Nations Bible

Joshua 3

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Josué te leve bonè nan maten. Li menm avèk tout fis Israël yo te kite Sittim pou te rive nan Jourdain an, e yo te fè kan avan yo te travèse.

2Nan fen twa jou, ofisye yo te pase nan mitan kan an. 3Yo te kòmande pèp la e te di: “Lè nou wè lach akò SENYÈ a, Bondye nou an, avèk prèt Levit yo k ap pote li, alò, nou va sòti nan plas nou pou swiv li. 4Sepandan, va gen antre nou ak li yon distans anviwon de mil koude (3,000 pye) pa mezi. Pa vin pi prè li, pou nou kapab konnen chemen ke nap pran, paske nou pa t janm fè wout sa a avan.”

5Konsa, Josué te di a pèp la: “Konsakre tèt nou; paske demen SENYÈ a va fè mèvèy yo nan mitan nou.”

6Josué te pale avèk prèt yo e te di: “Vin leve lach akò a pou travèse lòtbò a avan pèp la.”

7Alò, SENYÈ a te di a Josué: “Jou sa a, Mwen va kòmanse egzalte ou nan zye tout Israël la, pou yo kapab konnen ke menm jan ke M te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou. 8Anplis, ou va kòmande prèt k ap pote lach akò a e di yo: ‘Lè nou rive arebò dlo yo nan Jourdain an, nou va rete kanpe nan dlo Jourdain an.’”

9Konsa, Josué te di a fis Israël yo: “Vin la pou koute pawòl a SENYÈ a, Bondye nou an.” 10Josué te di: “Pa sa nou va konnen ke Bondye vivan an pami nou e ke Li va, anverite, deplase soti devan nou Kananeyen an, Etyen an, Evyen an, Ferezyen an, Gigazyen an, Amoreyen an ak Jebizyen an. 11Gade byen, lach akò SENYÈ a tout latè a ap travèse devan nou antre nan Jourdain an.

12“Alò, pou sa, pran pou nou menm douz mesye soti nan tribi Israël la, yon nonm pou chak tribi. 13Li va rive ke lè pla pye a prèt ki pote lach SENYÈ a, SENYÈ tout latè a, poze nan dlo a Jourdain an, dlo Jourdain an va koupe, e dlo k ap kouri desann soti anwo yo va rete fè yon pil.”

14Pou sa, lè pèp la kite tant pa yo pou travèse Jourdain an avèk prèt k ap pote lach akò a devan pèp la, 15epi lè sila ki te pote lach la te antre nan Jourdain an, epi depi pye a prèt k ap pote lach la te tanmen fonse bò dlo a; (paske Jourdain an toujou depase rivaj li yo pandan tout sezon rekòlt la), 16dlo ki t ap kouri desann soti anwo yo te kanpe, e te leve wo fè yon pil, a yon gran distans de la, nan Adam, vil ki akote Tsarthan an; epi dlo sa yo ki t ap kouri desann vè lanmè Araba a, ak Lamè Sale a, te vin koupe nèt. Konsa pèp la te travèse anfas Jéricho.

17Prèt yo ki t ap pote lach akò SENYÈ a te kanpe fèm sou tè sèk nan mitan Jourdain an pandan tout Israël t ap travèse sou tè sèk, jiskaske tout nasyon an te fin travèse Jourdain an.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Crossing the Jordan River

  • The biblical narrative notes that the Jordan overflowed all its banks during the harvest season, making the crossing an extraordinary challenge. The flow of water was arrested upstream as far as the city of Adam near Zarethan (about thirty miles north), cutting off the waters flowing south into the Salt Sea.Sources: the Bible text itself · Zarethan · Salt Sea
  • Levitical priests carrying the ark of the covenant led the way into the Jordan, with the people commanded to maintain a distance of about two thousand cubits. The priests stood firm on dry ground in the middle of the riverbed until the entire nation finished crossing opposite Jericho.Sources: the Bible text itself · Jericho
  • After serving as Moses' minister during the wilderness wanderings, Joshua was established as Israel's leader before the entire nation through this river crossing, fulfilling God's promise to be with him just as he was with Moses.Sources: the Bible text itself · Joshua · Moses

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verses 1, 8, 11, 13, 14, 15, 17
  • Jericho · Today: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · verse 16
  • Salt Sea · Today: Dead Sea · 31.500, 35.500 · verse 16

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.