Joshua 8
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, SENYÈ a te di a Josué: “Pa pè, ni dekouraje. Pran tout moun lagè yo avèk ou e leve, monte vè Aï. Ou wè, Mwen te mete nan men ou wa Aï a, pèp li a, vil li a ak peyi li a. 2Ou va fè a Aï ak tout wa li a menm jan ke ou te fè Jéricho avèk wa li a. Sèlman, ou va pran pou ou menm kòm piyaj, bèt li yo kòm byen nou sezi pou nou menm. Òganize yon anbiskad pou vil la pa dèyè li.”
3Epi Josué te leve avèk tout moun lagè yo pou monte Aï. Josué te chwazi trant mil mesye, gèrye vanyan, e li te voye yo sòti nan lannwit lan. 4Li te kòmande yo, e te di: “Gade, nou ap fè anbiskad vil la soti pa dèyè li. Pa sòti lwen vil la men nou tout, mete nou touprè.
5“Mwen menm avèk tout moun ki avè m yo, nou va apwoche vil la. Epi lè yo sòti deyò pou rankontre nou kòm yon premye fwa, nou va sove ale devan yo. 6Yo va sòti pou kouri dèyè nou jiskaske nou pati kite vil la, paske yo va di: ‘Y ap sove ale devan nou tankou premye fwa a.’ Konsa, nou va sove ale devan yo. 7Epi nou va leve anbiskad nou e pran posesyon vil la; paske SENYÈ a, Bondye nou an, va livre li nan men nou. 8Alò, li va rive lè nou fin sezi vil la, ke nou va mete dife nan vil la. Nou va fè li selon pawòl SENYÈ a. Nou wè, mwen te kòmande nou an.”
9Konsa, Josué te voye yo ale. Yo te ale nan plas anbiskad la, e yo te rete antre Béthel avèk Aï, nan lwès a Aï; men Josué te pase nwit lan pami moun yo.
10Alò, Josué te leve bonè nan maten, e li te rasanble pèp la, epi li te monte avèk ansyen Israël yo devan pèp la pou ale Aï. 11Tout moun lagè ki te avèk li yo te monte vin toupre. Yo te rive devan vil la, e te fè kan an sou akote nò toupre Aï a. Koulye a te gen yon vale antre yo menm avèk Aï. 12Li te pran anviwon senk mil mesye, e li te plase yo an anbiskad antre Béthel avèk Aï nan kote lwès vil la. 13Konsa, yo te pozisyone moun yo, tout lame ki te nan kote nò vil la ak gad an aryè nan kote lwès vil la. Josué te antre pandan nwit sa a nan mitan vale a.
14Li te vin rive ke lè wa Aï a te wè sa, mesye lavil yo te kouri leve bonè pou sòti rankontre Israël nan batay la, li menm avèk tout pèp li a nan plas chwazi a devan plèn dezè a. Men li pa t konnen ke te gen yon anbiskad kont li dèyè vil la. 15Josué avèk tout Israël te fè pòz kòmsi yo te fin bat devan yo e yo te sove ale pa chemen dezè a. 16Tout pèp ki te nan vil la te rele ansanm pou kouri dèyè yo. Konsa, yo te kouri dèyè Josué e li te rale yo soti kite vil la. 17Konsa, pa t gen yon gason ki rete nan Aï ni Béthel, yo te kite vil la san gade pou te kouri dèyè Israël.
18Epi SENYÈ a te di a Josué: “Lonje lans ki nan men ou an vè Aï; paske Mwen va ba ou li.”
Konsa, Josué te lonje lans ki te nan men l lan vè vil la. 19Mesye nan anbiskad yo te leve vit nan plas yo, epi lè li te lonje men l, yo te kouri antre nan vil la pou te kaptire li. Byen vit, yo mete dife nan vil la.
20Lè mesye Aï yo te gade an aryè, vwala, lafimen vil la te vin leve rive jis nan syèl la. Konsa, yo pa t gen kote pou sove ale, ni isit, ni la, paske moun ki t ap sove ale vè dezè yo te vire kont sila ki t ap swiv yo.
21Lè Josué avèk tout Israël te wè ke fòs anbiskad la te kaptire vil la, e ke lafimen te monte, yo te vire retounen pou touye mesye Aï yo. 22Lòt yo nan vil la te sòti pou rankontre yo. Men yo te kwense nan mitan Israël, yon pati bò isit ak yon pati bò laba, epi yo te touye yo jis pèsòn pa t rete nan sila ki te chape sove ale yo. 23Yo te pran wa Aï a vivan e yo te mennen li kote Josué.
24Alò, lè Israël te fin touye tout abitan Aï yo nan chan dezè a kote yo te kouri dèyè yo, e yo tout te tonbe pa lam nepe jiskaske yo te detwi nèt, alò, tout Israël te retounen Aï pou te frape li avèk lam nepe. 25Tout moun ki te tonbe nan jou sa a, ni lòm ni fanm te douz mil—tout se moun Aï. 26Paske Josué pa t desann men l ki te toujou lonje ak lans lan jiskaske li te fin detwi nèt tout moun ki rete Aï yo. 27Israël te pran sèlman bèt avèk byen sezi a kòm piyaj pa yo, selon pawòl ke SENYÈ a te kòmande Josué a.
28Konsa, Josué te brile Aï. Li te fè li tounen yon pil ranblè jis pou tout tan, yon kote ki dezole jis rive jodi a. 29Li te pann wa Aï a sou yon bwa jis rive nan aswè. Lè solèy la te kouche , Josué te bay lòd pou yo te retire kò li nan bwa a pou te jete li nan antre pòtay vil la, e leve sou li yon gwo pil gwo wòch ki kanpe jis jodi a.
30Konsa, Josué te bati yon lotèl a SENYÈ a, Bondye a Israël la, nan Mòn Ébal. 31Li te fèt jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande fis Israël yo, jan sa ekri nan liv lalwa Moïse la, yon lotèl avèk wòch ki pa taye, sou sila okenn mesye pa voye yon zouti fè. Yo te ofri sou li ofrann brile a SENYÈ a, e te fè sakrifis ofrann lapè yo. 32Josué te ekri la sou wòch yo yon kopi lalwa Moïse la. Li te ekri l nan prezans a fis Israël yo.
33Tout Israël avèk ansyen yo ak ofisye yo ak jij yo te kanpe sou toude kote lach la devan prèt Levit ki te pote lach akò SENYÈ a, etranje kon natif. Mwatye nan yo te kanpe devan Mòn Garizim e mwatye nan yo devan Mòn Ébal, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay kòmand nan oparavan an, pou beni pèp Israël la. 34Epi apre, li te li tout pawòl lalwa yo, benediksyon yo avèk malediksyon yo, selon tout sa ki ekri nan liv lalwa a. 35Pa t gen menm yon mo nan tout sa ke Moïse te kòmande yo ke Josué pa t li devan tout asanble Israël la, avèk fanm ak pitit yo ak etranje ki te rete pami yo.

Did you know?
The Fall of Ai and the Covenant at Mount Ebal
- Ai was the second Canaanite city captured by Israel, located east of Bethel. Joshua used the rugged terrain to set an ambush of troops between Bethel and Ai, feigning a retreat to draw out the defenders before signaling his men to seize and burn the city.Sources: Ai · Bethel (of Palestine) · the Bible text itself
- Following the battle, Joshua built an altar of uncut stones on Mount Ebal, precisely following instructions written in the Law of Moses that forbade using iron tools on altar stones. Burnt offerings and peace offerings were sacrificed there, and a copy of the law was inscribed on the stones.Sources: Mount Ebal · Moses · the Bible text itself
- The entire community of Israel—including native citizens, resident foreigners, women, and children—gathered in the valley between Mount Ebal and Mount Gerizim. Positioned on either side of the Ark of the Covenant, they listened as Joshua read all the blessings and curses of the law.Sources: Mount Ebal · Mount Gerizim · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jericho · Today: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · verse 2
- Arabah · 30.417, 35.151 · verse 14
- Mount Ebal · 32.234, 35.273 · verses 30, 33
- Mount Gerizim · 32.199, 35.273 · verse 33
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org