Joshua 14
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, sila yo se tèritwa ke fis Israël yo te eritye nan peyi Canaran an, ke Éléazar, prèt la ak Josué, fis a Nun nan, ak chèf kay nan tribi a fis Israël yo te divize bay yo kòm eritaj yo, 2selon tiraj osò eritaj pa yo, jan SENYÈ a te kòmande a, pa Moïse pou nèf tribi avèk mwatye tribi a. 3Paske Moïse te bay eritaj la a de tribi avèk mwatye tribi lòtbò Jourdain an. Men li pa t bay yon eritaj a Levit ki te pami yo. 4Paske fis Joseph yo te de tribi, Manassé avèk Éphraïm, e yo pa t bay yon pòsyon a Levit nan peyi yo, sof ke vil pou yo viv ladan yo, avèk tèren pa yo pou bèt pa yo ak pou byen pa yo. 5Konsa, fis Israël yo te fè jan SENYÈ a te kòmande Moïse la. Yo te divize tèren an.
6Alò, fis Juda yo te pwoche toupre Josué nan Guilgal ak Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an. Yo di li: “Ou konnen pawòl ke SENYÈ a te pale a Moïse, nonm Bondye a, konsènan ou menm avèk mwen nan Kadès-Barnéa. 7Mwen te gen karantan lè Moïse, sèvitè SENYÈ a, te voye mwen sòti nan Kadès Barnéa pou fè espyonaj peyi a. Mwen te mennen pawòl la retounen kote li jan li te ye nan kè m nan. 8Sepandan, frè m ki te monte avè m yo te fè kè a pèp la fann avèk laperèz; men Mwen te swiv SENYÈ a, Bondye mwen an nèt.” 9Konsa, Moïse te sèmante nan jou sa a, e li te di: “Vrèman peyi a sila pye ou te foule a va vin yon eritaj pou ou menm ak pitit ou yo pou tout tan, akoz ou te swiv SENYÈ a, Bondye mwen an nèt.”
10“Koulye a, gade byen, SENYÈ a te kite mwen viv pandan karant-senk ane sa yo, jis jan ke Li te pale a, soti nan tan sila a ke SENYÈ a te pale pawòl sa a Moïse la, lè Israël te mache nan dezè a. Epi koulye a, gade byen, jodi a mwen gen katreven senk ane. 11Mwen gen menm fòs jodi a ke m te gen nan jou Moïse te voye mwen an. Tankou fòs mwen te gen nan moman sa a, se konsa fòs mwen ye koulye a, pou fè lagè ak antre sòti. 12Alò, koulye a, ban m peyi ti kolin yo sa ke SENYÈ a te pale nan jou sa a. Paske ou te tande nan jou sa a ke Anakim yo te la avèk gran vil byen fòtifye. Li kapab ke SENYÈ a va avè m, e mwen va chase yo sòti ladann jan SENYÈ a te pale a.”
13Alò, Josué te beni li e te bay Hébron a Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an jis rive jodi a kon eritaj li. Paske li te swiv SENYÈ a, Bondye Israël la nèt. 14Konsa, Hébron te devni eritaj Caleb, fis a Jephunné, Kenyen an, jis rive jou sa a, akoz li te swiv SENYÈ a nèt. 15Alò, non ansyen a Hébron an se te Kirjath-Arba, paske Arba te moun pi gran pami Anakim yo.
Answit, peyi a te vin gen repo san fè lagè.

Did you know?
Caleb's Inheritance and the Division of Canaan
- The distribution of land west of the Jordan was led by the high priest Eleazar, Joshua, and tribal heads using lots for nine and a half tribes. The tribe of Levi received no territorial territory, receiving only cities with pasturelands, while Joseph's sons, Ephraim and Manasseh, formed two distinct tribal inheritances.Sources: the Bible text itself · Eleazar · Joseph (son of Jacob)
- At eighty-five years of age, Caleb approached Joshua at the camp in Gilgal to request the fortified hill country of Hebron, recalling the promise Moses made forty-five years earlier at Kadesh-barnea. The city of Hebron was previously known as Kiriath-arba, named after Arba, the greatest man among the Anakim.Sources: the Bible text itself · Caleb · Hebron · Kadesh-barnea
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Canaan · 32.767, 35.333 · verses 1, 7, 9
- Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verse 3
- Hebron · Today: Tel Rumeida · 31.525, 35.102 · verses 13, 14, 15
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org