Nations Bible

Job 36

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, Élihu te kontinye. Li te di:

2Tann mwen yon ti kras, e mwen va montre ou;

jiska prezan, gen anpil bagay ankò pou di sou pati Bondye.

3M ap prale chache lespri m soti byen lwen;

mwen va fè prèv ladwati a Kreyatè mwen an.

4Paske anverite, pawòl mwen yo pa fo.

Youn ki pafè nan konesans se avèk ou.

5Gade byen, Bondye pwisan, men li pa meprize pèsòn;

Li pwisan nan fòs konprann pa Li.

6Li pa konsève lavi a mechan yo,

men Li bay jistis a aflije yo.

7Li pa retire zye Li sou moun ladwati yo;

men avèk wa ki chita sou twòn yo,

li bay yo chèz jis pou tout tan, e yo leve wo.

8Si yo mare ak gwo fè, e mare nèt nan kòd aflije yo,

9konsa, Li fè yo konnen travay yo,

ak transgresyon yo;

ke yo te leve tèt yo wo ak ògèy.

10Li ouvri zòrèy yo pou yo ka enstwi,

e pase lòd pou yo retounen, kite inikite a.

11Si yo tande e sèvi Li, yo va fè dènye jou yo nan abondans,

e ane pa yo va ranpli ak rejwisans.

12Men si yo pa tande, yo va peri pa nepe;

yo va mouri san konesans.

13Men enkwayan yo ranmase lakòlè;

yo refize kriye sekou lè L mare yo.

14Yo mouri nan jenès yo,

e lavi yo vin pèdi pami pwostitiye tanp yo.

15Li delivre aflije yo nan afliksyon yo,

e ouvri zòrèy yo nan tan opresyon yo.

16Wi, anverite Li t ap mennen ou

lwen bouch gwo twoub la,

pou ou jwenn yon plas ki laj, e san limit.

Konsa, sa ki plase sou tab ou, ta plen ak grès.

17Men ou te ranpli ak jijman sou mechan yo;

se jijman ak jistis ki te posede ou.

18Pa kite richès ou mennen ou nan lakòlè,

ni pa kite gwosè sa a k ap vèse sou tab

fè ou vire akote.

19Èske richès ou yo ta fè ou evite gwo twoub la?

Oswa èske tout fòs pwisans ou ta ka anpeche l rive?

20Pa fè lanvi pou lannwit,

moman an ke moun koupe retire nèt sou plas yo.

21Fè atansyon; pa vire kote mal la,

paske ou te chwazi sa a olye afliksyon an.

22Gade byen, Bondye byen wo nan pouvwa Li.

Ki pwofesè ki tankou Li?

23Se kilès ki te dirije L pou pran chemen Li an?

Epi kilès ki ka di L ‘Ou antò a?’

24Sonje ke ou dwe leve zèv Li yo wo,

sa yo sou sila moun te konn chante yo.

25Tout moun konn wè sa.

Lòm gade l soti lwen.

26Gade byen, Bondye leve wo, men nou pa konnen Li.

Fòs kantite ane Li yo pa kab dekouvri menm.

27Konsa, Li rale fè monte gout dlo yo.

Yo fòme fè lapli ki sòti nan vapè,

28ke nwaj yo fè vide desann.

Yo vin lage sou lòm an fòs kantite.

29Èske pèsòn kab konprann jan nwaj yo vin gaye,

ak tonnè k ap gwonde anwo plafon tant Li an?

30Gade byen, Li gaye limyè Li toupatou Li.

Li kouvri fon lanmè yo.

31Paske se avèk sa a ke li jije pèp yo.

Li bay yo manje an gran kantite.

32Li kouvri men Li ak eklè la,

e pase lòd pou l frape sou mak la.

33Bri li deklare prezans Li;

menm tout bèt yo konnen sa k ap vin rive a.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Elihu Proclaims God’s Justice and Power

  • Elihu presents suffering as a form of divine discipline, arguing that God binds people in affliction to expose their pride, open their ears to correction, and turn them away from wrongdoing.Sources: Elihu · the Bible text itself
  • Toward the end of the chapter, Elihu points to the natural world to illustrate God's unsearchable majesty, describing how God draws up drops of water to produce rain from mist and commands clouds, thunder, and lightning across the sky.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.