Nations Bible

Joshua 18

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, fis Israël yo te vin rasanble yo menm nan Silo e te monte tant asanble a. Peyi a te vin soumèt devan yo. 2Te rete pami fis Israël yo sèt tribi ki potko divize eritaj yo. 3Konsa, Josué te di a fis Israël yo: “Konbyen de tan nou va mete ankò pou nou pa antre pran posesyon peyi a ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te bannou an? 4Bay a tèt nou twa mesye ki sòti nan chak tribi, pou m kapab voye yo e pou yo kab mache nan peyi a, pou ekri yon plan detaye a yo menm selon pwòp eritaj pa yo; epi yo va retounen bò kote mwen. 5Yo va divize li an sèt pòsyon; Juda va rete nan tèritwa pa li nan sid e lakay Joseph la va rete nan tèritwa pa yo nan nò. 6Nou va fè apantaj peyi a an sèt pòsyon e mennen li ban mwen. Mwen va tire yo osò pou nou isit la devan SENYÈ a, Bondye nou an. 7Paske Levit yo pa gen pòsyon pami nou, akoz pozisyon prèt SENYÈ a se eritaj pa yo. Gad avèk Ruben avèk mwatye tribi Manassé a, osi, te resevwa eritaj vè lès, lòtbò Jourdain an, ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te ba yo.”

8Konsa, mesye yo te leve ale. Josué te kòmande sila ki te ale yo: “Ale mache nan tèren an, e founi yon plan apantaj detaye de li e retounen kote mwen. Alò, mwen va tire li osò pou nou soti isit la nan Silo.”

9Konsa, mesye yo te sòti e te pase nan peyi a, yo te fè plan apantaj detaye a. Yo te ekri yon deskripsyon selon vil li yo, sèt divizyon yo nan yon liv. Konsa, yo te retounen vè Josué nan kan an Silo. 10Epi Josué te tire yo osò pou yo nan Silo devan SENYÈ a e la, Josué te divize peyi a pou fis Israël yo selon divizyon pa yo.

11Alò, tiraj osò a pou tribi Benjamin an te monte selon fanmi pa yo e tèritwa osò pa yo a te poze antre fis a Juda yo ak fis a Joseph yo. 12Lizyè pa yo nan kote nò a te soti nan Jourdain an, lizyè a te monte bò kote Jéricho nan nò, li te pase nan peyi ti kolin yo vè lwès e li te fè bout li nan dezè a Beth-Aven an. 13Soti la, lizyè a te kouri vè Luz nan kote sid a Luz (ki se Béthel) vè sid; epi lizyè a te desann vè Athroth-Addar, toupre ti mòn ki sou kote sid a Ba Beth-Horon an. 14Lizyè a te lonje rive e te vire won sou kote lwès la vè sid; soti nan ti mòn ki parèt devan Beth-Horon vè sid; epi li te fè bout li nan Kirjath-Baal (sa vle di Kirjath-Jearim), yon vil a fis a Juda yo. Sa se te kote lwès la. 15Epi kote sid la te soti akote a Kirjath-Jearim e lizyè a te ale vè lwès pou te rive nan fontèn dlo Nephthoach yo. 16Lizyè a te kouri desann rive akote ti mòn ki nan vale Ben-Hinnom, ki nan vale Rephaïm nan vè nò. Epi li te ale desann a vale Hinnom an, nan pant Jebizyen vè sid e te desann jis nan En-Roguel. 17Li te lonje vè nò e te rive nan En-Schémesch ak nan Gueliloth, ki anfas pant Adummim nan. Epi li te desann nan wòch Bohan an, fis a Ruben an. 18Li te kontinye akote pa devan Araba a vè nò e te desann rive nan Araba. 19Lizyè a te kontinye vè akote Beth-Hogla vè nò; epi lizyè a te fè bout li nan dlo nò a Lamè Sale a, nan pwent sid a Rivyè Jourdain an. Sa se te lizyè sid la. 20Anplis, Jourdain an te lizyè li nan kote lès. Sa se te eritaj a fis Benjamin yo, selon fanmi pa yo ak selon lizyè li yo toupatou. 21Alò, vil pou tribi a fis Benjamin yo selon fanmi pa yo se te Jéricho, Beth-Hogla, Émek-Ketsits, 22Beth-Araba, Tsemaraïm, Béthel, 23Avvim, Para, Ophra, 24Kephar-Ammonaï, Ophni, epi Guéba; douz vil yo, avèk bouk pa yo. 25Gabaon, Rama, Beéroth, 26Mitspé, Kephira, Motsa, 27Rékem, Jirpeel, Thareala, 28Tséla, Éleph, Jebus, ki se Jérusalem, Guibeath ak Kirjath; Sa se eritaj a fis Benjamin yo selon fanmi pa yo.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Assembly at Shiloh and Benjamin's Allotment

  • The assembly of Israel established the Tent of Meeting at Shiloh, a city in Ephraim north of Bethel. This made Shiloh the central place of worship and the staging ground for distributing the remaining land to the tribes.Sources: the Bible text itself · Shiloh
  • To divide the territory among the seven remaining tribes, Joshua sent three men from each tribe to walk the land and record a detailed description of seven portions. Joshua then cast lots in the presence of the LORD at Shiloh to assign each allotment.Sources: the Bible text itself
  • The first lot among the seven tribes fell to Benjamin, situated between the territories of Judah to the south and the house of Joseph to the north. This compact allotment included prominent cities such as Jericho, Bethel, and Jebus (Jerusalem).Sources: the Bible text itself · Benjamin (patriarch)

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Shiloh · Today: Khirbet Seilun · 32.056, 35.290 · verses 1, 8, 9, 10
  • Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verses 7, 12, 19, 20
  • Jericho · Today: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · verses 12, 21
  • Lower Beth-horon · Today: Beit Ur al Tahta · 31.895, 35.084 · verse 13
  • Luz · Today: Beitin · 31.923, 35.241 · verse 13
  • Beth-horon · Today: Beit Ur al Tahta · 31.895, 35.084 · verse 14
  • Kiriath-jearim · Today: Deir el Azar · 31.809, 35.104 · verses 14, 15, 28
  • Valley of Hinnom · Today: Hinnom Valley · 31.769, 35.228 · verse 16
  • Valley of Rephaim · 31.763, 35.219 · verse 16
  • Adummim · 31.817, 35.362 · verse 17
  • Arabah · 30.417, 35.151 · verse 18
  • Salt Sea · Today: Dead Sea · 31.500, 35.500 · verse 19
  • Gibeon · Today: El Jib · 31.847, 35.183 · verse 25
  • Mizpeh · Today: Tell en Nasbeh · 31.885, 35.216 · verse 26
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 28

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.