Joshua 5
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, li te vin rive ke lè tout wa Amoreyen ki te lòtbò Jourdain yo vè lwès ak tout wa Canaran akote lanmè yo, te tande jan SENYÈ a te seche dlo Jourdain an devan fis Israël yo jiskaske yo te travèse, ke kè yo te fonn, e yo pa t gen kouraj nan yo ankò akoz fis Israël yo.
2Nan tan sa a, SENYÈ a te di a Josué: “Fè pou ou menm kouto avèk silèks e sikonsi ankò fis Israël yo pou dezyèm fwa a.” 3Konsa, Josué te fè pou kont li kouto avèk silèks e te sikonsi fis Israël yo nan Gilbreath-Araloth.
4Men rezon pou sila Josué te sikonsi yo a: tout pèp la ki te sòti an Égypte nan gason yo, tout mesye lagè yo, te mouri nan dezè a nan wout lè yo fin kite Égypte. 5Paske tout mesye ki te sòti yo te sikonsi, men tout mesye ki te fèt nan dezè a nan wout la pandan yo sòti an Égypte la pa t ankò sikonsi.
6Paske fis Israël yo te mache karantan nan dezè a, jis tout nasyon an, mesye lagè ki te sòti an Égypte yo, te peri akoz yo pa t koute vwa SENYÈ a, a sila SENYÈ a te sèmante ke Li pa t ap kite yo wè peyi ke SENYÈ a te sèmante bay zansèt pa yo pou bannou an, yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl.
7Timoun ke Li te vin leve pou ranplase yo, Josué te sikonsi yo. Paske yo pa t sikonsi akoz ke yo pa t sikonsi yo nan wout la. 8Alò, lè yo te fin sikonsi tout nasyon an, yo te rete nan plas yo nan kan an jiskaske yo te fin geri.
9Epi SENYÈ a te di a Josué: “Jodi a, Mwen te woule fè sòti wont a Égypte la sou nou menm.” Konsa, jis jodi a, yo rele plas sa a Guilgal.
10Pandan fis Israël yo te rete Guilgal, yo te obsève Pak la nan lannwit katòzyèm jou nan mwa a nan plèn dezè a Jéricho a.
11Nan jou apre Pak la, nan menm jou sa a, yo te manje kèk nan pwodwi tè yo, gato san ledven ak sereyal griye. 12Lamàn te sispann nan jou apre yo te manje kèk nan pwodwi tè yo. Konsa, fis Israël yo pa t gen lamàn ankò, men yo te manje nan donn tè Canaran an pandan ane sa a.
13Alò, li te rive ke lè Josué te toupre Jéricho, li te leve zye li anwo e te gade, vwala, yon nonm te kanpe anfas li avèk nepe li rale nan men l. Josué te pwoche l, e li te di li: “Èske ou pou nou oswa kont nou?”
14Li te reponn: “Non; olye de sa, anverite mwen vini koulye a kòm kapitèn a lame SENYÈ a.” Konsa, Josué te tonbe atè sou figi li. Li te adore l e te di li: “Kisa mèt mwen an gen pou di a sèvitè li?”
15Kapitèn a lame SENYÈ a te di a Josué: “Retire sapat ou nan pye ou, paske plas kote ou kanpe a sen.” Epi Josué te fè l.

Did you know?
Covenant Renewal and the Commander of the Lord's Army
- During the forty years of wandering in the wilderness, the generation of Israelites born on the journey had not been circumcised. After crossing the Jordan, Joshua performed the rite at Gibeath-haaraloth near Gilgal using flint knives, marking the renewal of the covenant and the removal of the reproach of Egypt.Sources: the Bible text itself · Gilgal · Gibeath-haaraloth
- The Israelites celebrated the Passover on the plains of Jericho on the fourteenth day of the month. The day after they ate roasted grain and unleavened bread from the produce of the land of Canaan, the miraculous manna ceased to appear.Sources: the Bible text itself · Jericho · Canaan
- Near Jericho, Joshua encountered a man with a drawn sword who identified himself as the commander of the army of the LORD rather than taking sides. Joshua fell facedown in reverence and was instructed to remove his sandals because the ground on which he stood was holy.Sources: the Bible text itself · Joshua · Jericho
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Great Sea · Today: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · verse 1
- Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verse 1
- Egypt · 30.129, 31.308 · verses 4, 5, 6, 9
- Jericho · Today: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · verses 10, 13
- Canaan · 32.767, 35.333 · verse 12
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org