Nations Bible

Job 24

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1“Poukisa Toupwisan an pa mete tan nan rezèv?

E poukisa sila ki konnen Li yo pa wè jou Li yo?

2Kèk retire limit bòn yo.

Yo sezi e devore bann mouton yo.

3Yo pouse fè ale bourik a òfelen yo,

yo pran bèf a vèv la kon garanti.

4Yo pouse endijan yo akote wout la.

Malere peyi a oblije kache nèt.

5Gade byen, kon bourik mawon nan dezè a,

yo vin parèt pou chache manje.

Dezè a bay yo anpil manje pou pitit yo.

6Yo rekòlte nan chan a lòt yo,

e ranmase nan chan rezen a mechan yo.

7Yo pase lannwit lan toutouni san rad,

e yo pa gen pwotèj kont fredi a.

8Yo mouye ak lapli mòn yo,

e yo anbrase wòch yo akoz mank pwotèj yo.

9Lòt yo sezi òfelen an soti nan tete a,

e kont malere a, yo pran garanti.

10Se yo ki koz malere a ale toutouni san rad,

k ap pote pakèt akoz grangou.

11Anndan miray moun sa yo, yo pwodwi lwil.

Yo foule li nan preswa, men yo swaf.

12Depi nan vil la, moun yo plenyen fò,

e nanm a sila ki blese yo pouse gwo plent,

men Bondye pa prete atansyon de foli sa a.

13“Gen lòt moun ki fè rebèl kont limyè a.

Yo pa vle konnen pa li,

ni rete nan chemen li yo.

14Asasen an leve granmmaten.

Li touye malere a ak endijan an.

Nan lannwit, se yon vòlè li ye.

15Zye adiltè a tann lannwit rive;

li di: ‘Zye p ap janm wè m.’

Li kouvri figi li.

16Nan fènwa, yo fouye anndan kay yo.

Yo fèmen yo menm pandan jounen an.

Yo pa konnen limyè.

17Paske pou li maten se menm jan ak fènwa a byen pwès,

tèlman li abitye ak gwo perèz nan fènwa pwès la.

18“Se kim yo ye k ap monte sou dlo.

Pòsyon pa yo modi sou latè.

Yo pa tankou chan rezen yo.

19Sechrès ak chalè manje dlo lanèj la.

Menm jan tou, Sejou Lanmò fè sila ki te peche yo.

20Vant manman an va bliye li.

Vè va manje li byen dous,

jiskaske moun pa sonje l ankò.

Konsa, mechanste la va kase tankou yon pyebwa.

21Li fè tò a fanm esteril la.

Li pa gen mizerikòd pou li.

22Men Bondye konsève pwisan an pa lafòs Li.

Li vin gwo, men lavi li pa asire.

23Bondye bay yo sekirite e yo repoze ladan l.

Zye Li veye tout sa yo fè.

24Yo leve wo pou yon ti tan, e yo ale.

Konsa, yo vin rale ba e tankou tout lòt bagay, yo pote ale.

Menm tankou tèt sereyal, yo koupe, yo retire.

25Alò, si se pa konsa li ye, se kilès ki kab fè prèv

ke m bay manti, oswa anile pawòl mwen yo?”

Did you know?

Job Questions the Delay of Justice

  • Moving boundary stones and seizing working animals, such as a widow's ox or an orphan's donkey, as pledges for debt were devastating forms of exploitation. Job highlights how these predatory practices forced the poorest families off their land and into the wilderness to forage for survival like wild donkeys.Sources: the Bible text itself
  • Job portrays criminals who operate under cover of darkness, such as murderers, thieves who dig through walls, and disguised adulterers. He laments that while these wrongdoers actively avoid the light, God often seems to delay establishing fixed, visible times of judgment to stop them.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.