Nations Bible

Leviticus 10

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò Nadab avèk Abihu, fis Aaron yo, te pran pwòp plato sann dife pa yo. Lè yo te fin mete dife ladan yo, yo te mete lansan sou li e yo te ofri dife etranj la devan SENYÈ a, ke Li pa t kòmande yo fè.

2Konsa, dife te sòti nan prezans SENYÈ a, e te brile yo nèt. Yo te mouri devan SENYÈ a.

3Answit, Moïse te di a Aaron: “Se sa ke SENYÈ a te pale lè L te di:

‘Mwen va demontre M sen a sila ki vin pwòch Mwen yo,

e devan tout pèp la Mwen va onore.’”

Konsa, Aaron te gade silans.

4Moïse te rele osi Mischaël ak Eltsaphan, fis a tonton Aaron an, Uziel. Li te di yo: “Avanse; pote moun fanmi nou yo sòti devan sanktyè a pou rive deyò kan an.” 5Konsa, yo te avanse e yo te pote yo toujou nan tinik yo pou rive deyò kan an. 6Answit, Moïse te di a Aaron avèk fis li yo, Éléazar ak Ithamar: “Pa dekouvri tèt nou, ni chire rad nou, pou nou pa mouri; pou Li pa vin ranpli avèk kòlè kont tout asanble a. Men kite tout fanmi nou yo, tout lakay Israël la, lamante akoz brile ke SENYÈ a te limen an. 7Nou pa pou menm sòti nan pòtay tant asanble a, sinon, nou va mouri; paske lwil onksyon SENYÈ a sou nou.”

8“Alò, SENYÈ a te pale avèk Aaron. Li te di: 9Pa bwè diven oubyen gwòg, ni ou menm, ni fis ki avèk ou yo, lè nou ap antre nan tant asanble a, pou nou pa mouri—-sa se yon lòd pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo. 10Fòk nou fè yon distenksyon antre sa ki sen ak sa ki pa sen; antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp. 11Enstwi fis Israël yo nan tout lòd ke SENYÈ a te pale atravè Moïse yo.”

12Answit, Moïse te pale ak Aaron e ak fis ki te rete vivan yo, Éléazar avèk Ithamar: “Pran ofrann sereyal ki toujou rete nan ofrann pa dife SENYÈ a, e manje li san ledven akote lotèl la, paske li sen pase tout. 13Anplis, nou va manje li nan yon lye ki sen akoz ke se dwa ou ak dwa fis ou yo ki sòti nan ofrann pa dife SENYÈ a. Paske, se konsa Mwen te resevwa kòmand lan. 14Sepandan, pwatrin ofrann balanse anlè a ak kwis ofrann ke nou kapab manje nan yon plas ki pwòp la, ou menm avèk fis ou yo, e fi nou yo avèk nou menm. Paske yo te bay a ou menm e a fis ou yo kòm dwa ki sòti nan sakrifis ofrann lapè a fis Israël yo. 15Kwis ke yo te ofri nan leve a, ak pwatrin ke yo te ofri nan ofrann balanse anlè a, yo va pote yo ansanm avèk ofrann pa dife pati grès la, pou prezante kòm yon ofrann leve balanse anlè devan SENYÈ a. Konsa, li va yon bagay ki dwa ou, e dwa fis ou yo avèk ou pou tout tan, jan SENYÈ a te kòmande a.”

16Men Moïse te chache avèk atansyon kabrit ofrann peche a, e vwala, li te fin brile nèt! Donk, li te fache avèk fis Aaron ki te toujou vivan yo, Éléazar avèk Ithamar. Li te di: 17“Poukisa nou pa t manje ofrann peche ki nan lye sen an? Paske li sen pase tout, e Li te bannou li pou efase koupabilite asanble a, pou fè ekspiyasyon pou yo devan SENYÈ a. 18Gade byen, san li pa t pote antre nan sanktyè a. Anverite, nou te dwe manje li nan sanktyè a jan Mwen te kòmande a.”

19Men Aaron te pale avèk Moïse, e te di: “Gade byen, se jou sa a menm ke yo te prezante ofrann peche ak ofrann brile pa yo a devan SENYÈ a. Epi gade bagay konsa yo ki vin rive mwen. Si m te manje yon ofrann peche jodi a, èske li t ap bon nan zye SENYÈ a?” 20Lè Moïse te tande sa, sa te sanble gen bon rezon devan zye li.

Did you know?

Unauthorized Fire and Priestly Conduct

  • Nadab and Abihu, the eldest sons of Aaron, offered unauthorized fire contrary to God's command and died before the sanctuary. Moses then summoned their cousins Mishael and Elzaphan, the sons of Aaron's uncle Uzziel, to carry the bodies outside the camp while still dressed in their priestly tunics.Sources: the Bible text itself · Nadab · Abihu · Uzziel
  • Moses commanded Aaron and his surviving sons, Eleazar and Ithamar, not to tear their garments, dishevel their hair, or leave the entrance of the Tent of Meeting to mourn, because the Lord's anointing oil was upon them.Sources: the Bible text itself · Eleazar · Ithamar
  • God directly commanded Aaron that priests must refrain from drinking wine or fermented drink when entering the Tent of Meeting. This restriction ensured they remained clear-minded to distinguish between the sacred and the common, and between the clean and the unclean.Sources: the Bible text itself · Aaron

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.