè papa nou. Li se pwòp relasyon san papa nou.

13“‘Nou pa pou dekouvri nidite sè manman nou, paske li se pwòp san manman nou.

14“‘Nou pa pou dekouvri nidite frè papa nou. Nou pa pou pwoche madanm li. Li se matant nou.

15“‘Nou pa pou dekouvri nidite bèlfi nou. Li se madanm a fis nou. Nou pa pou dekouvri nidite li.

16“‘Nou pa pou dekouvri nidite madanm frè nou. Li se nidite a frè nou.

17“‘Nou pa pou dekouvri nidite a yon fanm avèk fi li. Ni nou pa pou pran fi a fis li, ni fi a fi li, pou dekouvri nidite li. Yo se relasyon san. Sa vrèman lèd.

18“‘Nou pa pou marye yon fanm ansanm avèk sè li pou fè jalouzi pandan sè li toujou vivan an, pou dekouvri nidite li.

19“‘Osi nou pa pou pwoche yon fanm pou dekouvri nidite li pandan règ li fè l pa pwòp.

20“‘Nou pa pou fè zak seksyèl avèk madanm vwazen nou pou nou ta vin konwonpi ansanm avèk li.

21“‘Nou pa pou bay okenn nan pitit nou yo pou ofri bay Moloc. Nou pa pou degrade non Bondye. Mwen se SENYÈ a.

22“‘Nou pa pou kouche avèk yon gason jan yon moun ta kouche avèk yon fanm. Li se yon abominasyon.

23“‘Osi, nou pa pou fè zak seksyèl avèk okenn bèt pou nou ta vin degrade avèk li. Ni okenn fanm pa pou kanpe devan yon bèt pou kwaze avèk li. Sa se yon pèvèsyon.

24“‘Pa konwonpi tèt nou avèk okenn nan bagay sa yo; paske, se pou tout bagay sa yo, nasyon ke Mwen ap mete deyò devan nou yo, te vin konwonpi. 25Paske peyi a gen tan vin konwonpi. Pou sa, Mwen te fè pinisyon li rive sou li, jiskaske peyi a vin krache moun ki rete la yo, mete yo deyò. 26Men pou nou, se pou nou kenbe règleman Mwen yo, jijman Mwen yo, e pa fè okenn nan abominasyon sa yo, ni moun peyi a, ni etranje ki viv pami nou yo 27(paske moun peyi a ki te devan nou yo, te fè tout abominasyon sa yo, e peyi a te vin konwonpi); 28pou peyi a pa krache mete nou deyò, si nou ta vin konwonpi li, tankou li te krache mete deyò nasyon ki te devan nou yo.

29“‘Paske nenpòt moun ki fè okenn nan abominasyon sa yo, moun sa yo va vin koupe retire de pèp li a. 30Konsa, se pou nou kenbe lòd Mwen, pou nou pa pratike okenn nan abitid abominab ki te konn fèt avan nou yo, pou nou pa konwonpi tèt nou avèk yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye Nou an.’”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Holiness and Moral Standards

  • Leviticus 18 introduces its moral and family regulations by instructing the Israelites not to adopt the customs of Egypt, where they had previously lived, nor those of Canaan, the land they were about to enter.Sources: the Bible text itself · Canaan · Egypt
  • The chapter explicitly forbids offering children to Molech, the national deity of the Ammonites whose rites included sacrifices by fire, declaring that such acts profane the name of God.Sources: the Bible text itself · Molech
  • The passage uses striking figurative language, warning that corrupt practices defile the land itself and that the land will vomit out anyone who violates these statutes, just as it expelled prior inhabitants.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Canaan · 32.767, 35.333 · verse 3
  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 3

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.