Nations Bible

Leviticus 16

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse apre lanmò fis Aaron yo, lè yo te pwoche prezans SENYÈ a e yo te mouri an. 2SENYÈ a te di a Moïse: “Di frè ou a, Aaron, ke li pa pou antre nan nenpòt lè nan lye sen an anndan vwal la, devan twòn ekspiyatwa a ki sou lach la, oswa li va mouri; paske Mwen va parèt nan nwaj la sou twòn pwopiyatwa a.

3“Aaron va antre nan lye sen an avèk yon towo pou yon ofrann peche ak yon belye pou yon ofrann brile. 4Li va mete sou li tinik sen an. Li va mete sou li pantalon fèt an len yo, ak sou-vètman an len ki va toupre kò li a, epi li va mare senti li an len, e li va abiye avèk tiban len an. Sa yo se vètman sen yo. Li va benyen kò li nan dlo, e li va vin abiye ak yo. 5Li va pran soti nan asanble Israël la de mal kabrit kòm yon ofrann peche ak yon belye kòm yon ofrann brile.

6“Konsa, Aaron va ofri towo a kòm ofrann peche ki pou li menm nan, pou li kapab fè ekspiyasyon pou li menm ak pou tout lakay li. 7Li va pran de kabrit yo, e li va prezante yo devan SENYÈ a nan pòtay tant asanble a. 8Aaron va fè tiraj osò pou de kabrit sa yo, yon osò pou SENYÈ a, e lòt osò a pou kabrit ekspiyatwa a. 9Alò, Aaron va ofri kabrit la sou sila osò SENYÈ a tonbe a, e fè li vin yon ofrann peche. 10Men kabrit la sou sila osò kabrit ekspiyatwa a vin tonbe a, li va vin prezante vivan devan SENYÈ a, pou fè ekspiyasyon sou li, e pou voye li nan dezè a kòm kabrit ekspiyatwa a.

11“Alò Aaron va ofri towo ofrann peche ki pou li menm nan, li va fè ekspiyasyon pou li menm ak pou tout lakay li, e li va touye towo ofrann peche ki pou li menm nan. 12Li va pran yon plato pou resevwa san ki ranpli avèk chabon cho ki sòti sou lotèl la devan SENYÈ a, de men plen avèk lansan dous moulen byen fen, e mennen li anndan vwal la. 13Li va mete lansan an sou dife a devan SENYÈ a, pou nwaj lafimen lansan an kapab kouvri twòn ekspiyatwa ki sou lach temwayaj la; otreman, li va mouri. 14Anplis, li va pran kèk nan san towo a e li va flite li avèk dwèt li sou twòn pwopiyatwa sou kote lès la; anplis, pa devan nan twòn pwopiyatwa a, li va flite kèk nan san an avèk dwèt li sèt fwa.

15“Epi li va touye kabrit ofrann peche ki pou pèp la. Li va mennen san li anndan vwal la, e li va fè avèk san li jan li te fè avèk san towo a. Li va flite li sou twòn pwopiyatwa a. 16Li va fè ekspiyasyon pou lye sen an akoz salte fis Israël yo, akoz transgresyon pa yo avèk tout peche yo. Konsa, li va fè pou tant asanble ki rete avèk yo nan mitan tout salte pa yo. 17Lè li antre pou fè ekspiyasyon nan lye sen an, pèsòn pa pou nan tant asanble a jiskaske li sòti, pou li kapab fè ekspyasyon an pou li menm, pou lakay li, ak pou tout asanble Israël la.

18“Konsa, li va ale deyò vè lotèl ki devan SENYÈ a pou fè ekspiyasyon pou li. Li va pran kèk nan san towo a, san kabrit la pou mete li sou kòn yo sou tout kote nan lotèl la. 19Avèk dwèt li, li va flite kèk nan san an sou li sèt fwa pou fè l vin pwòp, soti nan salte a fis Israël yo, e konsakre li.

20“Lè li fin fè ekspiyasyon pou lye sen an, tant asanble a, ak lotèl la, li va ofri kabrit vivan an. 21Alò, Aaron va poze de men li sou tèt kabrit vivan an, e li va konfese sou li tout inikite a fis Israël yo, tout transgresyon pa yo selon tout peche yo. Li va poze yo sou tèt kabrit la e li va voye li nan dezè a pa men yon moun ki prepare pou sa. 22Kabrit la va pote sou li menm tout inikite pa yo pou rive nan yon peyi izole. Li va lage kabrit la nan dezè a.

23“Epi Aaron va vini nan tant asanble a pou retire vètman len ke li te mete lè li te antre nan lye sen an, e li va kite yo la. 24Li va benyen kò li avèk dlo nan yon lye sen. Li va mete vètman li yo pou vin parèt e ofri ofrann brile pa li avèk ofrann brile ki pou pèp la, epi pou fè ekspiyasyon pou li menm ak pou pèp la. 25Li va ofri nan lafimen grès ofrann peche a sou lotèl la.

26“Sila ki te lage kabrit la kòm kabrit ekspiyasyon an, gen pou lave rad li, e benyen kò li avèk dlo. Alò apre, li va antre nan kan an. 27Men towo ofrann peche a ak kabrit ofrann peche a, san sila li te mennen antre pou fè ekspiyasyon nan lye sen an, va vin pote deyò lavil la. Li va brile po yo, chè yo, avèk poupou yo nan dife. 28Epi sila ki brile yo a, va lave rad li, benyen kò l nan dlo, e apre, li va vin antre nan kan an.

29“Sa va yon règleman pou tout tan pou nou: nan setyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, nou va imilye nanm nou. Nou p ap fè okenn travay, ni pou moun peyi a, ni pou etranje ki demere pami nou yo. 30Paske se nan jou sa a ke ekspiyasyon an va fèt pou nou pou fè nou vin pwòp. Nou va netwaye de tout peche nou yo devan SENYÈ a. 31Se va yon Saba repo solanèl pou nou, pou nou kapab vin imilye nanm nou. Sa se yon règleman ki pou tout tan. 32Alò prèt ki onksyone e òdone pou sèvi kòm prèt nan plas papa li a va fè ekspiyasyon an. Li va abiye ak vètman len yo, vètman sen yo. 33Konsa, li va fè ekspiyasyon pou sanktyè sen an, e li va fè ekspiyasyon pou tant asanble a ak pou lotèl la. Li va osi fè ekspiyasyon pou prèt yo ak pou tout pèp asanble a.

34“Alò, nou va gen sa kòm yon règleman pou tout tan, pou fè ekspiyasyon pou fis Israël yo pou tout peche pa yo, yon fwa chak ane.” Epi jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la, konsa sa te fèt.

Did you know?

The Day of Atonement Rituals

  • The high priest entered the Most Holy Place behind the veil only on the Day of Atonement, observed on the tenth day of the seventh month. Before entering, he bathed and put on simple holy linen garments rather than elaborate robes, carrying incense to create a protective cloud over the mercy seat.Sources: the Bible text itself · Holy Place
  • The ritual required two male goats: one was sacrificed as a sin offering to purify the sanctuary, while the other was sent alive into the wilderness bearing the sins of Israel. The Hebrew designation for the released goat, Azazel, has been interpreted variously as a remote geographic location in the desert, an evil spirit, or a word meaning separation.Sources: the Bible text itself · Azazel

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.